Ekriti yo
Mozya 23


Istwa Alma ak pèp Senyè a pèp wa Noye a te chase ale nan dezè a.

Depi nan chapit 23 jouk nan 24.

Chapit 23

Alma pa vle vin wa—Li sèvi kòm gran prèt—Senyè a pini pèp Li a, epi Lamanit yo okipe peyi Elam nan—Amilon, chèf prèt mechan Wa Noye yo, dirije sou lòd wa Lamanit yo. Anviwon 145–121 anvan Jezikri.

1 Kounyeya senyè a te avèti Alma, lame wa Noye a ta pral tonbe sou yo; li te fè pèp la konn sa, epi yo te rasanble bèt ak manje yo, epi yo te pati nan dezè a devan lame wa Noye a.

2 Epi, Senyè a te ba yo fòs; pèp wa Noye a pa t kapab jwenn yo pou l detwi yo.

3 Epi, yo te kouri pandan yuit jou nan dezè a.

4 Epi, yo te jwenn yon peyi, wi, yon bèl peyi ki te byen agreyab, yon peyi ki te gen bon dlo klè.

5 Yo te plante tant yo e yo te kòmanse kiltive tè a, e yo te kòmanse bati kay; wi yo te bon travayè e yo te travay anpil.

6 Epi, pèp la te vle pou Alma vini wa yo, paske pèp la te renmen l.

7 Men li te di yo: gade, li pa nesesè pou nou gen yon wa paske Senyè a di konsa: Nou pa dwe bay yon moun aplis valè pase yon lòt; oubyen, yon moun pa dwe panse li pi wo pase yon lòt; se poutèt sa, m di nou, li pa nesesè pou nou gen yon wa.

8 Men, si se posib pou nou ta toujou gen nonm jis kòm wa, li tap bon pou nou ta gen wa.

9 Men, sonje ainikite wa Noye ak prèt li yo; e menm mwen, m te pran nan bpyèj, e m te fè anpil bagay abominab devan je Senyè a, ki te fè repantans mwen difisil.

10 Men, apre anpil atribilasyon, Senyè a te koute kri mwen yo; li te tande priyè m, e li fè m tounen yon zouti nan men l pou m te mennen banpil nan nou nan konesans verite li a.

11 Men, m pa glorifye tèt mwen nan bagay sa a, paske m pa diy pou m glorifye tèt pa m.

12 Epi, kounyeya, m di nou, wa Noye te oprime nou, nou te nan esklavaj anba men l ak anba men prèt li yo, e yo te fè nou tonbe nan inikite; se poutèt sa, akòd inikite te mare nou.

13 Epi kounyeya, kòm pouvwa Bondye te delivre nou anba kòd sa a; wi, anba men wa Noye ak pèp li a, ak anba kòd inikite a, se menm jan sa a m vle pou nou akanpe solid nan blibète nou genyen an; epi pou nou pa mete konfyans nou nan cokenn moun pou vin wa sou tèt nou.

14 Epi, pa mete konfyans nan pèsonn pou vin aenstriktè nou ak pastè nou eksepte si li se yon moun Bondye, ki mache nan chemen li a e ki respekte kòmandman l yo.

15 Se konsa Alma te ansenye pèp li a, chak moun dwe arenmen pwochen l tankou tèt pa l, yon fason pou pa t gen bchirepit nan pami yo.

16 Epi kounyeya Alma te agran prèt yo; se limenm ki te fonde legliz yo a.

17 Epi, se te konsa, pèsonn pa t resevwa aotorite pou ansenye oubyen pou yo ansenye, si se pa nan men Bondye. Se poutèt sa, Alma te konsakre tout prèt ak tout enstriktè yo, e yo youn pa t konsakre si yo pa t moun jis.

