Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 109


Seksyon 109

Priyè ki te ofri nan konsekrasyon tanp Kirtland nan, nan Ohio, 27 Mas 1836. Daprè sa Pwofèt la te ekri, li te resevwa priyè sa a pa revelasyon.

1–5, Tanp Kirtland nan te bati kòm yon plas pou Pitit Gason Lòm nan vizite; 6–21, Li dwe yon kay priyè, jèn, lafwa, pou aprann, glwa, ak lòd, epi yon kay pou Bondye; 22–33, Se pou moun ki pa repanti ki kont pèp Senyè a tonbe nan konfizyon; 34–42, Se pou Sen yo ale avèk pouvwa pou rasanble moun ki jis yo nan Siyon; 43–53, Se pou Sen yo delivre anba bagay tèrib ki pral tonbe sou mechan yo nan dènye jou yo; 54–58, Se pou nasyon yo ak pèp yo ak legliz yo prepare yo pou levanjil la; 59–67, Se pou Juif yo, Lamanit yo, ak tout Izrayèl rachte; 68–80, Se pou Sen yo kouwone avèk laglwa ak onè epi pou yo gen sali etènèl.

1 aMèsi pou non ou, O, Senyè Bondye Izrayèl la, ki kenbe balyans epi ki montre mizèrikòd pou sèvitè ou yo ki mache dwat devan ou, avèk tout kè yo—

2 Ou menm ki kòmande sèvitè w yo pou yo abati yon kay pou non ou nan plas sa a [Kirtland].

3 Epi kounyeya ou wè, O Senyè, sèvitè w yo te fè daprè kòmandman w nan.

4 Epi kounyeya nou mande ou, Sen Papa, nan non Jezikri, Pitit Gason zantray ou a, nan non limenm sèlman sali kapab administre pou pitit lèzòm yo, nou mande ou, O Senyè, pou ou aksepte akay sa a, ki se bzèv men nou, sèvitè ou yo, ou te kòmande nou pou nou bati a.

5 Paske ou konnen nou te fè travay sa a nan anpil tribilasyon; epi nan povrete nou, nou te bay nan byen nou pou bati yon akay pou non ou, pou Pitit Gason Lòm nan kapab gen yon plas pou manifeste tèt li bay pèp li a.

6 Jan ou te di nan yon arevelasyon ou te ban nou an, ou te rele nou zanmi ou, ou te di—rele asanble solanèl nou yo, jan m te kòmande nou an;

7 Epi kòm tout moun pa gen lafwa, chèche avèk dilijans epi aprann youn lòt pawòl sajès; wi, chèche pawòl sajès nan pi bon liv yo, chèche konesans nan etid epi nan lafwa;

8 Òganize nou; prepare tout bagay ki nesesè, epi etabli yon kay, yon kay priyè, yon kay jèn, yon kay lafwa, yon kay pou aprann, yon kay laglwa, yon kay lòd, yon kay Bondye;

9 Pou antre nou kapab fèt nan non Senyè a, epi pou soti nou kapab fèt nan non Senyè a, pou tout salitasyon nou kapab fèt nan non Senyè a, avèk men nou leve devan Bondye Ki Pi Wo a—

10 Epi kounyeya, Sen Papa, nou mande ou ede nou, pèp ou a, avèk lagras, pandan n ap rele asanble solanèl nou an, pou sa kapab fèt pou onè ou ak akò diven ou;

11 Epi nan yon fason pou nou kapab diy devan ou, pou nou kapab asire akonplisman apwomès ou te fè nou an, pèp ou a, nan revelasyon ou te ban nou yo;

12 Pou alaglwa ou kapab desann repoze sou pèp ou a, epi pou kay sa a ki pou ou a, kay nou dedye pou ou kounyeya, pou l kapab sanktifye epi konsakre pou l vin sen, epi pou prezans sen ou nan kapab nan kay sa a tout tan

13 Epi pou tout moun ki antre nan pòtay kay Senyè a kapab santi pouvwa ou, pou yo santi yo oblije aksepte ou te sanktifye l, epi se kay ou li ye, yon plas pou sentete ou.

