Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 121


Seksyon 121

Priyè ak pwofesi Joseph Smith, Pwofèt la te ekri nan yon kourye pou Legliz la pandan l te prizonye nan prizon Liberty a, Missouri, nan dat 20 Mas 1839 la. Pwofèt la ak plizyè konpayon te nan prizon pandan plizyè mwa. Petisyon yo ak demann yo te rive kote ofisye egzekitif yo epi jidisyè yo pa t rive soulaje prizonye yo.

1–6, Pwofèt la plede avèk Senyè a poutèt soufrans Sen yo; 7–10, Senyè a ba l lapè; 11–17, Tout moun ki bay manti nan rele transgresyon kont pèp Senyè a ap modi; 18–25, Yo p ap gen dwa nan prètriz la epi y ap dane; 26–32, Moun ki reziste avèk vanyans yo resevwa pwomès relasyon gloriye; 33–40, Poukisa gen anpil moun ki aple epi se sèlman kèk ki chwazi; 41–46, Prètriz la dwe sèlman sèvi nan lajistis.

1 O Bondye, ki kote ou ye? kote paviyon ki kouvri kote w akache a?

2 Pou akonbyen tan men ou ap poze, ak je ou, wi je pi ou a, pou ou gade pandan ou nan syèl etènèl la, mechanste y ap fè pèp ou a ak sèvitè ou yo, epi pou zòrèy ou penetre avèk kriye yo?

3 Wi, Senyè a, akonbyen tan y ap soufri move opresyon ilegal sa yo, anvan pou kè ou vin sansib pou yo, epi pou zantray ou sansib avèk konpasyon pou yo?

4 O Senyè Bondye aToupisan, kreyatè syèl la, tè a, ak lanmè a, ak tout bagay ki ladan yo, ou menm ki kontwole epi ki soumèt dyab la, ak dominasyon fènwa malfezan Cheòl—lonje men ou; fikse je ou; louvri paviyon w nan, pa kite kote w bkache a kouvri ankò; panche zòrèy ou; fè kè ou sansib, epi se pou zantray ou sansib avèk konpasyon pou nou.

5 Se pou kòlè ou limen kont ènmi nou yo; epi nan kòlè kè ou, avanje moun ki te fè nou mal yo avèk epe ou.

6 Sonje sen ou yo k ap soufri yo, O Bondye nou an; epi sèvitè ou yo pral rejwi nan non ou pou tout tan.

7 Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou; aadvèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti moman;

8 Epi apre sa, si ou te asipote byen, Bondye ap leve ou anlè; w ap triyonfe sou tout ènmi ou yo.

9 aZanmi ou yo kanpe bò kote ou, epi yo pral louwe ou ankò avèk bon kè epi avèk men amikal.

10 Ou poko tankou aJòb; zanmi ou yo pa leve kont ou, ni tou yo pa akize ou pou transgresyon, menm jan yo te fè Jòb la.

11 Epi moun ki akize ou yo, ki di ou te fè transgresyon yo, esperans yo pral vòltije, epi espwa yo pral fonn tankou alawouze ki fonn devan reyon solèy k ap leve.

12 Epi tou Bondye te lonje men li epi l te sele pou l chanje atan yo ak sezon yo, epi pou l vegle panse yo, pou yo pa kapab konprann travay mèveye li yo; pou l kapab teste yo tou epi pou l pran yo nan pwòp fent yo;

13 Epi tou poutèt kè yo kòwonpi, epi bagay yo vle rale sou lòt moun, ak bagay yo renmen fè lòt moun soufri, ap tonbe sou ayo ak tout fòs;

14 Pou yo kapab dezoryante tou epi pou esperans yo kaba;

15 Epi Bondye di, anpil ane p ap pase, yo menm ak desandan yo pral bale soti anba syèl la, pou okenn ladan yo pa rete bò miray la.

16 Senyè a di, Tout moun ki leve talon yo kont awen mwen yo ap modi, epi ki rele pou fè konnen yo te fè bpeche devan mwen, lè okontrè yo te fè sa ki bon devan je mwen, ak bagay m te kòmande yo.

17 Men, moun ki rele transgresyon yo fè sa paske yo se sèvitè peche, epi yo se apitit dezobeyisans pou tèt pa yo.

18 Epi moun ki fè fo temwayaj kont sèvitè m yo, pou kapab mennen yo nan esklavaj ak lamò—

19 Malè yo; poutèt yo aofanse timoun piti m yo m ap sevre yo nan bòdonans kay mwen an.

20 aPanye yo p ap ranpli, kay yo ak grenye yo ap peri, epi menm moun ki te konn flate yo pral meprize yo.

21 Yo p ap gen dwa nan aprètriz la, ni pitit pitit yo apre yo depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon.

22 Sa t ap api bon pou yo si yo te mare yon pwa lou nan kou yo, epi yo nwaye nan pwofondè lanmè.

23 Senyè tout Lame yo di, malè pou tout moun ki pèsekite pèp mwen an, ki chase, ki touye, epi ki temwaye kont yo; yon ajenerasyon sèpan p ap chape anba kondanasyon lanfè.

