Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 124


Seksyon 124

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Nauvoo, Illinois, 19 Janvye 1841. Akoz pèsekisyon ak aktivite ilegal dirijan leta yo te mennen kont yo, Sen yo te oblije kite Missouri. Gouvènè Missouri a, Lilburn W. Boggs, te bay lòd pou ekstèminasyon an, nan dat 27 Oktòb 1838, ki pa t ba yo okenn lòt chwa. An 1841, lè yo te resevwa revelasyon sa a, vil Nauvoo a, ki te okipe plas ansyen vilaj Commerce, nan Illinois a, se Sen yo ki te bati l, epi se la katye jeneral Legliz la te tabli.

1–14, Joseph te resevwa kòmandman pou l fè yon pwoklamasyon solanèl konsènan levanjil la devan prezidan Etazini an, gouvènè yo, ak dirijan yo ki nan nasyon an; 15–21, Hyrum Smith, David W. Patten, Joseph Smith, papa a, ak lòt moun pami vivan yo ak mò yo beni poutèt entegrite yo ak vèti yo; 22–28, Sen yo resevwa kòmandman pou yo bati yon kay amizman pou etranje yo ak yon tanp nan Nauvoo; 29–36, Batèm pou mò yo dwe fèt nan tanp yo; 37–44, Pèp Senyè a toujou bati tanp pou akonpli òdonans sakre yo; 45–55, Sen yo gen ekskiz pou yo pa bati tanp lan nan Konte Jackson poutèt opresyon ènmi yo; 56–83, Yo resevwa direksyon pou bati Kay nan Nauvoo a; 84–96, Hyrum Smith resevwa apèl kòm patriyach, pou l resevwa kle, epi pou l pran plas Oliver Cowdery; 97–122, William Law ak lòt moun resevwa konsèy nan travay yo; 123–145, Otorite Jeneral ak lokal resevwa apèl, ansanm avèk devwa yo ak afilyasyon nan kowòm yo.

1 An verite, Senyè a di ou konsa, sèvitè m nan, Joseph Smith, m kontan avèk ofrann ou a ak rekonesans ou te bay la; paske se pou rezon sa a m te leve ou, pou m kapab montre lasajès mwen pa mwayen bagay afèb ki sou tè a.

2 Priyè ou yo akseptab devan mwen; epi kòm repons pou yo m di ou, ou aple imedyatman kounyeya pou ou fè yon pwoklamasyon solanèl konsènan levanjil mwen an, ak apye sa a m te plante kòm yon wòch kwen nan Siyon, ki pral poli avèk rafinman daprè resanblans yon palè.

3 Pwoklamasyon sa a dwe fèt devan tout awa yo ki nan mond lan, nan kat kwen mond lan yo, devan prezidan onorab ki te lonmen an, ak gwo chèf gouvènè yo ki nan nasyon kote w ap viv la, ak devan tout nasyon sou tè a ki gaye toupatou.

4 Se pou sa ekri selon lespri adou epi avèk pouvwa Sentespri a, ki pral avèk ou nan lè ou ap ekri bagay sa a;

5 Paske ou pral resevwa sa nan men Sentespri a pou ou konnen volonte m konsènan wa sa yo ak otorite sa a, menm kisa ki pral rive yo nan tan ki pral vini an.

6 Paske, gade, m ap pare pou m aple yo pou yo kapab bay limyè ak laglwa Siyon an atansyon, paske tan fikse a rive an favè li.

7 Se poutèt sa, rele yo avèk yon pwoklamasyon ki fò, epi avèk temwayaj ou, pou w pa pè yo, paske yo tankou azèb, epi tout laglwa yo tankou flè zèb yo ki pral tonbe talè konsa, pou yo kapab rete tou san ekskiz—

8 Epi pou m kapab al wè yo nan jou vizit la, lè wete vwal ki kouvri figi m nan, pou m bay opresè a pòsyon pa li pami ipokrit yo, kote gen amanje dan, si yo rejte sèvitè m yo ak temwayaj mwen m te revele ba yo a.

9 Epi ankò m pral vizite yo epi m pral touche kè yo, anpil ladan yo pou byen, pou ou kapab jwenn lagras devan je yo, pou yo kapab vini nan alimyè verite a, ak Janti yo pou yo egzalte oubyen leve Siyon.

10 Paske jou vizit mwen an ap vini rapid rapid, nan yon a w p ap panse; epi ki kote sekirite pèp mwen an, ak refij pou moun ki pral rete pami yo a pral ye?

