Ekriti yo
Mozya 27


Chapit 27

Mozya entèdi pèsekisyon e egzije egalite—Jèn Alma a ak kat pitit Mozya yo chèche pou yo detwi legliz la—Yon zanj parèt, epi li kòmande yo pou yo sispann move chemen an—Alma tonbe bouch be—Tout moun dwe nedenouvo pou yo kapab sove—Alma ak pitit Mozya yo deklare bon nouvèl la. Anviwon 100–92 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, pèsekisyon moun ki pa t manm legliz yo te bay moun ki te manm legliz yo te tèlman di, legliz la te kòmanse plenyen, yo te plenyen bay dirijan yo konsènan zafè a, e dirijan yo te plenyen bay Alma, e Alma te prezante sitiyasyon an devan wa yo a, Mozya, e Mozya te konsilte prèt li yo.

2 Epi, se te konsa, wa Mozya te voye yon pwoklamasyon nan tout peyi a, pou okenn enkredil pa t apèsekite moun ki te fè pati legliz Bondye a.

3 Epi, te gen yon kòmandman nan tout legliz la pou pa t gen pèsekisyon nan pami yo, pou te gen aegalite ant tout moun;

4 Pou yo pa t kite lògèy ak awogans deranje alapè yo; pou tout moun bestime pwochen l tankou tèt pa l, pou yo travay avèk men pa yo pou sipòte yo.

5 Wi, epi pou tout prèt ak tout enstriktè atravay avèk men pa yo pou yo okipe tèt yo nan tout kondisyon, eksepte si yo malad ak si yo gen anpil bezwen; e lè yo fè sa, yo jwenn bgras Bondye avèk abondans.

6 Epi, te kòmanse gen anpil lapè nan peyi a ankò; pèp la te kòmanse anpil, li te kòmanse gaye sou sifas tè a; wi, nan nò ak nan sid, nan lès ak nan lwès, yo te bati gwo vil ak vilaj nan kat kwen peyi a.

7 Epi Senyè a te vizite yo e li te fè yo pwospere, e yo te vin tounen yon gwo pèp rich.

8 Kounyeya pitit gason Mozya yo te nan pami enkredil yo; youn nan apitit gason Alma yo te nan pami yo tou; li te rele Alma, menm jan avèk papa l; men, li te vin tounen yon nonm mechan anpil, li te vin bidolat tou. Li te konn pale byen, eli te pale anpil flatri bay pèp la, se poutèt sa, li te fè anpil moun nan pèp la fè menm kalite inikite ak li.

9 Epi, li te vin tounen yon gwo obstak pou pwosperite legliz Bondye a; li te avòlè kè pèp la; li te lakoz hing hang nan pami pèp la; li te bay ènmi Bondye a yon chans pou l egzèse pouvwa sou yo.

10 Epi kounyeya, se te konsa, pandan li ta pral detwi legliz Bondye a, paske li ta pral detwi legliz la an sekrè avèk pitit Mozya yo, pou l egare pèp Senyè a, pou kontredi kòmandman Bondye yo, oubyen menm kòmandman wa a—

11 Epi, jan m te di w pandan yo ta pral a rebelyon kont Bondye, bzanj Senyè a te cparèt devan yo; li te desann kòm si l te nan yon nyaj, e li te pale ak yon vwa loray ki fè tè kote l te kanpe a tranble;

12 Epi, yo te tèlman sezi, yo te tonbe atè, e yo pa t konprann pawòl li te pale yo.

13 Men, li te rele ankò, li di: Alma, leve kanpe; poukisa w ap pèsekite legliz Bondye a? Paske Senyè a te di: aSe legliz mwen an, m ap tabli l, e anyen pa kapab chavire l, eksepte transgresyon pèp mwen an.

14 Epi, zanj lan te di ankò: gade Senyè a te tande apriyè pèp li a ak priyè Alma, sèvitè l la, papa w, paske li te priye avèk anpil lafwa pou w kapab vin konnen verite; se poutèt sa, m vini pou m konvenk ou, pou w konnen pouvwa ak otorite Bondye, pou konnen bpriyè sèvitè l yo kapab gen repons daprè lafwa yo.

15 Epi kounyeya gade, èske ou kapab kontrekare pouvwa Bondye? Paske gade, èske vwa m pa fè tè a tranble? Epi, èske ou pa kapab wè m devan w? Se Bondye ki te voye m.

16 Kounyeya m ap di w: Ale, e sonje kaptivite zansèt ou yo nan peyi Elam ak peyi Nefi a, e sonje gwo bagay Bondye te fè pou yo; paske yo te nan esklavaj, e li te adelivre yo. Epi kounyeya, m di nou, Alma, al fè wout ou, pa chèche detwi legliz la ankò, pou priyè yo kapab jwenn repons, menm si ou gen pou w pini.

17 Epi kounyeya, se te konsa, se dènye pawòl zanj la te pale Alma, e li te pati.

18 Epi, kounyeya Alma ak moun ki te avèk li yo te tonbe atè a ankò paske yo te sezi anpil, paske yo te wè yon zanj Senyè a avèk je pa yo, vwa l te tankou loray ki te fè tè a tranble, e yo te konnen anyen pa ta kapab fè tè a tranble, si se pa t pouvwa Bondye, epi ki te fè l tranble tankou l ta pral fann.