24 Gade, je mwen a epi m konnen tout zèv yo, epi m gen an rezèv yon bjijman ki rapid nan sezon an pou yo tout;

25 Paske gen yon atan ki fikse pou chak moun, daprè bzèv li.

26 Bondye pral ba nou akonesans pa mwayen bLespri Sen li a, wi pa lantremiz cdon inesplikab Sentespri a, ki pa t janm revele depi mond lan te egziste jouk kounyeya;

27 Don zansèt nou yo t ap rete tann avèk anpil enpasyans ki dwe revele nan dènye tan yo, don zanj yo te montre nan panse yo a, ki te rezève pou laglwa toutantye yo a;

28 Yon tan ki pral rive lè aokenn bagay p ap kache, menm si gen yon Bondye oubyen anpil bbondye yo pral fè konnen yo.

29 Tout twòn ak dominasyon yo, otorite ak pouvwa yo, pral arevele epi yo pral tabli sou tout moun ki te pèsevere avèk vanyans pou levanjil Jezikri a.

30 Epi tou, si gen alimit ki tabli pou syèl yo ak lanmè yo, oubyen pou tè sèch yo, oubyen pou solèy la, oubyen lalin nan, oubyen zetwal yo—

31 Tout lè revolisyon yo, tout jou ki te tabli pou yo, mwa, ak ane yo, epi tout jou nan epòk yo, mwa, epi ane yo, ak tout laglwa yo, lalwa yo, ak lè ki te tabli yo, pral revele nan epòk adispansasyon toutantye tan yo—

32 Daprè sa ki te òdone nan mitan aKonsèy bBondye Etènèl tout lòt bondye yo anvan mond sa a te egziste, ki ta dwe rezève pou finisman ak lafen an, lè chak moun pral antre nan cprezans etènèl li a ak nan drepo imòtèl li a.

33 Konbyen tan dlo k ap desann yo kapab rete sal? Ki pouvwa ki kapab kontwole syèl yo? menm jan an tou lòm ta kapab lonje ponyèt fèb li pou rete rivyè Missouri a nan wout ki te dekrete pou li a, oubyen pou fè kouran an vire monte, menm jan an tou pou anpeche Toupisan an vide akonesans desann soti nan syèl la sou tèt Sen dènye jou yo.

34 Gade, gen anpil moun ki aaple, men, se kèk ki bchwazi. Epi poukisa yo pa chwazi?

35 Paske kè yo tèlman chita sou bagay ki nan amond sa a, epi yo espere bonè nan men lèzòm, yo pa aprann sèl leson sa a—

36 Ki di, adwa prètriz yo makònen seresere avèk bpouvwa syèl la, epi pouvwa syèl la pa kapab kontwole ni manipile san se pa avèk prensip clajistis.

37 Yo kapab konfere sou nou, se vre; men, lè nou deside pou nou akouvri bpeche nou yo, oubyen pou nou pran plezi nan clògèy nou yo, oubyen anbisyon vanite nou yo, oubyen pou nou egzèse kontwòl oubyen dominasyon oubyen presyon sou nanm pitit lèzòm, nan nenpòt degre enjistis, gade, syèl la dwete tèt li; Lespri Senyè a atriste; epi lè Bondye wete l, Amèn pou prètriz la oubyen otorite nonm sa a.

38 Gade, li avèti, yo kite l pou kont li, pou l alite avèk malen an, pou l bpèsekite Sen yo, epi pou l goumen avèk Bondye.

39 Nou te aprann, pa mwayen eksperyans ki tris, se nan anati ak dispozisyon prèske tout moun, depi yo gen yon ti otorite, jan yo sipoze a, yo kòmanse egzèse dominasyon enjis imedyatman.

40 Se poutèt sa, gen anpil moun ki aple, men, se sèlman kèk moun ki chwazi.

41 Okenn pouvwa oubyen enfliyans pa kapab oubyen pa ta dwe egzèse pa mwayen prètriz la eksepte pou apesyade, avèk bpasyans, avèk jantiyès, dousman, epi avèk amou enfayib;

42 Avèk jantiyès, ak konesans ki pi, ki grandi nanm moun anpil san aipokrizi, epi san briz

43 Pou akorije moun kèk fwa dirèkteman, lè Sentespri a anime yo; epi apre sa pou yo montre yon pi gwo blanmou pou moun ou te korije a, pou l pa konsidere ou kòm yon ènmi;

44 Pou l kapab konnen fidelite ou pi fò pase kòd lanmò.

45 Se pou zantray ou tou chaje avèk charite pou tout moun, ak pou frè ki gen lafwa, epi se pou avèti gani bpanse ou san rete; apre sa konfyans w ap grandi anpil nan prezans Bondye; epi doktrin prètriz la ap koule nan nanm ou tankou clawouze ki soti nan syèl la.

46 aSentespri a ap konpayon ou tout tan, pwoteksyon ou san chanje, pwoteksyon lajistis ou ak verite ou; epi dominasyon ou ap yon bdominasyon etènèl, epi san presyon l ap koule vin jwenn ou pou toujou ajamè.