11 Reveye nou, O wa yo ki sou tè a! vini, O, vini avèk lò nou yo ak lajan nou yo, pou ede pèp mwen an, nan kay pitit fi Siyon yo.

12 Epi ankò, an verite m di ou, se pou sèvitè m nan, Robert B. Thompson ede ou ekri pwoklamasyon sa a, paske m kontan avèk li, epi li ta dwe avèk ou;

13 Se poutèt sa, se pou l koute konsèy ou, epi m ap beni l avèk anpil anpil benediksyon; se pou l fidèl epi vrè nan tout bagay depi kounyeya, epi l ap gran devan je m;

14 Men, se pou l sonje m pral mande l rapò sou aresponsablite l.

15 Senyè a di, epi ankò, an verite m di ou, sèvitè m nan, aHyrum Smith beni; paske mwenmenm Senyè a, m renmen l poutèt bentegrite kè li, epi li renmen sa ki jis devan mwen.

16 Epi ankò, se pou sèvitè m nan, John C. Bennett ede ou nan travay ou pou voye pawòl mwen bay wa yo ak pèp yo ki sou tè a, epi pou l kanpe bò kote ou, oumenm, sèvitè m nan, Joseph Smith, nan moman afliksyon ou; epi rekonpans li p ap manke si l resevwa akonsèy.

17 Senyè a di, epi poutèt amou li l ap vin gran, paske l ap pou mwen si l fè sa. M wè travay li te fè a, epi m aksepte l si l kontinye, epi m ap kouwone l avèk benediksyon ak gran laglwa.

18 Epi ankò, m di ou, se volonte m pou sèvitè m nan, Lyman Wight ta kontinye preche pou Siyon, nan lespri dou, pou l konfese mwen devan mond lan; epi m ap pote li tankou sete sou zèl yon aèg; epi l ap kreye laglwa ak onè pou tèt pa li nan non mwen.

19 Pou lè l fini travay li, m kapab resevwa l kote m, jan m te fè pou sèvitè m nan, aDavid Patten nan, ki avèk mwen kounyeya, ak sèvitè m nan bEdward Partridge, ak sèvitè m nan ki aje a, cJoseph Smith, papa a, ki chita davèk Abraram bò kote dwat li, epi li beni epi li sen, paske li pou mwen.

20 Epi ankò, an verite m di ou, sèvitè m nan, George Miller san avis; moun kapab fè li konfyans poutèt entegrite kè li; epi poutèt lanmou li genyen pou temwayaj mwen an, mwen menm Senyè a, m renmen l.

21 Senyè a di, se poutèt sa, m di ou, m sele ofis aepiskopa a sou tèt li, tankou sèvitè m nan, Edward Partridge, pou l kapab resevwa konsekrasyon kay mwen an, pou l kapab administre benediksyon sou tèt pòv yo pami pèp mwen an. Se pou pèsonn pa meprize sèvitè m nan, George, paske li pral onore m.

22 Se pou sèvitè m nan, George, ak sèvitè m nan Lyman, ak sèvitè m nan, John Snider, ak lòt moun bati yon akay pou non mwen, youn jan sèvitè m nan, Joseph Smith pral montre yo a, nan plas li pral montre yo a tou.

23 Epi se pral yon pansyon, yon kay kote etranje yo kapab soti byen lwen pou yo vin loje; se poutèt sa li dwe yon bon kay, ki toutafè akseptab, pou avwayajè ki fatige kapab jwenn sante ak sekirite pandan l ap kontanple pawòl Senyè a; ak wòch bkwen an m te tabli pou Siyon an.

24 Kay sa a dwe yon kay ki konfòtab epi li dwe bati nan non mwen, si gouvènè ki tabli sou tèt li a aksepte pou okenn salte pa antre ladan l. L ap sen, oubyen Senyè Bondye nou an p ap rete ladan.

25 Epi ankò, an verite m di ou, se pou tout sen mwen yo vin soti byen lwen.

26 Epi voye mesaje ki rapid, wi, chwazi mesaje epi di yo: Vini avèk tout lò nou yo, ak lajan nou yo, ak bijou chè nou yo, epi ak tout bagay antik nou yo; epi tout moun ki gen konesans konsènan antikite, ki vle vini, yo kapab vini pou yo pote bui, ak sapen, ak bwapen, ansanm ak tout pyebwa presye latè yo.

