Ekriti yo
Mozya 3


Chapit 3

Wa Benjamen kontinye mesaj li a—Senyè Toupisan an pral anseye nan pami lèzòm avèk yon kò fizik—San pral sòti nan chak ti twou nan kò Li pandan L ap ekspye peche mond lan—Non Li se sèl non kote sali pral soti—Lèzòm kapab retire moun natirèl la epi vin tounen Sen pa mwayen Ekspyasyon an—Touman mechan yo pral tankou yon lak dife ak souf. Anviwon 124 anvan Jezikri.

1 Epi ankò, frè m yo, m vle atire atansyon nou, paske m ti kras plis gen pou m pale avèk nou ti kras; paske gade, m gen bagay pou m di nou konsènan sa ki gen pou fèt.

2 Epi bagay m gen pou m di nou yo, se yon azanj Bondye ki te fè m konnen yo. Li te di m konsa: Reveye; e m te reveye, e menm moman an, li te kanpe devan m.

3 Epi li te di m konsa: Reveye, e tande pawòl m pral di w yo; paske gade, m vini pou m deklare w abòn nouvèl ki bay anpil lajwa a.

4 Paske Senyè a te tande priyè nou yo, e li twouve nou jis, e li te voye m pou m deklare nou, nou kapab rejwi; e nou kapab deklare pèp nou an, yo kapab ranpli avèk lajwa tou.

5 Paske gade, tan an ap vini, e li pa lwen, aSenyè Toupisan an k ap gouvène a, ki te egziste e ki egziste depi nan letènite jouk nan letènite a, pral desann sòti nan syèl la avèk pouvwa, nan pami pitit lèzòm, e li pral rete nan yon b fizik, e li prale nan pami lèzòm, pou l fè gwo cmirak, tankou geri malad, resisite mò, fè moun paralize mache, fè moun ki avèg wè ankò, fè moun ki soud tande, epi geri tout kalite maladi.

6 Epi li pral chase adyab, oubyen move lespri yo ki rete nan kè pitit lèzòm yo.

7 Epi li pral soufri atantasyon, ak doulè fizik, ak bgrangou, ak swaf, ak fatig plis pase lèzòm kapab csoufri san yo pa mouri; dsan menm sòti nan chak twou swè li yo, tèlman li pral esoufri pou mechanste ak abominasyon pèp li a.

8 Epi yo pral rele li aJezikri, bPitit Gason Bondye a, cPapa syèl la ak tè a, Kreyatè tout bagay depi nan kòmansman; e yo pral rele dmanman li eMari.

9 Epi, li vin jwenn moun pa li yo, pou asali kapab vin jwenn pitit lèzòm si yo gen blafwa nan non li; e malgre tout sa, y ap konsidere l tankou yon nonm, e yo pral di li gen yon cdyab, yo pral dfwete l, e yo pral ekrisifye l.

10 Epi li pral aleve nan btwazyèm jou a, sòti nan pami mò yo; e gade, li kanpe pou l cjije mond lan; e gade, tout bagay sa yo fèt pou yon jijman ki jis kapab tonbe sou pitit lèzòm.

11 Paske, gade, asan li bekspye peche moun ki ctonbe poutèt transgresyon Adan an, ki te mouri san yo pa t konnen volonte Bondye konsènan yo menm, oubyen ki te dpeche nan iyorans.

12 Men malè, pou moun ki konnen l e fè arebèlyon kont Bondye! Paske sali pa pou moun konsa, eksepte nan repantans ak lafwa nan bSenyè a Jezikri.

13 Epi Senyè Bondye a te voye pwofèt sen li yo nan pami tout pitit lèzòm, pou deklare tout fanmi, nasyon, ak lang bagay sa yo, konsa, pou nenpòt moun ki kwè Kris la gen pou l vini, moun sa a kapab jwenn apadon pou peche li yo, pou l kapab rejwi nan lajwa, bkòm si li te deja vini nan pami yo.