19 Epi kounyeya Alma te tèlman sezi, li te vin bèbè, li pa t kapab ouvè bouch li; wi, e li te vin fèb tèlman, li pa t kapab bouje men l; se poutèt sa, moun ki te avèk li yo te pran l, e yo te pote l san konesans, jiskaske yo te mete l devan papa l.

20 Epi, yo te rakonte papa l tout sa k te pase yo; e papa l te kontan paske li te konnen se te pouvwa Bondye.

21 Epi, li te fè anpil moun rasanble ansanm pou yo kapab temwaye sa Senyè te fè pou pitit li a ak lòt moun ki te avèk li yo.

22 Epi, li te fè prèt yo rasanble ansanm, e yo te kòmanse jene ak priye pou Senyè Bondye yo a te kapab ouvè bouch Alma pou l kapab pale, e pou manm li yo te kapab jwenn fòs—pou je pèp la te kapab louvri, pou l te kapab wè, e pou l te kapab konnen bonte ak laglwa Bondye.

23 Epi, se te konsa, lè yo te fin jene ak priye de jou ak de nuit, manm Alma yo te pran fòs; li te kanpe, e li te kòmanse pale avèk yo, li te ba yo asirans pou yo konsole:

24 Li te di, paske m te repanti nan peche m yo, aSenyè a te rachte m; gade mwen pran nesans nan Lespri a.

25 Epi, Senyè a te di m: Pa sezi paske tout moun, wi, gason ak fi, tout nasyon, fanmi, lang ak pèp dwe afèt ankò; wi, nedenouvo nan Bondye, bchanje eta cchanèl la ak eta la chit la, pou yo vin nan yon eta lajistis, pou Bondye rachte yo, pou yo kapab vin tounen pitit gason ak pitit fi Bondye;

26 Se konsa yo vin tounen kreyati nèf; epi si yo pa fè sa, ayo pa kapab eritye wayòm Bondye a nan onkenn fason.

27 M ap di w, si se pa konsa, y ap chase yo; m konn sa paske yo te prèske chase m.

28 Men, lè m te fin travèse anpil tribilasyon, m te repanti jistan m te manke mouri, Senyè a, nan mizèrikòd li, li te jije nesesè pou l rale m sòti nan yon adife ki p ap janm fin boule, e m te nedenouvo nan Bondye.

29 Nanm mwen te rachte anba fyèl anmè ak kòd inikite. M te nan twou ki pi fènwa a, men, kounyeya, m wè limyè Bondye a. Nanm mwen te asibi anba touman ki p ap janm fini an, men m rachte e nanm mwen pa dechire ankò.

30 M te rejte redanmtè m nan, e m te nye bagay zansèt nou yo te pale yo; men, kounyeya, pou yo kapab wè li gen pou l vini, e li sonje tout kreyati l yo, li ap parèt devan yo.

31 Wi, atout jenou pral pliye, e tout lang pral konfese devan l. Wi, menm nan dènye jou a, lè tout moun kanpe devan l pou l bjije yo; lè sa a, yo ap konfese pou di li se Bondye, e moun yo ki viv csan Bondye nan mond lan, yo ap konfese pou fè konnen jijman pinisyon etènèl ki bay kont yo a; yo ap souke e yo ap tranble, e yo pral fè bak devan dgrenn je li ki pral pèse yo.

32 Epi kounyeya, se te konsa, depi lè sa a, Alma te kòmanse ansenye pèp la, e moun ki te avèk Alma yo lè zanj la te parèt devan yo a, yo te vwayaje nan tout peyi a pou yo anonse tout moun, sa yo te tande ak sa yo te wè, yo te ansenye pawòl Bondye nan anpil tribilasyon, enkredil yo te pèsekite yo anpil, e anpil ladan yo te frape yo.

33 Men, malgre tout sa, yo te pote anpil konsolasyon nan legliz la; yo te konfime lafwa yo e yo te egzòte yo pou yo reziste e travay anpil pou yo respekte kòmandman Bondye yo.

34 Epi kat ladan yo se te apitit gason Mozya, e yo te rele Amon, Aawon, Omnè ak Imni; se non pitit Mozya yo.

35 Epi yo te vwayaje nan tout peyi Zarayemla a ak nan pami tout moun ki te anba rèy wa Mozya a; yo te eseye avèk gwo efò pou yo repare tò yo te fè legliz la, yo te konfese tout peche yo, yo te pibliye tout bagay yo te wè, e yo te esplike pwofesi ak ekriti yo pou tout moun ki te vle tande yo.

36 Epi se konsa yo te sèvi kòm zouti nan men Bondye pou yo mennen anpil moun nan konesans verite a wi, nan konesans redanmtè yo a.

37 Epi, yo beni! Paske yo te apibliye lapè; yo te pibliye bbòn nouvèl, e yo te deklare pèp la Senyè a se Wa.