27 Epi avèk fè, avèk kwiv, avèk eren, avèk zenk, epi avèk tout bagay chè nou genyen sou tè a; epi bati yon akay pou non mwen, pou Bondye Ki Pi Wo a babite ladan l.

28 Paske pa gen okenn plas sou tè a li kapab vini pou l atabli pou nou ankò sa ki te pèdi a, oubyen sa li te wete a, prètriz toutantye a menm.

29 Paske pa gen yon fon abatismo sou tè a, kote pou, sen mwen yo kapab bbatize pou moun ki te mouri yo—

30 Paske òdonans sa a se pou kay mwen an, epi li p ap akseptab pou mwen, eksepte nan jou povrete nou yo, lè nou pa kapab bati yon kay pou mwen.

31 Men, m kòmande nou tout sen mwen yo pou abati yon kay pou mwen; epi m akòde nou ase tan pou nou bati yon kay pou mwen; epi pandan lè sa a batèm nou yo ap akseptab pou mwen.

32 Senyè Bondye nou an di, men gade, alafen angajman sa a, batèm pou mò nou yo p ap akseptab pou mwen; epi si nou pa fè bagay sa yo alafen angajman an m ap rejte nou kòm yon legliz, avèk tout mò nou yo.

33 Paske an verite m di nou, apre nou fin gen ase tan pou nou bati yon kay pou mwen, kote òdonans batèm pou mò yo dwe fèt, epi pou batèm sa a tanp la te tabli depi anvan fondasyon mond lan, batèm pou mò nou yo p ap kapab akseptab devan mwen;

34 Paske akle prètriz sen yo òdone ladan l pou nou kapab resevwa onè ak laglwa.

35 Senyè a di, epi apre lè sa a, batèm pou mò nou yo, moun ki dispèse lòt kote yo pral fè yo p ap akseptab pou mwen.

36 Paske sa dwe fèt nan Siyon, ak nan pye li yo, ak nan Jerizalèm, kote sa yo m tabli kòm arefij yo, se pral plas pou batèm pou mò nou yo.

37 Epi ankò, an verite m di nou, kòman alavman nou yo ap fè akseptab pou mwen si nou pa akonpli yo nan yon kay nou bati nan non mwen?

38 Paske, se poutèt rezon sa a m te kòmande Moyiz pou l bati yon atabènak, pou yo te pote l avèk yo nan dezè a, epi pou yo bati yon bkay nan tè pwomiz la, pou òdonans sa yo ki te la depi anvan mond lan te egziste a kapab revele.

39 Se poutèt sa, an verite m di nou, aonksyon nou yo, ak lavman nou yo, ak bbatèm nou yo pou mò yo, ak casanble solanèl nou yo, ak souvni nou yo pou dsakrifis nou yo pitit gason Levi yo pral fè yo, ak pryè nou yo nan plas ki pi esen nou yo kote nou resevwa konvèsasyon yo, regleman ak jijman nou yo, pou kòmansman revelasyon ak fondasyon Siyon yo, epi pou laglwa, onè, ak dotasyon tout branch li yo, òdone avèk òdonans kay sen mwen an, m toujou kòmande pèp mwen an pou yo bati nan non sen mwen an.

40 Epi an verite m di nou, se pou kay sa a bati nan non mwen, pou m kapab revele òdonans mwen yo ladan l pou pèp mwen an;

41 Paske m vle arevele bay legliz mwen an bagay ki te rete bkache depi anvan fondasyon mond lan, bagay ki gen rapò avèk dispansasyon ctoutantye tan yo.

42 Epi am pral montre sèvitè m nan, Joseph, tout bagay ki gen rapò avèk kay sa a, ak prètriz ki ladan l nan, ak plas kote l pral bati a.

43 Epi nou dwe bati l nan plas nou te kontanple pou nou bati l la, paske se kote m te chwazi pou nou bati l la.

44 Si nou travay avèk tout pouvwa nou, m ap konsakre kote sa a pou m fè l vin asen.

45 Epi si pèp mwen an koute vwa m, ak vwa asèvitè m yo m tabli pou dirije pèp mwen an, gade, an verite m di nou, moun p ap deplase yo nan plas yo a.

46 men, si yo pa koute vwa m ni vwa moun sa yo m tabli yo, yo p ap beni, paske yo souye teren sen mwen yo, ak òdonans sen mwen yo, regleman yo, ak pawòl sen mwen yo m te ba yo a.