14 Men, Senyè Bondye a te wè pèp li a se te yon pèp ki kou rèd, e li te tabli yon lwa pou yo, alwa Moyiz la menm.

15 Anpil siy, mèvèy, amodèl, resanblans te prezante devan yo, konsènan vini l lan; epi tou pwofèt sen yo te pale yo de vini l lan; malgre sa, yo te fè kè yo di e yo pa t konprann blwa Moyiz la pa t gen valè san ekspyasyon san li a.

16 Epi menm si l te posib pou atimoun piti ta kapab peche yo pa t ap kapab sove; men m di nou konsa, yo bbeni; paske gade, kòm yo tonbe nan Adan, oubyen akoz de nati yo, se menm jan an, san Kris la ekspye peche yo.

17 Epi ankò, m ap di, apa gen okenn lòt non ni okenn lòt mwayen ki kapab pote bsali a pou pitit lèzòm, se sèlman nan epi pa mwayen non cKris la, Senyè Toupisan an.

18 Paske gade li fè jijman, e jijman l lan jis; e yon bebe ki mouri pandan li piti, p ap peri; men lèzòm bwè kondanasyon pou nanm pa yo si yo pa imilye tèt yo, avin tankou timoun piti, e kwè sali a te egziste, li egziste, e li gen pou l vini, nan epi pa mwayen bsan ekspyatwa Kris la, Senyè a Toupisan an.

19 Paske alòm natirèl la se ènmi Bondye, se sa li te ye depi bchit Adan an, epi l ap toujou sa pou tout tan, si li pa csoumèt li anba enfliyans dSentespri a, epi si li pa retire moun natirèl la nan kò l, pou l vin tounen yon esen, pa mwayen ekspyasyon Kris la, Senyè a, epi pou l vin tankou yon ftimoun, obeyisan, dou, enb, pasyan, ranpli avèk lanmou, ki vle soumèt tèt li bay tout bagay Senyè a jije nesesè pou fè l andire, menm jan yon timoun soumèt tèt li bay papa l.

20 Epi ankò, m t ap di, yon tan pral vini e akonesans konsènan yon Sovè pral gaye nan pami bchak nasyon, fanmi, lang ak pèp.

21 Epi gade, lè tan sa a rive, pèsonn p ap gen aeskiz devan Bondye, san repantans ak lafwa nan non Senyè Bondye Toupisan an, eksepte timoun piti yo.

22 Epi menm nan moman sa a, lè nou ta fin ansenye pèp nou an bagay Senyè Bondye nou an te kòmande nou yo, menm lè sa a yo pa t ap san tach devan Bondye, daprè pawòl m te pale nou yo.

23 Epi m te pale pawòl Senyè Bondye a te kòmande m yo.

24 Epi Senyè a te di konsa: Pawòl yo pral sèvi temwayaj vivan kont pèp sa a nan jou jijman an; se pawòl yo ki ap jije yo, chak moun daprè zèv yo, ke yo te bon, ke yo te move.

25 Epi si zèv yo move, moun yo ap kondane pou yo a fòt pa yo ak abominasyon pa yo, ki ap fè yo fè bak devan prezans Senyè a pou yo tonbe nan yon eta bmizerab ak yon touman san fen, kote yo p ap janm retounen; se poutèt sa yo te bwè kondanasyon pou nanm pa yo.

26 Se poutèt sa, yo te bwè nan tas kòlè Bondye a, lajistis pa t kapab pa afekte yo, menm jan lajistis pa t kapab anpeche aAdan tonbe apre li te fin manje nan bfwi defandi a; Se poutèt sa a cmizèrikòd pa t kapab reklame yo ankò, pou tout tan.

27 Epi atouman yo tankou yon blak dife ak souf, ki gen flanm ki pa kapab etenn, e lafimen l ap monte pou tout tan. Se konsa Senyè a te kòmande m. Amèn.