Ekriti yo
Mozya 26


Chapit 26

Enkwayan yo mennen anpil manm Legliz la nan peche—Alma resevwa pwomès lavi etènèl—Moun ki repanti e ki batize yo jwenn padon—Manm Legliz nan peche yo, ki repanti e ki konfese devan Alma ak Senyè a ap jwenn padon; otreman, yo p ap konte nan pami pèp Legliz la. Anviwon 120–100 anvan Jezikri.

1 Kounyeya, se te konsa, te gen anpil nan jenerasyon ki t ap leve a ki pa t kapab konprann pawòl wa Benjamen yo, yo te timoun piti lè l te pale avèk pèp li a, e yo pa t kwè nan tradisyon papa yo.

2 Yo pa t kwè pawòl ki te pale konsènan rezirèksyon mò yo, epi tou, yo pa t kwè konsènan Kris ki te gen pou l vini an.

3 Epi, poutèt enkwayans yo, yo pa t kapab akonprann pawòl Bondye, e kè yo te di.

4 Epi yo pa t vle batize ni rantre nan legliz la. Yo te yon pèp apa daprè lafwa yo, e yo te toujou rete nan eta achanèl ak peche yo; paske yo pa t vle priye Senyè a, Bondye yo a.

5 Epi kounyeya sou rèy Mozya a, yo pa t mwatye pèp Bondye a, men, poutèt ahinghang nan pami frè legliz yo, yo te vin plis.

6 Paske se te konsa, yo te twonpe anpil moun ki te nan legliz la avèk flatri, e yo fè yo fè anpil peche; se poutèt sa, li te nesesè pou legliz la aavèti manm li yo ki te fè peche.

7 Epi, se te konsa, yo te mennen yo devan prèt yo, enstriktè yo te mennen yo devan prèt yo, e prèt yo te mennen yo devan Alma ki te agran prèt la.

8 Kounyeya, Wa Mozya te bay Alma otorite sou legliz la.

9 Epi, se te konsa, Alma pa t konnen yo, men te gen yon pakèt temwen kont yo; wi, pèp la te kanpe e li te temwaye konsènan tout inikite yo.

10 Kounyeya bagay konsa pa t konn pase nan legliz la anvan sa; se poutèt sa, Lespri Alma te twouble e li te fè mennen yo devan wa a.

11 Epi, li te di wa a: Men yon pakèt moun nou mennen devan w. Frè yo te akize yo; wi, yo te bare yo nan anpil inikite. Epi, yo pa t repanti nan inikite yo, se poutèt sa, nou mennen yo devan w pou ou jije yo daprè krim yo te fè.

12 Men, wa Mozya te di Alma: M p ap jije yo, men m ap aremèt yo nan men w pou ou jije yo.

13 Epi kounyeya Lespri Alma te twouble ankò, e li t al mande Senyè a ki sa pou l fè konsènan zafè sa a, paske li te pè pou l pat fè sa ki pa bon devan Bondye.

14 Epi, se te konsa, lè l te fin louvri tout nanm li bay Bondye, vwa Senyè a te fè l tande l; li di:

15 Ou beni, Alma, epi moun ki te batize nan adlo Mòmon an yo, beni tou. Ou beni poutèt gwo blafwa ou genyen nan sèl pawòl Abinadi yo, sèvitè m nan.

16 Epi, yo beni, poutèt gwo lafwa yo genyen nan sèl pawòl ou te pale yo.

17 Epi ou beni paske w te tabli yon alegliz nan pami pèp sa a; yo pral tabli, e se pèp mwen yo pral ye.

18 Wi, pèp sa a ki vle pote non m nan beni, paske se anon m yo ap pote, e yo se pèp mwen.

19 Epi, paske w te poze m kesyon sou pechè yo, ou beni.

20 Se sèvitè m ou ye; e m fè alyans avèk ou, konsa w ap gen alavi etènèl; e w ap sèvi m, e ou prale nan non m pou ou rasanble brebi m yo ansanm.

21 E yon moun ki tande vwa m, li ap tounen abrebi pa m, e se moun sa a pou ou resevwa nan legliz la, e se li m ap resevwa tou.

22 Paske gade, sa a se legliz mwen an, nenpòt moun ki abatize, ap batize nan repantans. Epi, nenpòt moun ou resevwa, ap kwè nan non m, e m ap bpadone l libelibè.

23 Paske se mwen ki apran peche mond lan sou tèt mwen; paske se mwen ki te bkreye yo; epi se mwen ki bay moun ki kwè jiskalafen yo yon plas bò kote dwat mwen.

24 Paske gade, se non m yo pote; si yo akonnen m y ap vini, epi y ap gen yon plas bò kote dwat mwen pou tout tan gen tan.

25 Epi, se pral konsa, lè adezyèm twonpèt la sonnen, lè sa a, moun ki pa t janm bkonnen m yo, ap leve pou yo kanpe devan m.

26 Epi, lè sa a, yo ap konnen m se Senyè a, Bondye yo a, m se Redanmtè yo a; men, yo p ap rachte.

27 Epi, lè sa a, m ap fè yo konnen m pa t janm akonnen yo; e yo ap bpati al nan cdife ki p ap janm fini an, ki te prepare pou dyab la ak zanj li yo.

28 Se poutèt sa, m di w, moun ki apa tande vwa m, ou pa dwe resevwa l nan legliz mwen an paske m p ap resevwa l nan dènye jou a.

29 Se poutèt sa, m di w, Ale; nenpòt moun ki transgrese kont mwen, ajije l bdapre peche li fè; si l ckonfese peche l devan w ak devan m, epi drepanti avèk yon kè sensè, ou dwe epadone l e m ap padone l tou.

30 Wi, epi adepi pèp mwen an brepanti, m ap padone peche yo fè kont mwen.

31 Epi, youn adwe padone lòt pou peche yo; paske, tout bon, m di w, moun ki pa padone pwochen l, lè li di li repanti, li rale kondanasyon sou tèt li.

32 Kounyeya, m di w, Ale; moun ki pa repanti nan peche yo, p ap fè pati pèp mwen an, e se sa k ap fèt depi kounyeya, pou tout tan.

33 Epi, se te konsa, lè Alma te tande pawòl sa yo, li te ekri yo pou l te kapab genyen yo, pou l jije pèp legliz la daprè kòmandman Bondye yo.

34 Epi, se te konsa, Alma te al jije moun yo te pran nan inikite yo daprè pawòl Senyè a.

35 Epi, tout moun ki te repanti pou peche yo, e ki te akonfese yo, li te mete yo nan pami pèp legliz la.

36 Epi, moun ki pa t konfese peche yo e ki pa t repanti nan inikite yo, li pa t mete yo nan pami pèp legliz la, e non yo te aefase.

37 Epi, se te konsa, Alma te regle tout zafè legliz la; yo te kòmanse gen lapè ankò, e yo te kòmanse pwospere anpil nan zafè legliz la, yo te mache avèk prekosyon devan Bondye; yo te resevwa anpil moun, yo te batize anpil moun.

38 Se tout bagay sa yo Alma ak frè nan legliz yo te fè; yo te mache avèk anpil dilijans, yo te ansenye pawòl Bondye nan tout bagay, yo te soufri tout kalite afliksyon, tout moun ki pa t nan legliz Bondye a te pèsekite yo.

39 Epi, yo te avèti frè yo, e pawòl Bondye te aavèti yo tou daprè peche yo, oubyen, daprè peche yo te fè, Bondye te ba yo kòmandman pou yo bpriye san rete, e pou yo cdi mèsi pou tout bagay.