47 Senyè a di, epi se pral konsa si nou bati yon kay nan non mwen, epi nou pa fè bagay m di yo, m p ap akonpli aalyans m fè avèk nou yo, ni tou m p ap akonpli pwomès n ap rete tann nan men m yo.

48 Senyè a di, paske, nan aplas benediksyon, avèk zèv pa nou, nou rale malediksyon, kòlè, endiyasyon, ak jijman sou pwòp tèt pa nou, akoz foli nou yo, epi akoz abominasyon nou yo nou pratike devan mwen.

49 An verite, an verite, m di nou, lè m bay nenpòt nan pitit lèzòm yo yon kòmandman pou yo fè yon travay nan non mwen, epi pitit lèzòm sa yo ale avèk tout pouvwa yo, epi avèk tout sa yo genyen pou yo akonpli travay sa a, epi yo pa sispann adilijans yo, epi ènmi yo vini sou yo pou anpeche yo akonpli travay sa a, gade, se nesesè pou m pa begzye travay sa a nan men pitit lèzòm sa yo ankò, men, pou m aksepte ofrann yo.

50 Epi Senyè Bondye a di, m ap avanje inikite ak transgresyon lalwa sen ak kòmandman m yo sou tèt moun ki te anpeche travay mwen yo, jouk nan twazyèm ak katriyèm bjenerasyon, toutotan yo pa crepanti, epi yo rayi m.

51 Senyè Bondye nou an di konsa, se poutèt sa, pou rezon sa a m aksepte ofrann moun m te kòmande pou bati yon vil ak yon akay nan non mwen yo, nan bKonte Jackson, Missouri, epi ènmi yo te anpeche yo a.

52 Epi Senyè Bondye nou an di, m ap repann ajijman, kòlè, ak endiyasyon, manje dan sou tèt yo, jouk nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon, touttan yo pa repanti, epi yo rayi mwen.

53 Epi Senyè Bondye nou an di, men yon egzanp m ap ba nou, pou konsolasyon nou konsènan tout moun ki te resevwa kòmandman pou yo fè yon travay epi men ènmi yo te anpeche yo, epi pa mwayen opresyon.

54 Paske, Senyè di, M se Senyè Bondye nou an, epi m ap sove tout frè nou yo ki gen kè apwòp, moun te btouye nan Missouri.

55 Epi ankò, an verite m di nou, m kòmande nou ankò pou nou bati yon akay nan non mwen, nan plas sa a menm, pou nou kapab bjistifye tèt nou devan m pou montre nou fidèl nan tout bagay m kòmande nou, pou m kapab beni nou, epi kouwone nou avèk onè, imòtalite ak lavi etènèl.

56 Epi kounyeya m di nou, konsènan akay pou pansyon m te mande nou bati pou pansyonè etranje yo, se pou l bati nan non mwen, epi se pou non mwen ekri sou li, epi se pou sèvitè m nan, Joseph ak moun lakay li gen plas ladan l, depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon.

57 Paske m mete onksyon sa a sou tèt li, pou benediksyon li plase sou tèt pitit pitit li yo apre li.

58 Epi jan m te di aAbraram konsènan fanmi yo ki sou tè a, se konsa m di sèvitè m nan, Joseph: nan ou menm ak nan bdesandan ou yo fanmi yo ki sou tè a pral beni.

59 Senyè a di, se poutèt sa, se pou sèvitè m nan, Joseph ak desandan li yo apre li gen plas nan kay sa a, depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon, pou toujou ajamè.

60 Epi se pou non kay sa a rele Kay Nauvoo; epi li dwe yon bon abitasyon pou moun, epi yon plas repo pou vwayajè ki fatige, pou yo kapab kontanple laglwa Siyon, ak laglwa kote sa a, pwen santral li;

61 Pou vwayajè yo kapab resevwa konsèy nan men moun m tabli kòm aplantasyon ki gen renome yo, epi kòm bsantinèl sou miray li yo.

62 Gade, an verite m di, se pou sèvitè m nan George Miller, ak sèvitè m nan Lyman Wight, Ak sèvitè m nan John Snider, ak sèvitè m nan Peter Haws, òganize tèt yo, epi pou yo lonmen youn pami yo kòm prezidan sou tèt kowòm yo a nan objektif pou yo bati kay sa a.

63 Epi yo dwe fòme yon komite, kote yo kapab resevwa kotizasyon pou bati kay la.

64 Epi yo pa dwe resevwa mwens pase senkant dola kòm kotizasyon nan kay sa a, epi yo dwe gen pèmisyon pou yo resevwa kenz mil dola nan men nenpòt moun kòm kotizasyon nan kay sa a.