14 Epi akòde, Papa Sen, pou tout moun ki adore nan kay sa a kapab aprann pawòl sajès nan pi bon liv yo, epi pou yo kapab chèche konesans menm nan etid, epi tou nan lafwa, jan ou te di a;

15 Epi pou yo kapab grandi nan oumenm, pou yo resevwa Sentespri a toutantye, epi pou yo òganize daprè lalwa ou yo, epi pou yo prepare pou yo jwenn chak bagay ki nesesè;

16 Pou kay sa a kapab yon kay priyè, yon kay jèn, yon kay lafwa, yon kay laglwa ak yon kay Bondye;

17 Pou tout antre pèp ou a nan kay sa a kapab nan non Senyè a;

18 Pou tout soti yo nan kay sa a kapab nan non Senyè a;

19 Pou tout salitasyon yo kapab nan non Senyè a, avèk men yo sen, leve devan Bondye Ki Pi Wo a;

20 Pou okenn bagay ki asal pa gen pèmisyon pou antre nan kay ou a pou sal li;

21 Epi lè pèp ou a transgrese, nenpòt pami yo, pou yo repanti rapid rapid epi pou yo retounen vin jwenn ou, pou yo jwenn favè devan ou, epi pou yo restore nan benediksyon ou te òdone pou devèse sou moun ki pral gen areverans pou ou nan kay ou a.

22 Epi nou mande ou, Papa Sen, pou sèvitè ou yo soti nan kay sa a ame avèk pouvwa ou, epi pou non ou sou yo, epi pou laglwa ou antoure yo, epi pou azanj ou yo gen responsablite sou yo;

23 Epi nan plas sa a pou yo kapab sipòte gwo bagay ki ekstraòdinè epi ki gloriye, nan verite, nan tout akwen tè a, pou yo kapab konnen se travay ou, epi ou te lonje men ou pou ou akonpli bagay ou te pale pa lantremiz bouch pwofèt yo, konsènan dènye jou yo.

24 Nou mande ou, Papa Sen, pou ou tabli pèp ki pral adore a, epi ki pral kenbe non yo avèk yon onè ak yon respè nan kay sa a, pou tout jenerasyon epi pou tout letènite;

25 Pou okenn zam ki afòme kont yo pa kapab pwospere; pou yon moun ki fouye btwou pou yo tonbe ladan l pou tèt pa li;

26 Pou okenn konbinezon mechanste pa gen pouvwa pou leve epi pou gen aviktwa sou pèp ou a ki pral nan bnon ou nan kay sa a;

27 Epi si nenpòt moun leve kont pèp sa a, pou kòlè ou limen kont yo;

28 Epi si yo frape pèp sa a pou ou frape yo; pou ou goumen pou pèp ou a menm jan ou te konn fè nan epòk batay yo, pou yo kapab delivre anba men tout ènmi yo.

29 Nou mande ou, Papa Sen, pou ou konfonn, pou ou etone, epi pou ou lage wont ak konfizyon sou tout moun k ap gaye rapò manti nan mond lan kont sèvitè w la oubyen sèvitè ou yo, si yo pa repanti, lè levanjil etènèl la pwoklame nan zòrèy yo;

30 Epi pou tout zèv yo kapab tounen anyen, epi pou lagrèl abale yo, ak jijman ou pral voye sou yo nan kòlè ou, pou kapab gen yon fen nan bmanti ak kout lang kont pèp ou a.

31 Paske ou konnen, O Senyè, sèvitè ou yo te inosan devan ou nan temwaye non ou, poutèt non ou yo te soufri bagay sa yo.

32 Se poutèt sa nou plede devan ou pou yon delivrans total ki konplè anba achay sa a;

33 Kase l, O Senyè; kase l soti nan kou sèvitè ou yo, avèk pouvwa ou, pou nou kapab leve nan mitan jenerasyon sa a pou nou fè travay ou a.

34 O Jewova, gen mizèrikòd pou pèp sa a, epi kòm tout moun apeche, padone transgresyon pèp ou a, epi efase peche yo pou tout tan.

35 Sele aonksyon minis ou yo sou yo avèk pouvwa ki soti anwo a.

36 Akonpli l sou yo menm jan avèk sou moun nan yo nan jou Pannkòt la; devèse adon lang yo sou pèp ou a, menm blag brèch dife, ak pou entèpretasyon pou yo.

37 Epi ranpli kay ou a kòm si se te avèk yon gwo van pisan, avèk alaglwa ou.

38 Mete atemwayaj alyans la sou sèvitè ou yo, pou lè yo soti ale pwoklame pawòl ou, yo kapab bsele lalwa a, epi prepare kè sen ou yo pou tout jijman sa yo ou pral voye yo, nan kòlè ou, sou abitan yo ki sou c a, poutèt transgresyon yo, pou pèp ou a pa fayi nan jou difikilte a.

