Ekriti yo
Mozya 6


Chapit 6

Wa Benjamen anrejistre non moun yo e li chwazi prèt pou ansenye yo—Mozya reye kòm yon wa ki pi jis. Anviwon 124–121 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya wa Benjamen panse li te nesesè, lè l te fin pale avèk pèp li a, pou l te apran non moun ki te fè alyans avèk Bondye, pou yo respekte kòmandman l yo.

2 Epi, pa t gen yon nanm, eksepte ti moun piti yo, ki pa t fè alyans, e ki pa t pran non Kris la sou yo.

3 Epi ankò, se te konsa, wa Benjamen te fini avèk tout bagay sa yo, e li te konsakre pitit gason l lan, aMozya, wa ak dirijan nan pami pèp li a, e li te ba l responsablite konsènan Wayòm nan, li te bnonmen prèt pou cansenye pèp la, pou yo kapab tande e pou yo kapab konnen kòmandman Bondye yo, pandan fè yo sonje dsèman yo te fè a, li te ranvwaye foul moun yo, e chak moun te tounen lakay pa yo avèk fanmi yo.

4 Epi, aMozya te kòmanse reye nan plas papa l. Li te kòmanse reye lè l te gen trant ane, sa ki fè antou katsan-swasann-sis ane depi b Leyi te kite Jerizalèm.

5 Wa Benjamen te viv twa ane, e l te mouri.

6 Epi, se te konsa, wa Mozya te mache nan chemen Senyè a, li obsève jijman ak regleman l yo, e l te respekte kòmandman l yo nan tout sa l te kòmande l.

7 Epi wa Mozya te fè pèp li a kiltive tè a. Epi, li menm tou, li te kiltive tè a pou l kapab apa tounen yon chay pou pèp la, pou l kapab fè tankou papa l nan tout bagay. Epi, pa t gen chirepit nan pami pèp li a pou twa ane.