Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 108


Seksyon 108

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Kirtland, Ohio, 26 Desanm 1835. Li te resevwa seksyon sa a sou demand Lyman Sherman, ki te deja òdone kòm swasanndis epi ki te vini kote Pwofèt la avèk demand pou yon revelasyon pou fè l konnen devwa l.

1–3, Peche Lyman Sherman yo padone; 4–5, Li dwe konte pami ansyen yo k ap dirije Legliz la; 6–8, Li aple pou l preche levanjil la epi pou l fòtifye frè l yo.

1 Senyè a di ou, an verite, sèvitè m nan Lyman: peche ou yo padone, paske ou obeyi vwa mwen pou ou vini la a maten an pou ou resevwa konsèy nan men moun m te chwazi a.

2 Se poutèt sa, arepoze nanm ou konsènan pozisyon espirityèl ou, epi pa lite kont vwa mwen ankò.

3 Leve epi pran plis prekosyon depi kounyeya nan obsève kontra ou te fè yo epi ou fè kounyeya yo, epi w ap beni avèk anpil benediksyon.

4 Rete tann avèk pasyans jistan sèvitè m yo aple aasanble solanèl la, epi lè sa a ou pral konte pami premye ansyen mwen yo, epi ou pral resevwa dwa pa mwayen òdinasyon, avèk rès ansyen mwen yo m te chwazi yo.

5 Gade, se apwomès Papa a fè ou si ou kontinye fidèl.

6 Epi l ap akonpli sou ou nan jou sa a menm ou resevwa dwa pou w apreche levanjil mwen an, nenpòt kote m voye ou, depi nan lè sa a.

7 Se poutèt sa, afòtifye frè w yo nan tout konvèsasyon ou yo, nan tout priyè ou yo, nan tout egzòtasyon ou yo, epi nan tout sa w ap fè.

8 Epi gade, m avèk ou pou m beni ou epi pou m adelivre ou pou tout tan. Amèn.