Ekriti yo
Mozya 9


Rejis Zenif La—Istwa pèp li a, depi nan epòk yo te kite peyi Zarayemla a jouk nan epòk yo te delivre anba men Lamanit yo.

Depi nan chapit 9 jouk nan finisman chapit 22.

Chapit 9

Zenif dirije yon gwoup sòti nan Zarayemla pou posede peyi Leyi-Nefi a—Wa Lamanit yo ba yo pèmisyon pou yo eritye peyi a—Gen lagè pami Lamanit yo ak pèp Zenif la. Anviwon 200–187 anvan Jezikri.

1 Mwen menm Zenif, m te enstwi nan tout lang Nefit yo, m te konnen apeyi Nefi a, oubyen, premye tè zansèt nou yo te eritye a, yo te voye m a l fè espyonaj nan pami Lamanit yo pou m te kapab dekouvri fòs yo, pou lame nou an te kapab tonbe sou yo pou l detwi yo—men, lè m te wè sa k te bon lakay yo, m pa t vle pou yo detwi yo.

2 Se poutèt sa, m te fè diskisyon avèk frè m yo nan dezè a, paske m ta vle pou dirijan nou yo ta siyen lapè avèk yo; men se te yon nonm sinik ak sanginè, li te kòmande pou yo touye m; men, m te sòti vivan nan mitan pakèt santèn; paske papa t ap goumen avèk papa, frè t ap goumen avèk frè pi fò nan lame nou an te detwi nan dezè a; e moun ki pa t mouri yo, te retounen nan peyi Zarayemla a pou yo rakonte madanm yo ak pitit yo istwa a.

3 Epi, m te chofe anpil pou m eritye tè zansèt nou yo, m te rasanble tout moun ki te vle ale pou posede tè a; e nou te rekòmanse vwayaj nou nan dezè a pou nou ale nan peyi a; men anpil famin ak afliksyon ensipòtab te frape nou paske nou te lan pou nou sonje Senyè a, Bondye nou an.

4 Men, apre nou te fin pèdi nan dezè a pandan anpil jou, nou te plante tant nou kote frè nou yo te mouri a, ki te pre tè zansèt nou yo.

5 Epi, se te konsa, m te ale avèk kat nan moun mwen yo ankò nan vil la, kote wa a, pou m te kapab konnen dispozisyon wa a e pou m te kapab konnen si m ta kapab a l posede tè a avèk frè m yo nan lapè.

6 M te ale kote Wa a, e li te fè alyans avèk mwen pou m posede peyi Leyi-Nefi a ak peyi Chilòm nan.

7 Epi, li te kòmande pèp li a pou l sòti nan peyi a pou mwen menm ak pèp mwen an te kapab posede l.

8 Epi, nou te kòmanse bati kay, e repare miray vil la, wi, miray vil Leyi-Nefi a menm ak vil Chilòm nan.

9 Epi, nou te kòmanse laboure tè a. Nou te plante tout kalite grenn; mayi, ble, lòj, neyas, ak cheyòm ak grenn tout kalite fwi, e nou te kòmanse pwospere e nou te kòmanse vin anpil nan peyi a.

10 Se te riz ak mètdam wa Laman t ap fè pou l kapab amete pèp mwen an nan esklavaj lè l te ban nou tè a pou nou te kapab posede l.

11 Se poutèt sa, se te konsa, lè nou te fin gen douzan nan peyi a, wa Laman te kòmanse santi l malalèz, li te pè pou pèp mwen an pa t vin anpil, pou yo pa t pran pouvwa sou yo e pou yo pa t tounen esklav yo.

12 Se te yon apèp parese ak idolat; se poutèt sa, yo te vle fè nou tonbe nan esklavaj pou yo te kapab vale swè men nou; wi, pou yo te kapab fè fèt ak bèt nan jaden nou yo.

13 Se poutèt sa, se te konsa, wa Laman te pouse pèp li a pou yo te kapab fè lobo avèk pèp mwen an; e te kòmanse gen lagè ak chirepit nan peyi a.

14 Nan trèzyèm ane kòmandman m nan peyi Nefi a, lòtbò nan sid peyi Chilòm nan, pandan pèp mwen an t ap bay bèt yo dlo ak manje, e yo t ap laboure tè yo, anpil Lamanit te tonbe sou yo, te kòmanse touye yo pou yo te pran bèt yo ak mayi nan jaden yo.

15 Wi, se te konsa, e tout moun yo pa t gen tan pran, yo te kouri nan vil Nefi a, e yo te mande m pwoteksyon.

16 Epi, se te konsa, m te ame yo avèk flèch, ak sab, ak epe, ak kouto, ak bout baton, ak fistibal ak tout kalite zam nou te kapab envante, e mwen menm ak pèp mwen an, nou ta l goumen avèk Lamanit yo.

17 Wi, avèk fòs Senyè a, nou ta l goumen avèk Lamanit yo; paske mwen menm ak pèp mwen an, nou te kriye anpil nan pye Senyè a pou l te kapab delivre nou anba men ènmi nou yo, paske nou te sonje delivrans zansèt nou yo.

18 Epi, Bondye te atande kriye nou, e li te reponn priyè nou; e nou te ale avèk pouvwa l; wi, nou te ale kont Lamanit yo, e nan yon jou ak yon nuit nou te touye twamil-karann-twa; nou te touye yo jistan nou te mete yo deyò nan peyi nou an.

19 Epi, mwen menm, avèk men pa m; m te ede antere mò yo. Epi, avèk lapenn, ak lamantasyon, desan-swasan-diznèf nan frè nou yo te mouri.