39 Epi nan nenpòt vil sèvitè ou yo antre, epi pèp nan vil sa a resevwa temwayaj yo, mete lapè ou ak sali ou sou vil sa a; pou yo kapab rasanble moun ki jis yo ki nan vil sa a, pou yo kapab vini nan aSiyon, oubyen nan pye li yo, plas randevou w la, avèk chan lajwa etènèl;

40 Epi jistan bagay sa a akonpli, pa kite jijman ou yo tonbe sou vil sa a.

41 Epi nan nenpòt vil sèvitè ou yo antre, epi pèp la pa resevwa temwayaj sèvitè ou yo, epi sèvitè ou yo avèti yo pou yo sove tèt yo anba jenerasyon deregle sa a, aji avèk vil sa a daprè jan ou te pale pa mwayen bouch pwofèt ou yo.

42 Delivre, O Jewova, nou priye ou, sèvitè ou yo anba men yo, epi lave yo anba san yo.

43 O Senyè, nou pa pran plezi nan destriksyon pwochen nou yo; ananm yo presye devan ou;

44 Men, pawòl la dwe akonpli. Ede sèvitè ou yo di, avèk alagras ou k ap asiste yo: Se pou volonte ou fèt, O Senyè, non pa volonte nou.

45 Nou konnen ou te pale pa mwayen bouch pwofèt yo, bagay tèrib konsènan mechan yo, nan adènye jou yo—ou pral vide jijman ou san mezi;

46 Se poutèt sa, O Senyè, delivre pèp ou a anba kalamite mechan yo; rann sèvitè ou yo kapab pou yo sele lalwa ou yo, epi sele temwayaj la pou yo kapab pare pou jou dife a.

47 Nou mande ou, Papa Sen, moun yo te chase soti nan kontre Jackson yo, nan Missouri, sou tè eritaj yo a, epi O Senyè, kraze chay afliksyon sa a ki te plase sou yo a.

48 Ou konnen, O Senyè, moun mechan yo te oprime epi aflije yo anpil; epi kè nou adebòde avèk tristès poutèt chay y ap pote.

49 O Senyè, akonbyen tan w ap aksepte pou pèp sa a sipòte afliksyon sa a, epi pou kriye moun inosan ki pami yo monte vin nan zòrèy ou, epi pou bsan yo monte kòm temwayaj kote ou, san demontre temwayaj ou an favè yo?

50 Gen amizèrikòd, O Senyè, pou popilas mechan ki te chase pèp ou a, pou yo kapab sispann fè piyay, pou yo kapab repanti nan peche yo si repantans posib pou yo;

51 Men, si yo pa vle, dekouvri bra ou, O Senyè, epi arachte sa ou te tabli a, yon Siyon pou pèp ou a.

52 Epi si sa pa kapab fèt lòt jan, pou koz pèp ou a pa fayi devan ou, se pou kòlè ou limen, epi pou endiyasyon ou tonbe sou yo, pou yo kapab efase, ni rasin ni branch, soti anba syèl la;

53 Men, toutotan yo repanti, ou gen lagras ak mizèrikòd, epi w ap detounen kòlè ou lè ou gade figi moun ou te chwazi a.

54 Gen mizèrikòd, O Senyè, pou tout nasyon yo ki sou tè a; gen mizèrikòd pou dirijan yo ki nan peyi a; se pou prensip sa yo zansèt nou yo te defann avèk onè epi avèk noblès yo, ki rele akonstitisyon peyi nou an, tabli pou tout tan.

55 Sonje wa yo, prens yo, moun ki nòb yo, ak moun ki gran tèt yo sou tè a, ak tout moun, ak legliz yo, tout pòv yo, moun ki nan nesesite yo, ak moun ki aflije yo sou tè a;

56 Pou kè yo kapab touche lè sèvitè ou yo soti nan kay ou a, O Jewova, pou ale rann temwayaj non ou; pou prejije yo kapab bay averite a chemen, epi pou pèp ou a kapab jwenn favè nan men tout moun;

57 Pou tout kwen tè a kapab konnen nou menm ki sèvitè ou yo, nou te atande vwa ou epi ou te voye nou;

58 Pou pami tout moun sa yo, sèvitè ou yo, pitit gason Jakòb yo, kapab rasanble moun ki jis yo pou bati yon vil sen nan non ou, jan ou te kòmande yo a.

59 Nou mande pou ou tabli lòt apye pou Siyon an plis pye sa a ou te etabli a, pou brasanbleman pèp ou a kapab mache avèk gwo pouvwa epi avèk majeste, pou travay ou a kapab pa genyen cenjistis.

60 Kounyeya se pawòl sa yo nou pale devan ou, O Senyè, konsènan revelasyon ak kòmandman ou te ban nou, ki idantifye avèk ajanti yo.