65 Men, yo pa dwe gen pèmisyon pou yo resevwa plis pase kenz mil dola kotizasyon nan men okenn moun.

66 Epi yo pa dwe gen pèmisyon pou yo resevwa mwens pase senkant dola kòm kotizasyon nan men okenn moun nan kay sa a.

67 Epi yo pa dwe gen pèmisyon pou yo resevwa okenn moun k ap envesti nan kay sa a san moun nan pa peye yo kotizasyon li pandan l ap resevwa pati pal;

68 Epi pou kantite kotizasyon li peye a, li dwe resevwa yon pòsyon nan kay sa a; men ki koresponn ak sa li bay la si l pa peye yo anyen, li pa dwe resevwa okenn pòsyon nan kay sa a.

69 Epi Senyè Bondye ou la di konsa, si nenpòt moun peye yo kotizasyon li, se pral pou dwa l nan kay sa a; pou tèt pa l ak pou jenerasyon apre li a, depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon, toutotan limenm ak eritye li yo kenbe dwa sa a, epi yo pa vann oubyen bay dwa yo avèk pwòp volonte pa yo, si nou fè volonte mwen.

70 Epi ankò, an verite m di nou, si sèvitè m nan George Miller, ak sèvitè m nan Lyman Wight, ak sèvitè m nan, John Snider, ak sèvitè m nan, Peter Haws, resevwa nenpòt kotizasyon, an lajan oubyen an pwopriyete kote yo resevwa valè reyèl pou lajan an, yo pa dwe depanse okenn pòsyon nan lajan sa a pou okenn lòt bagay, eksepte pou kay sa a.

71 Epi Senyè Bondye a di, si yo depanse nenpòt pòsyon nan kotizasyon sa a nan nenpòt lòt bagay, san konsantman mèt dwa a, epi yo pa peye kat fwa plis pou kotizasyon yo depanse yon lòt kote a, y ap modi, epi m ap wete yo nan plas yo a; paske mwen menm Senyè a, m se Bondye, epi moun pa kapab amoke m nan okenn bagay sa yo.

72 Senyè a di, an verite m di nou, se pou sèvitè m nan, Joseph peye yo kotizasyon nan men yo pou bati kay sa a, jan lide l di l; men sèvitè m nan, Joseph pa kapab peye plis pase kenz mil dola kotizasyon nan kay sa a, ni mwens pase senkant dola; ni tou okenn lòt moun pa kapab.

73 Epi gen lòt moun tou ki vle konnen volonte m konsènan yo, paske yo te mande m.

74 Se poutèt sa, m di ou konsènan sèvitè m nan, Vinson Knight, si l vle fè volonte m, se pou l mete kotizasyon nan kay sa a pou tèt pa l, epi pou jenerasyon apre li, depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon.

75 Senyè a di, epi se pou l leve vwa l lontan epi fò nan mitan pèp la, pou l aplede kòz pòv yo ak moun ki nan nesesite yo; li pa dwe manke fè sa, ni tou li pa dwe fayi; epi m ap baksepte nan ofrann li yo, paske yo p ap tankou ofrann Kayen yo devan mwen, paske l ap pou mwen.

76 Senyè a di, se pou fanmi sa a rejwi epi pou yo tounen kè yo lwen afliksyon; paske m chwazi l epi m ba li onksyon, epi l ap onore nan mitan lakay li, paske m ap padone tout peche li yo.

77 An verite m di ou, se pou sèvitè m nan, Hyrum, mete kotizasyon nan kay sa a jan lide l di l, pou tèt pa l ak jenerasyon l li apre, depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon.

78 Se pou sèvitè m nan, Isaac Galland mete kotizasyon nan kay sa a, paske mwen menm, Senyè a, m renmen l poutèt travay li te fè, epi m ap padone l tout peche l yo; se pou yo sonje l kòm yon enterè nan kay sa a depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon.

79 Se pou sèvitè m nan, Isaac Galland lonmen pami nou, epi se pou sèvitè m nan, William Marks òdone l, epi pou l beni l, pou l ale avèk sèvitè m nan, Hyrum pou akonpli travay sèvitè m nan, Joseph montre yo, epi y ap beni anpil.

80 Se pou sèvitè m nan, William Marks, peye kotizasyon nan kay sa a, jan lide l di l, pou tèt pa l ak jenerasyon l, depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon.

