Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 12


Seksyon 12

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Joseph Knight, papa a, nan Harmony, Pennsylvania, Me 1829. Joseph Knight te kwè deklarasyon Joseph Smith te fè konsènan plak Liv Mòmon yo ki nan men l yo, ak travay tradiksyon an ki t ap pwogrese lè sa a, epi plizyè fwa, li te bay Joseph Smith ak grefye li a asistans materyèl, ki te pèmèt yo kontinye tradiksyon an. Sou demand Joseph Knight, Pwofèt la te mande Senyè a epi l te resevwa revelasyon an.

1–6, Travayè yo ki nan jaden an dwe jwenn sali; 7–9, Tout moun ki vle epi ki kalifye kapab ede nan travay Senyè a.

1 aYon gwo travay mèveye pral fèt pami pitit lèzòm yo.

2 Gade, m se Bondye; koute pawòl mwen, ki rapid epi ki pisan, ki pi file pase yon epe de bò, ki kapab divize jwenti yo ak mwèl yo fè de bout; se poutèt sa, koute pawòl mwen.

3 Gade, jaden an deja mi pou rekòlte; se poutèt sa, nenpòt moun ki vle rekòlte se pou l manche kouto digo l avèk pouvwa l, epi pou l rekòlte pandan tout jounen an, pou l kapab sere pou nanm li sali etènèl nan wayòm Bondye a.

4 Wi, nenpòt moun ki vle manche kouto digo l pou l rekòlte, moun sa a resevwa apèl li nan men Bondye.

5 Se poutèt sa, si ou mande m w ap resevwa; si ou frape m ap louvri pou ou.

6 Kounyeya, kòm ou te mande, gade, m di ou, respekte kòmandman m yo, chèche potekole epi chèche tabli kòz Siyon an.

7 Gade, m pale avèk ou epi tou avèk tout moun sa yo ki vle pote kole epi ki vle tabli zèv sa a;

8 Epi okenn moun pa kapab ede nan travay sa a si l pa gen aimilite epi si l pa ranpli avèk blanmou, si l pa gen clafwa, desperans, echarite, si l pa tanpere nan tout bagay, nenpòt bagay yo ta konfye l pou l pran swen an.

9 Gade, m se limyè ak lavi mond lan, ki pale pawòl sa yo, se poutèt sa koute avèk pouvwa ou, epi apre sa w ap resevwa apèl. Amèn.