Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 122


Seksyon 122

Pawòl Senyè a te pale Joseph Smith, Pwofèt la pandan li te prizonye nan prizon Liberty a, Missouri. Seksyon sa a se yon ekstrè ki soti nan yon kourye pou Legliz la ki date 20 Mas 1839 (gade antèt seksyon 121 an).

1–4, Tout kwen tè a pral chèche konnen non Joseph Smith; 5–7, Tout peripesi l yo ak soufrans li yo pral ba li eksperyans epi se pral pou byen l; 8–9, Pitit Gason Lòm nan te desann pi ba pase yo tout.

1 Tout kwen tè a pral chèche konnen anon ou, epi moun ensanse pral pase w nan betiz, epi lanfè a pral anraje kont ou;

2 Pandan tan sa a tou, moun ki gen kè pwòp yo, ak moun ki saj yo ak moun ki nòb yo, ak moun ki gen vèti yo, pral chèche akonsèy, ak otorite, ak benediksyon tout tan anba men ou.

3 Epi pèp ou a p ap janm vire kont ou poutèt temwayaj moun ki trèt yo.

4 Epi malgre enfliyans yo pral lage ou nan pwoblèm, nan prizon ak kacho, w ap onore; epi pou sèlman yon ti amoman, epi vwa ou pral pi terib nan mitan ènmi ou yo pase blyon ki move akoz lajistis ou; epi Bondye ou la pral kanpe bò kote ou pou tout tan ajamè.

5 Si ou aple pou ou pase anba tribilasyon; si ou an danje pami fo frè; si ou an danje nan pami vòlè; si ou an danje sou tè a oubyen sou lanmè;

6 Si moun akize ou nan tout kalite fo akizasyon; si ènmi ou yo tonbe sou ou; si yo pouse ou soti nan sosyete papa ou ak manman ou, ak frè ou yo ak sè ou yo; epi si ènmi ou yo pran epe pou dekole ou soti nan zantray madanm ou, ak pitit ou, ak pi gran pitit gason w nan, malgre li sèlman gen sizan, malgre li kroke nan rad ou epi li di, Papa, papa, poukisa ou pa kapab rete avèk nou? O, papa, kisa moun sa yo pral fè avèk ou? epi apre sa si yo separe l avèk ou avèk epe, epi yo trennen ou nan prizon, epi ènmi ou yo ap fè rapas alantou w tankou alou yo ki dèyè bwè san ti mouton an;

7 Epi si yo ta jete ou nan twou, oubyen nan men asasen, epi yo ba ou santans lanmò; si yo ajete w nan ravin fon; si lang pèvès konspire kont ou; si move van vin tounen ènmi w; si syèl la rasanble tenèb, epi eleman yo konbine pou bare wout la; epi apre tout bagay sa yo, si bouch blanfè a menm ta louvri laj kont ou, ou dwe konnen, pitit gason m nan, tout bagay sa yo ap ba w ceksperyans, epi se ap pou byen w.

8 aPitit Gason Lòm nan te bdesann pi ba pase yo tout. Èske ou pi gran pase l?

9 Se poutèt sa, rete sou wout ou ye a, epi prètriz la ap arete avèk ou; paske blimit moun sa yo deja fikse, yo pa kapab pase. M konnen cjou w yo, epi ane ou yo p ap vin mwens; se poutèt sa, pa d sa lòm kapab fè, paske Bondye ap avèk ou pou toujou ajamè.