Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 1


Doktrin ak Alyans yo

Seksyon 1

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la, te resevwa premye Novanm 1831, pandan yon konferans espesyal pou ansyen yo nan Legliz la, ki te fèt nan Hiram, Ohio. Li te resevwa anpil revelasyon nan men Senyè a anvan lè sa a, epi konpilasyon revelasyon sa yo pou piblikasyon sou fòm liv te youn nan sijè prensipal ki te pale nan konferans lan. Seksyon sa a reprezante prefas Senyè a pou doktrin yo, alyans yo, ak kòmandman li te bay yo nan dispansasyon sa a.

1–7, Vwa avètisman an se pou tout pèp; 8–16, Apostazi ak mechanste rive anvan Dezyèm Vini an; 17–23, Joseph Smith resevwa apèl pou l retabli verite ak pouvwa Senyè a sou tè; 24–33, Joseph Smith pibliye Liv Mòmon an e li tabli vrè Legliz la; 34–36, P ap gen lapè sou tè a ankò; 37–39, Sonde kòmandman sa yo.

1 Koute, nou menm pèp alegliz mwen an, vwa sila a ki rete anlè a, ki gen bje sou tout moun, di; Wi an verite cKoute, nou menm pèp ki lwen yo; ak nou menm ki nan zile nan lanmè yo, nou tout vin tande.

2 Paske an verite, vre avwa Senyè a ale jwenn tout moun, e bpèsonn p ap chape; e pa gen okenn je ki p ap wè, ni zòrèy ki p ap tande, ni c ki p ap penetre.

3 E moun ki arebèl yo pral pèse avèk anpil lapenn; paske moun pral bdevwale inikite yo sou tèt kay yo, e Senyè a pral mete aksyon sekrè moun yo deyò.

4 Epi avwa avètisman an pral jwenn tout moun, nan bouch disip mwen yo ke m te chwazi nan bdènye jou sa yo.

5 Yo pral epi avanse e pèsòn p ap kapab anpeche yo, paske mwen menm Senyè a m te kòmande yo.

6 Gade, se sa a aotorite m, ak otorite sèvitè m yo, ak prefas mwen pou liv kòmandman m yo, m te ba yo pou yo bpibliye a, pou nou menm, abitan tè yo.

7 Se poutèt sa, se pou nou gen alakrent epi tranble, nou menm pèp la, paske sa mwen menm Senyè a m te dekrete ladan yo a pral bakonpli.

8 Epi an verite m di nou, moun ki ale pou pote bòn nouvèl sa yo bay abitan tè a, moun sa yo resevwa pouvwa pou yo asele sou tè a tankou nan syèl la, enkwayan yo ak brebèl yo;

9 Wi, an verite, pou sele yo nèt pou jou lè akòlè Bondye pral vide sou bmechan yo san mezi a—

10 Pou ajou lè Senyè a pral vini pou l brekonpanse chak moun daprè czèv yo, e pou dmezire chak moun daprè mezi yo te mezire pwochen yo a.

11 Se poutèt sa, vwa Senyè a ale jisnan bout tè a, pou tout moun ki vle tande kapab tande:

12 Pare nou, pare nou pou sa ki pral rive a, paske Senyè a pre;

13 aKòlè Senyè a limen, bepe l benyen nan syèl la, e li pral tonbe sou abitan tè yo.

14 Epi Senyè a pral revele abra l e jou senyè a pral rive pou li bmete deyò pami pèp li a moun ki pa ctande vwa li, ni vwa sèvitè l yo, ki pa vle dkoute pawòl pwofèt yo ak apot yo.

15 Paske yo adetounen lwen bòdonans mwen yo, epi yo cvyole dalyans etènèl mwen yo.

16 Yo pa achèche Senyè a pou yo tabli lajistis li, men chak moun mache nan bpwòp cchemen pa l, daprè dimaj pwòp bondye li, imaj ki gen resanblans ak mond lan, epi ki gen nati yon idòl, yon idòl k ap evyeyi epi ki pral peri nan fBabilòn, gran Babilòn sa ki pral tonbe a.