81 Se pou sèvitè m nan, Henry G. Sherwood, peye kotizasyon nan kay sa a, jan lide l di l, pou tèt pa l ak desandan l yo apre li, depi nan yon jenerasyon jis nan yon lòt jenerasyon.

82 Se pou sèvitè m nan, William Law, peye kotizasyon nan kay sa a, pou tèt pa l ak desandan l yo apre li, depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon.

83 Si l vle fè volonte m, li pa dwe mennen fanmi l nan peyi lès yo, sa vle di nan Kirtland; Sepandan, mwenmenm Senyè a, m ap bati Kirtland, men, mwenmenm Senyè a, m gen yon epidemi ki prepare pou abitan ki ladan l yo.

84 Epi avèk sèvitè m nan, Almon Babbitt, gen anpil bagay ki pa fè m plezi; gade, li aspire pou l bati konsèy pa li nan plas konsèy m te òdone a, konsèy Prezidans Legliz mwen an menm; epi li tabli yon jèn bèf aannò pou pèp mwen an adore.

85 Pèsonn ki te avini isit la pou eseye respekte kòmandman m yo pa dwe kite isit la.

86 Si yo viv isit la se pou yo viv pou mwen; epi si yo mouri se pou yo mouri pou mwen; paske yo pral arepoze nan tout travay yo isit la, epi yo pral kontinye zèv yo.

87 Se poutèt sa, se pou sèvitè m nan, William mete konfyans li nan mwen, epi pou l sispann gen lakrent konsènan fanmi li, poutèt maladi ki nan peyi a. Si nou arenmen mwen, kenbe kòmandman m yo; epi maladi ki nan peyi a ap bajoute sou laglwa nou.

88 Senyè a di, se pou sèvitè m nan, William, ale pwoklame levanjil etènèl mwen an avèk yon vwa fò, epi avèk anpil lajwa, daprè jan aLespri a enspire l, devan abitan Warsaw yo, epi tou devan abitan Carthage yo, ak devan abitan Burlington yo, epi tou devan abitan Madison yo, epi pou l ret tann avèk pasyans epi avèk dilijans pou enstriksyon adisyonèl nan konferans jeneral mwen an.

89 Si l vle fè volonte m, depi kounyeya se pou l koute konsèy sèvitè m nan, Joseph, epi pou l sipòte avèk enterè pa li, akòz pòv yo, epi pou l pibliye bnouvo tradiksyon pawòl sen mwen a an ba abitan yo ki sou tè a.

90 Epi si l fè sa, m ap abeni l avèk yon pakèt benediksyon li p ap bliye, ni tou desandan li yo p ap tonbe nan bmandisite.

91 Epi ankò, an verite m di ou, se pou sèvitè m nan, William chwazi, pou l òdone, epi pou l resevwa onksyon kòm konseye sèvitè m nan, Joseph, nan plas sèvitè m nan, Hyrum, pou sèvitè m nan, Hyrum kapab pran ofis Prètriz ak aPatriyach papa l te ba li a pa mwayen benediksyon epi ak dwa legal la;

92 Pou depi kounyeya, li kapab kenbe kle benediksyon apatriyakal yo sou tèt tout pèp mwen an,

93 Pou nenpòt moun li beni kapab beni, epi nenpòt moun li amodi kapab modi; pou nenpòt bagay li bmare sou tè a kapab mare nan syèl la tou; epi nenpòt bagay li demare sou tè a kapab demare nan syèl la tou.

94 Epi depi kounyeya m chwazi l pou l kapab yon pwofèt, yon avwayan, ak yon revelatè pou legliz la, ansanm avèk sèvitè m nan, Joseph;

95 Pou l kapab aji an amoni tou avèk sèvitè m nan, Joseph; epi tou pou l kabab resevwa konsèy nan men sèvitè m nan, Joseph, ki pral montre l akle li kapab itilize pou l mande epi pou l resevwa, epi pou l kouwone avèk menm benediksyon, ak laglwa, ak onè, ak prètriz, ak don prètriz, m te mete yon fwa sou moun sa a ki te sèvitè m nan, bOliver Cowdery;

96 Pou sèvitè m nan, Hyrum, kapab rann temwayaj konsènan bagay m pral montre l yo, pou non li rete kòm yon souvni onorab depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lot jenerasyon, pou toujou ajamè.

