Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 102


Seksyon 102

Rapò òganizasyon premye gran konsèy Legliz la, nan Kirtland, Ohio, 17 Fevriye 1834. Se Èldè Oliver Cowdery ak Èldè Orson Hyde ki te redije premye rapò yo. Nan jou apre a, Pwofèt la te korije rapò yo, epi nan jou apre a, gran konsèy la te aksepte rapò korije a alinanimite kòm “yon fòm ak konstitisyon gran konsèy la” Legliz la. Vèsè 30 rive 32 yo, ki gen rapò avèk Konsèy Douz Apot yo, te vin ajoute an 1835 sou direksyon Joseph Smith lè yo te prepare seksyon sa a pou piblikasyon nan Doktrin ak Alyans yo.

1–8, Yon gran konsèy lonmen pou rezoud difikilte ki leve nan legliz la; 9–18, Yo resevwa direksyon pou fè jijman; 19–23, Prezidan konsèy la pran desizyon an; 24–34, Direksyon pou rele moun nan jijman tabli.

1 Jou sa a yon konsèy jeneral ki gen vennkat gran prèt te rasanble lakay Joseph Smith, pitit la, pa revelasyon, epi yo te kòmanse pou yo òganize agran konsèy legliz Kris la, ki te dwe genyen douz gran prèt, epi youn oubyen twa prezidan selon jan sitiyasyon an mande.

2 Gran konsèy la te lonmen pa mwayen revelasyon nan objektif pou rezoud difikilte enpòtan ki ta kapab leve nan legliz la, difikilte legliz la oubyen konsèy aevèk la pa t kapab rezoud nan satisfaksyon diferan pati yo.

3 Vwa konsèy la te rekonèt Joseph Smith, pitit la, Sidney Rigdon ak Frederick G. Williams; kòm prezidan epi Joseph Smith, papa a, John Smith, Joseph Coe, John Johnson, Martin Harris, John S. Carter, Jared Carter, Oliver Cowdery, Samuel H. Smith, Orson Hyde, Sylvester Smith, ak Luke Johnson, gran prèt, te chwazi pou sèvi kòm konsèy an chaj pou legliz la pa vwa jeneral konsèy la.

4 Apre sa, yo te mande moun sa yo si yo te aksepte nominasyon yo a, epi si yo t ap aji nan ofis sa a daprè lalwa syèl la, epi yo tout te reponn yo aksepte nominasyon yo a, epi yo t ap ranpli wòl yo daprè lagras Bondye vide sou yo.

5 Kantite moun ki konpoze konsèy la, ki te vote nan non legliz la epi pou legliz la nan konseye ki site anlè yo te karanntwa, nan lòd sa a: nèf gran prèt, disèt ansyen, kat prèt, ak trèz manm.

6 Yo te vote: pou gran konsèy la pa kapab gen pouvwa aji an absans sèt nan konseye ki site anlè yo, oubyen san siksesè regilye yo ki te lonmen yo pa prezan.

7 Sèt sa yo pral gen pouvwa pou yo lonmen lòt gran prèt yo konsidere diy epi ki kapab aji nan plas konseye ki absan.

8 Yo te vote: pou nenpòt lè gen yon plas vid akoz lanmò, relèv nan ofis poutèt transgresyon, oubyen relèv anba obligasyon gouvènman legliz sa a, pou nenpòt nan konseye ki te site yo, prezidan an oubyen prezidan yo ap fè nominasyon pou ranpli l, vwa konsèy jeneral gran prèt yo ap sanksyone l nan objektif sa a, pou aji nan non legliz la.

9 Se pa mwayen arevelasyon yo lonmen prezidan legliz la, ki se prezidan konsèy la tou, epi vwa legliz la brekonèt li nan administrasyon l.

10 Epi se daprè dinyite ofis li pou l prezide sou konsèy legliz la; epi li gen privilèj pou de lòt prezidan ede l, ki te chwazi nan menm fason li te chwazi a.

11 Epi nan ka absans youn oubyen tou de moun ki te lonmen pou asiste l yo, li gen pouvwa pou l prezide sou konsèy la san yon asistan; epi nan ka li absan pou tèt pa li, lòt prezidan yo gen pouvwa pou yo prezide nan plas li, yo tou de oubyen youn ladan yo.

12 Nenpòt lè yon gran konsèy legliz Kris la òganize regilyèman, daprè menm modèl sa a, se pral devwa douz konseye yo pou yo fè tiraj osò daprè kantite vwa, pou yo kapab konfime kiyès pami douz yo ki pral pale an premye, kòmanse avèk nimewo en jouk nan siksesyon nimewo douz.

13 Nenpòt lè konsèy sa a reyini pou aji sou nenpòt ka, douz konseye yo pral konsidere si se yon ka difisil oubyen pa difisil; si l pa difisil, de sèlman nan konseye yo pral pale sou sa, daprè fòm ki ekri pi wo a.

14 Men, si yo panse l difisil, y ap chwazi kat; epi si l pi difisil, sis; men, nan okenn ka pa gen plis pase sis k ap chwazi pou pale.