61 Men ou konnen ou gen yon gran amou pou pitit gason Jakòb yo, ki te rasanble sou mòn yo depi lontan, nan yon jou nyaj ki fènwa.

62 Se poutèt sa nou mande ou pou ou gen mizèrikòd pou pitit Jakòb yo, pou aJerizalèm kapab kòmanse rachte depi kounyeya menm;

63 Epi pou chay esklavaj la kapab kòmanse kase soti sou kay aDavid la;

64 Epi pou pitit aJida yo kapab kòmanse retounen nan bpeyi ou te bay Abraram, zansèt yo a.

65 Epi pou fè arès Jakòb la, ki te modi epi ki te frape poutèt transgresyon yo, kapab bkonvèti soti nan kondisyon sovaj yo a pou vini nan plenitid levanjil etènèl la;

66 Pou yo kapab depoze zàm lagè sanginè yo, epi pou yo sispann rebelyon yo.

67 Epi se pou tout rès aIzrayèl ki te dispèse yo, sa yo te chase ale nan tout kwen tè yo, vin gen konesans verite a, pou yo kwè nan Mesi a, pou yo rachte anba opresyon, epi pou yo rejwi devan ou.

68 O Senyè, sonje sèvitè w la, Joseph Smith, pitit la, ak tout afliksyon li yo ak pèsekisyon li yo—kòman li te fè aalyans avèk bJewova, epi li te fè pwomès devan ou, O Bondye Toupuisan Jakòb la—ak kòmandman ou te ba li yo, epi ki te eseye fè volonte ou avèk senserite yo.

69 Gen mizèrikòd, O Senyè, pou madanm li ak pitit li yo, pou yo kapab egzalte nan prezans ou, epi pou men pwotektè ou la prezève yo.

70 Gen mizèrikòd pou tout koneksyon aimedyat yo genyen, pou prejije brize epi pou yo bale tankou se te anba siklòn; pou yo kapab konvèti epi pou yo rachte avèk Izrayèl, pou yo konnen ou se Bondye.

71 Sonje, O Senyè, prezidan yo, tout prezidan legliz ou yo menm, pou men dwat ou kapab egzalte yo, avèk tout fanmi yo, ak koneksyon imedyat yo genyen, pou non yo kapab kontinye epi pou tabli yon souvni etènèl de jenerasyon an jenerasyon.

72 Sonje tout legliz ou a, O Senyè, avèk tout fanmi yo, ak tout koneksyon imedyat yo genyen, ak tout moun malad ak aflije yo, avèk tout pòv ak moun dou yo ki sou tè a; pou awayòm ou te tabli san sekou okenn men an kapab vin tounen yon gwo mòn pou ranpli tout tè a;

73 Pou legliz ou a kapab soti nan dezè fènwa, pou l klere bèl tankou alalin nan, klè tankou solèy la, epi tèrib tankou yon lame avèk drapo;

74 Epi byen abiye ou tankou yon lamarye pou jou sa a lè ou pral devwale syèl la, pou ou fè mòn yo aglise tonbe devan prezans ou, pou w monte bplenn yo, pou ou fè plenn yo vin lis; pou laglwa ou kapab ranpli tè a;

75 Pou lè twonpèt la sonnen pou mò yo, pou nou amonte nan nyaj yo ale rankontre ou, pou nou kapab avèk Senyè a pou tout tan.

76 Pou gaman nou kapab pi, pou nou kapab abiye avèk awòb lajistis, avèk palmye nan men nou, epi bkouwòn glwa sou tèt nou, epi pou nou rekòlte la cjwa etènèl pou tout dsoufrans nou yo.

77 O Senyè Bondye Toupisan, koute nou nan demand nou yo, epi reponn nou nan syèl la, abitasyon sen ou nan, kote ou chita sou twòn ou an, avèk alaglwa, onè, pouvwa, majeste, pisans, dominasyon, verite, lajistis, jijman, mizèrikòd, ak yon plenitid enfini, pou toujou ajamè.

78 O Tande, O tande, O tande nou, O Senyè! epi reponn demand sa yo, epi aksepte dedikas kay sa a pou ou, ki se travay men nou yo, nou te bati pou non ou;

79 Epi tou legliz sa a, pou ou mete non ou sou li. Epi ede nou avèk pouvwa Lespri ou, pou nou kapab melanje vwa nou avèk bèl vwa briyan aserafen ki antoure twòn ou yo, avèk aklamasyon louwanj, pou nou chante Ozana pou Bondye ak Ti bMouton an!

80 Epi se pou moun sa yo, moun ou chwazi yo, aabiye avèk sali, epi pou sen ou yo rele fò poutèt lajwa. Amèn, epi Amèn.