97 Se pou sèvitè m nan, William Law resevwa kle pou l itilize pou l kapab mande epi pou l kapab resevwa benediksyon yo tou; se pou l gen aimilite devan mwen, epi pou l san bdefo, epi l ap resevwa nan Lespri mwen an, cKonsolatè a menm, ki pral manifeste verite ki nan tout bagay m ba li, epi m pral ba li sa pou l di nan moman pou l di l la.

98 Epi asiy sa yo pral suiv li—li pral bgeri malad, li pral chase dyab, epi li pral delivre anba moun ki ta ba li pwazon;

99 Epi m ap dirije l nan chemen kote sèpan apwazonnen pa kapab pike talon l, epi l ap monte nan bimajinasyon panse l tankou sete sou zèl èg.

100 Epi kisa ki genyen si m ta vle l leve moun ki mouri, se pou l pa sispann pale.

101 Senyè Bondye nou an di, se poutèt sa, se pou sèvitè m nan, William, rele fò epi pou l pa ralanti, epi avèk louwanj pou moun ki chita sou twòn nan pou toujou ajamè a.

102 Gade, m di ou, m gen yon misyon ki rezève pou sèvitè m nan, William, ak sèvitè m nan, Hyrum, epi se pou yomenm sèlman; epi se pou sèvitè m nan, Joseph rete lakay li, paske yo bezwen l. M ap montre l rès la apre. Mwen di. Amèn.

103 Epi ankò, an verite, m di ou, si sèvitè m nan, aSidney vle sèvi m pou l vin yon konseye pou sèvitè m nan, Joseph, se pou l leve vini epi pou l kanpe nan ofis apèl li a, epi pou l gen imilite devan mwen.

104 Epi si l ofri m yon sakrifis ki akseptab, ak rekonesans, epi l rete avèk pèp mwen an, gade, mwenmenm Senyè Bondye w la, m ap geri l pou l kapab geri; epi l ap leve vwa l ankò sou mòn yo, epi l ap vin tounen yon apòtpawòl devan fas mwen.

105 Se pou l vini epi pou l mete fanmi li rete nan vwazinaj kote sèvitè m nan, Joseph, rete a.

106 Epi nan tout vwayaj li yo se pou l leve vwa l kòm si se te avèk vwa yon twonpèt, epi pou l avèti abitan yo ki sou tè a pou yo dezète lwen kòlè ki pral vini an.

107 Se pou l asiste sèvitè m nan, Joseph, epi tou se pou sèvitè m nan, William Law ede sèvitè m nan, Joseph, pou l fè yon apwoklamasyon solanèl devan wa yo ki sou tè a, menm jan m te di ou anvan an.

108 Si sèvitè m nan, Sidney vle fè volonte m, se pou l pa deplase fanmi l ale nan zòn alès yo, men, se pou l chanje abitasyon yo jan m te di a menm.

109 Gade, se pa volonte m pou l chèche jwenn sekirite ak refij an deyò vil m te tabli nou an, vil aNauvoo a menm.

110 An verite m di ou, menm kounyeya, si l koute vwa m, sa ap bon pou li. Se konsa sa ye. Amèn.

111 Epi ankò, an verite m di ou, se pou sèvitè m nan, Amos Davies peye moun m te chwazi yo kotizasyon pou bati yon kay pou pansyon an, kay Nauvoo a menm.

112 Se sa pou l fè si l vle gen yon enterè; epi se pou l koute konsèy sèvitè m nan, Joseph, epi pou l travay avèk pwòp men pa l pou l lèzòm kapab gen konfyans nan li.

113 Epi lè l pwouve tèt li fidèl nan tout bagay yo mete sou kont li yo, wi, menm kèk bagay, y ap mete l adirijan sou anpil bagay;

114 Se poutèt sa, se pou l abese tèt li pou l kapab egzalte. Se konsa sa ye. Amèn.

115 Epi ankò, an verite m di ou, si sèvitè m nan, Robert D. Foster vle obeyi vwa mwen, se pou l bati yon kay pou sèvitè m nan, Joseph, daprè kontra li te fè avèk li a, jan pòt la louvri pou li tanzantan.

116 Epi se pou l repanti nan tout foli l yo, epi pou l abiye tèt li avèk acharite; epi pou l sispann fè mal, epi pou l mete tout move pawòl li yo sou kote;

117 Epi pou l peye komite kowòm Kay Nauvoo a kotizasyon tou, pou tèt pa l ak jenerasyon apre l yo, depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lot jenerasyon;

118 Epi pou l koute konsèy sèvitè m yo, Joseph ak Hyrum, ak William Law, ak otorite m te aple pou poze fondasyon Siyon yo; epi sa ap bon pou li pou toujou ajamè. Se konsa sa ye. Amèn.

