Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 117


Seksyon 117

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Far West, Missouri, 8 Jiyè 1838 konsènan dewva prensipal William Marks, Newel K. Whitney, ak Oliver Granger.

1–9, Sèvitè Senyè a yo pa dwe konvwate bagay materyèl, paske, “ki valè pwopriyete genyen pou Senyè a?”; 10–16, Yo dwe abandone bagay ki pla, epi sakrifis yo ap sakre pou Senyè a.

1 An verite Senyè a di sèvitè m nan, William Marks ak sèvitè m nan Newel K. Whitney, se pou yo ranje zafè yo rapid rapid epi pou yo vwayaje ale nan peyi Kirtland nan, anvan mwenmenm Senyè a m voye lanèj ankò sou tè a.

2 Se pou yo reveye epi pou yo leve, paske mwenmenm Senyè a, m kòmande sa.

3 Se poutèt sa, si yo rete, li p ap bon pou yo.

4 Senyè a di, se pou yo repanti pou tout peche yo, ak tout anvi konvwatiz yo devan mwen; paske Senyè a di, kisa apwopriyete ye pou mwen.

5 Senyè a di, se pou yo vann pwopriyete ki nan Kirtland yo pou yo peye adèt. Senyè a di, se pou y ale, epi nenpòt sa ki rete, se pou l rete nan men ou.

6 Paske èske zwazo yo ki anlè a pa pou mwen, ak pwason yo ki nan lanmè a, ak bèt yo ki sou mòn yo? Èske m pa t kreye tè a? Èske m pa kenbe adestine tout lame nasyon yo ki sou tè a?

7 Senyè a di, se poutèt sa, èske m p ap fè plas ki agen lapè pou boujon ak flè, epi pou m pote abondans?

8 Èske pa gen ase plas sou mòn aAdan-ondi-Aman yo, ak sou plèn Olaha bChinea a, oubyen cpeyi kote Adan rete a, pou w ap konvwate bagay ki pitipiti yo, epi ou neglije bagay ki gen plis enpòtans yo?

9 Se poutèt sa, monte la a sou tè pèp mwen an, Siyon an menm.

10 Se pou sèvitè m nan, William Marks afidèl nan kèk ti bagay, epi l ap vin yon dirijan sou anpil bagay. Se pou l prezide nan mitan pèp mwen an ki nan vil Far West la, epi se pou benediksyon pèp mwen an beni l.

11 Senyè a di, se pou sèvitè m nan, Newel K. Whitney wont poutèt bann aNikolayit yo ak babominasyon sekrè yo, ak tout ti bagay pla li yo devan mwen, epi pou l vini nan peyi Adan-ondi-Aman nan, epi pou l tounen cevèk pou pèp mwen an, pa nan non, men, nan aksyon.

12 Senyè a di, epi ankò, m di ou, m sonje sèvitè m nan aOliver Granger; Senyè a di, an verite m di l, non li ale anrejistre nan rejis sakre depi nan jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon, pou tout tan ajamè.

13 Se poutèt sa, Senyè a di, se pou l kontante l avèk senserite pou redanmsyon Premye Prezidans Legliz mwen an; epi Senyè a di, apre lè l tonbe, l ap leve ankò, paske asakrifis li a pral pi sakre pou mwen pase ogmantasyon li a.

14 Senyè a di, se poutèt sa, se pou l monte rapid rapid nan peyi Siyon an; epi Senyè a di, lè a rive, l ap yon machann pou non mwen, pou benefis pèp mwen an.

15 Se poutèt sa, pèsonn pa dwe meprize sèvitè m nan, Oliver Granger, men, se pou benediksyon pèp mwen an sou li pou tout tan ajamè.

16 Epi ankò, an verite m di ou, se pou tout sèvitè m yo ki nan peyi Kirtland yo sonje Senyè Bondye yo a, ak kay mwen an tou, pou yo kenbe l epi pou yo prezève l sen, epi pou chavire moun k ap chanje lajan yo lè tan an rive. Se konsa sa ye. Amèn.