Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 118


Seksyon 118

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Far West, Missouri, 8 Jiyè 1838, kòm repons pou siplikasyon, “Montre nou volonte ou, O Senyè, konsènan Douz yo.”

1–3, Senyè a ap pran swen fanmi Douz yo; 4–6, Plas vid nan pami Douz yo ranpli.

1 An verite, Senyè a di: Se pou yon konferans fèt imedyatman; se pou Douz yo òganize; epi se pou aple moun pou aranpli plas sa ki te tonbe yo.

2 Se pou sèvitè m nan, aThomas rete pou kèk tan nan peyi Siyon an pou pibliye pawòl mwen.

3 Se pou rès yo kontinye preche depi kounyeya, epi si yo fè sa avèk tout imilite nan kè yo, dousman epi avèk aimilite, ak bpasyans, mwen menm Senyè a, m ap fè yo yon pwomès pou m pran swen fanmi yo; epi yon pòt reyèl ap louvri pou yo depi kounyeya.

4 Epi nan prentan k ap vini an, se pou yo pati ale kote gwo dlo yo, epi se la pou yo pwopaje levanjil mwen an, plenitid levanjil la, epi pou yo rann temwayaj konsènan non mwen.

5 Senyè a di, se pou yo pran konje soti kite sen mwen yo nan vil Far West la, nan vennsizyèm jou Avril k ap vini an, sou anplasman kay mwen an.

6 Se pou sèvitè m nan, John Taylor, ak sèvitè m nan Wilford Woodruff, ak sèvitè m nan Willard Richards, lonmen pou ranpli plas moun ki te tonbe yo, epi pou nou fè yo konnen pozisyon yo ofisyèlman.