Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 111


Seksyon 111

Revelasyon Joseph Smith Pwofèt la te resevwa, nan Salem, Massachusetts, 6 Out 1836. Lè sa a dirijan Legliz yo te chaje avèk dèt akoz travay yo nan ministè a. Paske yo te tande yon gwo sòm lajan t ap la pou dispozisyon yo nan Salem, Pwofèt la, Sidney Rigdon, Hyrum Smith ak Oliver Cowdery te vwayaje soti nan Kirtland, Ohio, pou envestige reklamasyon sa a, ansanm ak pou preche levanjil la. Frè legliz yo te fè plizyè zafè pou legliz la epi yo te fè yon ti preche tou. Lè yo te wè pa t gen okenn lajan ap vini, yo te retounen nan Kirtland. Plizyè pwen ki enpòtan sou sijè sa a te parèt nan pawòl revelasyon sa a.

1–5, Senyè a wè bezwen tanporèl sèvitè Li yo; 6–11, Li pral aji avèk Siyon avèk mizèrikòd epi L pral ranje tout bagay pou byen sèvitè Li yo.

1 Mwen menm Senyè Bondye a, m pa fache avèk nou paske nou te fè vwayaj sa a, malgre foli nou.

2 M gen anpil trezò nan vil sa a pou nou, pou benefis Siyon, ak anpil lòt moun nan vil sa a, moun m pral rasanble lè tan an rive pou benefis Siyon pa mwayen nou menm kòm zouti.

3 Se poutèt sa, se nesesè pou ou fè konesans avèk moun nan vil sa a, jan Lespri a dirije nou, epi jan li ba nou.

4 Epi se pral konsa lè tan an rive m ap remèt vil sa a nan men nou, n ap tèlman gen pouvwa sou li, yo p ap dekouvri pati sekrè nou yo; epi richès li yo konsènan lò ak lajan pral pou nou.

5 Pa bay tèt nou pwoblèm konsènan adèt nou yo, paske m ap ba nou pouvwa pou nou peye yo.

6 Pa bay tèt nou pwoblèm pou Siyon, paske m ap regle avèk li avèk mizèrikòd.

7 Rete nan plas sa a ak nan rejyon ki alantou yo;

8 Epi kote m vle pou nou rete a n ap konnen l pa mwayen alapè ak pouvwa lespri m nan ki pral anvayi nou.

9 Nou kapab lwe pou nou gen plas sa a. Epi chèche konnen avèk dilijans konsènan ansyen abitan ak fondatè vil sa a;

10 Paske gen plis trezò pase youn pou nou nan vil sa a.

11 Se poutèt sa, nou dwe asaj tankou sèpan, sepandan, san peche; epi m ap òdone tout bagay pou bbyen nou, osi vit nou kapab resevwa yo. Amèn.