15 Nan tout ka, akize a gen dwa sou mwatye konsèy la, pou evite ensilt oubyen enjistis.

16 Epi konseye yo ki chwazi pou pale devan konsèy la dwe prezante ka a, apre yo fin egzaminen prèv la, ak tout limyè davan konsèy la; epi chak moun dwe pale daprè dwati ak alajistis.

17 Konseye yo ki tire nimewo doub yo, ki vle di 2, 4, 6, 8, 10, ak 12 yo, se yo menm ki pral kanpe an favè akize a, pou yo evite ensilt ak enjistis.

18 Nan tout ka akizatè a ak akize a ap gen privilèj pou yo pale pou tèt pa yo devan konsèy la, apre yo fin tande prèv yo epi konseye yo ki te lonmen pou pale sou ka a fini avèk remak yo.

19 Apre yo fin tande prèv yo, konseye yo, akizatè yo ak akize yo fin pale, prezidan an pral pran yon desizyon daprè konpreyansyon li genyen sou ka a, epi li pral konvoke douz konseye yo pou sanksyone moun nan avèk vòt yo.

20 Men, si rès konseye yo ki pa t pale yo, oubyen nenpòt ladan yo, apre yo fin tande deklarasyon yo, epi apre yo fin plede san patipri, si yo ta dekouvri yon erè nan desizyon prezidan an, yo kapab fè konnen sa, epi ka a pral retounen nan jijman.

21 Epi si apre yon bon chitatande, nenpòt limyè adisyonèl klere ka a, desizyon an ap chanje poutèt sa.

22 Men, nan ka pa gen okenn limyè adisyonèl, premye desizyon an ap rete, majorite konsèy la gen pouvwa pou deside sa.

23 Nan ka gen difikilte sou zafè adoktrin ak prensip, si pa gen ase ki ekri pou rann ka a klè nan panse konsèy la, prezidan an kapab mande pou l konnen panse Senyè a pa mwayen brevelasyon.

24 Gran prèt yo, lè yo lwen, yo gen pouvwa pou yo fè apèl epi pou yo òganize yon konsèy daprè menm fason sa a, pou yo rezoud difikilte, lè pati yo oubyen nenpòt ladan ta mande sa.

25 Epi konsèy gran prèt ki sou kesyon an pral gen pouvwa pou yo chwazi youn pami yo menm pou prezide sou konsèy sa a pou lè sa a.

26 Se ap devwa konsèy ki sou kesyon an pou l remèt imedyatman, yon kopi pwosè vèbal yo a, avèk yon deklarasyon konplè sou temwayaj yo ki akonpaye avèk desizyon yo, pou gran konsèy ki sou fotèy Premye Prezidans Legliz la.

27 Si nenpòt pati yo oubyen nenpòt ladan yo pa ta satisfè avèk desizyon konsèy ki sou kesyon an, yo kapab fè demand nan devan gran konsèy ki sou fotèy Premye Prezidans Legliz la, pou yon lòt chitatande, epi ka sa a pral kondi daprè premye modèl ki te ekri a, kòmsi okenn desizyon konsa pa t pran.

28 Yo dwe rele Konsèy gran prèt sa a ki lwen an pou ka ki pi adifisil nan zafè legliz la: epi okenn jyjman òdinè oubyen senfo pa dwe bay okazyon pou rele yon konsèy konsa.

29 Gran prèt lwen k ap vwayaje yo oubyen ki sou plas yo gen pouvwa pou yo di si se nesesè pou rele yon konsèy konsa oubyen si se pa nesesè.

30 Gen yon diferans ant gran konsèy oubyen gran prèt k ap vwayaje lwen, epi gran konsèy k ap avwayaje a konpoze avèk douz bapot, nan desizyon yo.

31 Apre desizyon premye a, jijman an kapab refèt; men, apre desizyon dezyèm nan sa pa kapab fèt.

32 Otorite jeneral yo nan legliz la kapab rele dezyèm nan, nan ka transgresyon.

33 Rezolisyon: prezidan an oubyen prezidan yo ki sou fotèy Premye Prezidans Legliz la pral gen pouvwa pou deside si yon ka konsa, ki kapab retounen nan jijman, gen jistifikasyon pou yon lòt, apre l fin egzaminen desizyon an ak prèv yo ak deklarasyon ki akonpaye l la.

34 Apre sa douz konseye yo pral kòmanse pou yo vote pou yo kapab asire yo kiyès ki dwe pale anpremye, epi rezilta a sete moun sa yo: 1, Oliver Cowdery; 2, Joseph Coe; 3, Samuel H. Smith; 4, Luke Johnson; 5, John S. Carter; 6, Sylvester Smith; 7, John Johnson; 8, Orson Hyde; 9, Jared Carter; 10, Joseph Smith, papa a; 11, John Smith; 12, Martin Harris.Apre lapriyè konferans lan te pran fen.

Oliver Cowdery,

Orson Hyde,

Grefye