18 Se poutèt sa, yo te voye je sou pèp yo a, e yo te anouri yo avèk nouriti lajistis.

19 Epi, se te konsa, yo te kòmanse pwospere anpil nan peyi a; e yo te rele peyi a Elam.

20 Epi, se te konsa, yo te miltipliye e yo te pwospere anpil nan peyi Elam nan, e yo te bati yon vil; yo te rele l vil Elam nan.

21 Men, Senyè a te wè l nesesè pou l achatye pèp li a; wi, li te teste bpasyans yo ak lafwa yo.

22 Se poutèt sa, nenpòt moun ki mete akonfyans nan li, y ap bleve nan dènye jou a. Wi, e se konsa sa te ye pou pèp sa a.

23 Paske gade, m ap fè w wè yo te tonbe nan esklavaj, e pèsonn pa t kapab delivre yo, eksepte Senyè Bondye yo a; wi, Bondye Abraram, ak Izarak ak Jakòb la menm.

24 Epi, se te konsa, li te delivre yo, e li te montre yo gran pouvwa l, e yo te rejwi anpil.

25 Epi gade, se te konsa, pandan yo te nan peyi Elam nan; wi, nan vil Elam nan, pandan yo t ap laboure tè nan antouraj la, yon lame Lamanit yo te sou fwontyè peyi a.

26 Kounyeya, se te konsa, frè Alma yo te kouri kite jaden yo, e yo te rasanble ansanm nan vil Elam nan; e yo te pè anpil, poutèt prezans Lamanit yo.

27 Men, Alma t al kanpe nan mitan yo e li te egzòte yo pou yo pa pè, men pou yo sonje Senyè, Bondye yo a, e li t ap delivre yo.

28 Se poutèt sa, yo te chase lakrent yo, e yo te kòmanse kriye bay Senyè a pou l kapab touche kè Lamanit yo, pou yo epaye lavi yo, lavi madanm ak lavi pitit yo.

29 Epi, se te konsa, Senyè a te touche kè Lamanit yo. E Alma ak frè l yo te ale e yo te livre tèt yo bay Lamanit yo, e Lamanit yo te pran posesyon peyi Elam nan.

30 Kounyeya lame Lamanit ki te suiv pèp wa Limi a te pèdi nan dezè a pandan anpil jou.

31 Epi gade, yo te jwenn prèt wa Noye yo yon kote yo te rele Amilon; yo te kòmanse posede peyi Amilon an e yo te kòmanse kiltive tè a.

32 Kounyeya chèf prèt yo te rele Amilon.

33 Epi, se te konsa, Amilon te plede anpil avèk Lamanit yo, e li te voye madanm yo, ki te apitit fi Lamanit yo, pou plede avèk frè yo, pou yo pa detwi mari yo.

34 Epi, Lamanit yo te gen akonpasyon pou Amilon ak frè l yo, e yo pa t touye yo poutèt madanm yo.

35 Amilon ak frè l yo te mete ansanm ak Lamanit yo, e yo t ap vwayaje nan dezè a pou yo chèche peyi Nefi a lè yo te dekouvri peyi Elam nan, peyi sa a Alma ak frè l yo te posede a.

36 Epi, se te konsa, Lamanit yo te pwomèt Alma ak frè l yo lavi ak libète pou yo kapab montre Lamanit yo chemen ki mennen nan peyi Nefi a.

37 Men apre, lè Alma te fin montre yo chemen ki mennen nan peyi Nefi a, Lamanit yo pa t respekte pwomès yo; yo te mete agad antoure peyi Elam nan pou bare Alma ak frè l yo.

38 Epi, rès yo te ale nan peyi Nefi a, e yon pati ladan yo te retounen nan peyi Elam nan, e yo te mennen madanm yo ak pitit gad ki te rete nan peyi a avèk yo.

39 Epi, wa Lamanit yo te akòde Amilon pou l tounen wa ak dirijan sou tèt pèp li a, ki te nan peyi Elam nan; men, li pa t gen pouvwa fè anyen ki te kontrè avèk volonte wa Lamanit yo.