Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 119


Seksyon 119

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Far West, Missouri, 8 Jiyè 1838, kòm repons pou siplikasyon li a: “O Senyè! Montre sèvitè w yo konbyen ou rekòmande nan byen pèp ou a pou ladim.” Lwa ladim nan, jan nou konprann li jodi a, Legliz la pa t resevwa l anvan revelasyon sa a. Ekspresyon ladim nan nou fèk site a ak nan revelasyon anvan yo (64:23; 85:3; 97:11) te konn vle di non sèlman yon-dizyèm, men tou, tout ofrann volonte, oubyen kontribisyon pou finans Legliz la. Anvan sa Senyè a te bay Legliz la lalwa konsekrasyon an ak responsablite byen yo, lalwa sa a, manm yo (prensipalman ansyen ki anchaj yo) te adopte l atravè alyans etènèl. Poutèt anpil moun te manke pou yo mache daprè alyans sa a, Senyè a te wete l pou yon tan epi li te bay lalwa ladim nan pou tout Legliz la. Pwofèt la te mande Senyè a ki kantite nan byen yo li te rekòmande pou objektif sakre yo. Revelasyon sa a te bay repons lan.

1–5, Sen yo dwe peye kantite ki anplis nan byen yo epi apresa, pou yo bay chak lane, kòm ladim, dizièm pati nan revni yo; 6–7, Jan sa a pral sanktifye pey Siyon an.

1 An verite, Senyè a te di, m rekòmande tout byen yo gen aanplis pou nou mete nan men evèk legliz mwen an ki nan Siyon an,

2 Pou bati akay mwen an, epi pou fè fondasyon Siyon epi pou prètriz la, epi pou dèt prètriz Legliz mwen an.

3 Epi se pral kòmansman aladim pèp mwen an.

4 Epi Senyè a di, apre sa, moun ki te peye ladim sa yo pral peye yon dizyèm nan tout enterè yo chak ane; epi sa pral yon lalwa regilye pou yo pou tout tan, pou prètriz sen mwen an.

5 An verite m di nou konsa, se pral konsa, tout moun ki rasanble nan peyi aSiyon an pral peye ladim nan sou byen yo gen anplis, epi y ap obsève lalwa sa a, oubyen yo p ap diy pou yo rete pami nou.

6 Epi m di nou, si pèp mwen an pa obsève lalwa sa a, pou yo kenbe l sen, epi avèk lalwa sa a pou yo sanktifye tè aSiyon an pou mwen, pou kòmandman ak jijman m yo rete sou li, pou l kapab sa ki pi sen an, gade, an verite m di nou, li p ap yon peyi Siyon pou nou.

7 Epi sa ap yon egzanp pou tout apye ki nan Siyon yo. Se konsa sa ye. Amèn.