Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 100


Seksyon 100

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la ak Sidney Rigdon te resevwa, nan Perrysburg, New York, 12 Oktòb 1833. Paske de frè yo te pati ale lwen fanmi yo pandan plizyè jou, yo te enkyete pou fanmi yo.

1–4, Joseph ak Sidney dwe preche levanjil la pou sali nanm yo; 5–8, Y ap resevwa nan lè a menm kisa pou yo di; 9–12, Sidney dwe vin yon pòtpawòl epi Joseph dwe vin yon revelatè epi l dwe vin pisan nan temwayaj; 13–17, Senyè a pral leve yon pèp ki pi, epi moun ki obeyisan ap sove.

1 An verite, Senyè a di nou, zanmi m yo, aSidney ak bJoseph, fanmi nou byen; yo nan men m, epi m ap fè sa m wè ki bon avèk yo; paske nan mwen gen tout pouvwa.

2 Se poutèt sa, suiv mwen, epi koute konsèy m pral ba nou an.

3 Gade m gen anpil moun nan plas sa a, nan rejyon alantou yo; epi yon pòt efikas pral louvri nan rejyon alantou yo nan peyi lès sa a.

4 Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, m te kite nan vini nou plas sa a; paske se konsa sa te nesesè pou mwen pou asali nanm.

5 Se poutèt sa, an verite m di nou, leve vwa ou devan pèp sa a; di apawòl m pral mete nan kè ou yo, epi nou p ap gen konfizyon devan lèzòm;

6 Paske nou pral aresevwa nan lè a menm, wi, nan moman an menm, kisa pou nou di.

7 Men m ba nou yon kòmandman, pou nou deklare nenpòt bagay nou adeklare nan non mwen, avèk yon kè solanèl, avèk yon lespri bdou, nan tout bagay.

8 Epi m ba nou pwomès sa a, toutotan nou fè sa, aSentespri a ap desann pou rann temwayaj konsènan tout bagay nou pral di.

9 Epi se nesesè pou oumenm, sèvitè m nan, Sidney, pou ou sèvi kòm yon apòtpawòl pou pèp sa a; wi, an verite, m ap òdone ou nan apèl sa a, menm kòm yon pòtpawòl pou sèvitè m nan, Joseph.

10 Epi m ap ba li pouvwa pou l gran nan atemwayaj.

11 Epi m ap ba ou pouvwa pou ou vin apisan nan eksplike tout ekriti, pou ou kapab yon pòtpawòl pou li, epi l ap yon brevelatè pou ou, pou ou kapab konnen sètitid tout bagay ki gen rapò avèk zafè wayòm mwen an sou tè a.

12 Se poutèt sa, kontinye vwayaj ou a epi kite kè ou rejwi; paske gade, m avèk ou jiska lafen.

13 Epi kounyeya m ba ou yon pawòl konsènan aSiyon. Siyon pral brachte, malgre li chatye pou yon ti tan.

14 Frè ou yo, sèvitè m yo, aOrson Hyde ak John Gould, nan men mwen; epi toutotan yo respekte kòmandman m yo y ap sove.

15 Se poutèt sa, rekonfòte kè ou; paske atout bagay ap travay ansanm pou byen pou moun ki mache dwat, epi pou sanktifikasyon legliz la.

16 Paske m pral leve yon pèp ki api pou tèt pa mwen, ki pral sèvi m avèk lajistis;

17 Epi tout moun ki arele non Senyè a, epi ki respekte kòmandman l yo, y ap sove. Se konsa sa ye. Amèn.