17 Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, paske m konnen kalamite ki dwe tonbe sou aabitan tè yo, m te rele sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, epi m te pale avèk li depi nan syèl la, epi m te ba li kòmandman yo.

18 Epi m te bay lòt moun kòmandman yo tou pou yo pwoklame bagay sa yo nan mond lan; epi tout sa fèt pou sa pwofèt yo te ekri yo kapab akonpli—

19 Bagay afèb yo nan mond lan pral avanse pou kraze sa ki fò yo, pou lòm pa konseye pwochen l, ni tou pou l pa bkwè nan bra lachè—

20 Men pou chak moun kapab apale nan non Senyè Bondye a, Sovè mond lan menm;

21 Pou lafwa kapab ogmante sou tè a tou;

22 Pou aalyans etènèl mwen an kapab tabli;

23 Pou moun ki afèb yo ak moun ki senp yo kapab bpwoklame plenitid clevanjil mwen an jis nan bout tè a, epi devan wa yo ak gouvènè yo.

24 Gade, m se Bondye epi m te di sa; akòmandman sa yo soti nan mwen, epi m te bay sèvitè m yo kòmandman sa yo nan feblès yo, daprè blangaj pa yo, pou yo kapab rive ckonprann.

25 Epi toutotan yo fè erè pou yo kapab konnen;

26 Epi toutotan yo chèche alasajès pou yo kapab vin enstwi;

27 Epi toutotan yo fè peche pou yo kapab gen achatiman pou yo ka brepanti;

28 Epi toutotan yo gen aimilite pou yo kapab vin fò, pou yo resevwa benediksyon ki soti anwo, epi pou yo resevwa bkonesans tanzantan;

29 Epi apre l fin resevwa rejis Nefit yo, wi, pou sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, kapab gen pouvwa pou l tradui aLiv Mòmon an pa mizèrikòd Bondye, avèk pouvwa Bondye.

30 Epi tou pou moun ki te resevwa kòmandman sa yo kapab gen apouvwa pou yo poze fondasyon blegliz sa a, epi pou yo fè l soti nan tenèb ak cfènwa, sèl dlegliz vrè epi vivan ki sou tout sifas tè a legliz sa a ki fè mwen menm Senyè a eplèzi a mwen vle di tou, m ap pale avèk tout moun nan legliz la men pa avèk yon grenn moun—

31 Paske mwen menm Senyè a m pa kapab gade apeche ak okenn degre tolerans;

32 Malgre sa, yon moun ki repanti epi ki obeyi kòmandman Senyè a l ap jwenn apadon;

33 Epi Senyè tout Lame yo di konsa, yon moun ki pa arepanti, y ap bpran nan men l menm limyè li te resevwa a; paske cLespri m p ap dlite tout tan avèk lòm.

34 Epi ankò, m di, O abitan tè yo: Mwen menm Senyè a m vle fè atout moun konnen bagay sa yo;

35 Paske m pa fè aeksepsyon moun, epi m vle pou tout moun konnen bjou a ap vini ak tout vitès; lè a poko rive, men li tou pre, pou pa gen clapè sou tè a, epi ddyab la pral gen pouvwa sou pwòp teritwa li.

36 Epi tou Senyè a pral gen pouvwa sou asen li yo, li pral brenye nan cmitan yo, epi li pral desann nan djijman sou eIdime, oubyen mond lan.

37 Sonde akòmandman sa yo, paske yo vrè epi yo fidèl, epi pwofesi ak bpwomès ki ladan yo pral akonpli nèt.

38 Sa mwen menm Senyè a m te di a, m te di l, m pa mande eskiz; epi menm si syèl yo ak tè a pase, apawòl mwen yo p ap pase, men yo tout pral bakonpli kit se avèk pwòp cvwa pa m oubyen avèk vwa dsèvitè m yo, se emenm bagay la.

39 Paske gade, gade, Senyè a se Bondye, epi aLespri a rann temwayaj, epi temwayaj la bvrè, epi verite a rete pou tout tan. Amèn.