119 Epi ankò, Senyè Bondye w la di konsa, an verite m di ou, pèsonn pa dwe peye kowòm Kay Nauvoo kotizasyon si li pa kwè nan Liv Mòmon an, ak revelasyon m te ba ou yo;

120 Senyè Bondye w la di, paske nenpòt sa ki mwens oubyen ki aplis pase sa soti nan sa ki mal, epi l ap pote malediksyon nan plas benediksyon. Se konsa sa ye. Amèn.

121 Epi ankò, an verite m di ou, se pou kowòm Kay Nauvoo a gen yon bon rekonpans pèyman pou tout travay yo fè nan Kay Nauvoo a; epi se pou rekonpans yo egal avèk sa yo deside ant yo menm, daprè pri a.

122 Epi Senyè a di, se pou chak moun ki peye kotizasyon sipòte pati pa l nan pèyman yo a, si sa nesesè, pou sipò yo; san sa, travay yo dwe konsidere kòm kotizasyon nan kay sa a. Se konsa sa ye. Amèn.

123 An verite m di nou, kounyeya m ba nou aofisye yo ki nan prètriz mwen an, pou nou kapab gen bkle yo, Prètriz ki daprè lòd cMèlkisedèk la menm, ki daprè lòd Sèl Pitit Gason Literal mwen an.

124 Premyèman, m ba nou Hyrum kòm aPatriyach pou nou, pou kenbe benediksyon bsèlman legliz mwen an, Sentespri cpwomès la menm, ki pou dsele nou nan jou redanmsyon an, pou nou kapab pa tonbe malgre e tantasyon ki kapab vini sou nou an.

125 Mwen dako pou ou, sèvitè m nan, Joseph Smith vin ansyen ki prezide sou tout legliz mwen an, tradiktè, revelatè, avwayan, epi pwofèt.

126 Kòm konseye, m ba li sèvitè m nan, Sidney Rigdon ak sèvitè m nan, William Law, pou moun sa yo kapab fòme yon kowòm ak Premye Prezidans la, pou yo resevwa arevelasyon pou tout legliz la.

127 Mwen dako pou sèvitè m nan, aBrigham Young, vin prezidan sou tèt Konsèy douz k ap vwayaje yo;

128 aDouz sa yo ki gen kle pou louvri otorite wayòm mwen an nan kat kwen tè a, epi apre sa pou bvoye pawòl mwen bay chak kreyati.

129 Yo se Heber C. Kimball, Parley P. Pratt, Orson Pratt, Orson Hyde, William Smith, John Taylor, John E. Page, Wilford Woodruff, Willard Richards, George A. Smith;

130 M apran bDavid Patten avèk mwen; gade, pèsonn pa pran prètriz li a nan men l; men, an verite, m di nou, nou kapab chwazi yon lòt moun nan menm apèl la.

131 Epi ankò, m di nou, m ba nou yon agran konsèy kòm wòch kwen Siyon—

132 Non yo se: Samuel Bent, Henry G. Sherwood, George W. Harris, Charles C. Rich, Thomas Grover, Newel Knight, David Dort, Dunbar Wilson—m pran Seymour Brunson avèk mwen; pèsonn pa pran prètriz li a, men, nou kapab chwazi yon lòt moun nan plas li; epi an verite, m di nou, se pou sèvitè m nan, Aaron Johnson òdone nan apèl sa a nan plas li—David Fullmer, Alpheus Cutler, William Huntington.

133 Epi ankò, m ba nou Don C. Smith kòm prezidan sou tèt kowòm gran prèt yo;

134 Òdinasyon sa a ki te tabli nan objektif pou kalifye moun yo ki pral chwazi kòm prezidan sou plas oubyen sèvitè sou tèt diferan apye ki dispèse tout kote;

135 Epi Senyè Bondye nou an di, yo kapab vwayaje tou si yo chwazi pou fè sa, men, yo òdone kòm prezidan sou plas nan ofis sa a; se ofis apèl yo sa.

136 Senyè a di, m ba li Amasa Lyman ak Noah Packard kòm konseye, pou yo kapab prezide sou tèt kowòm gran prèt legliz mwen an.

137 Senyè a di, epi ankò, m di nou, m ba nou John A. Hicks, Samuel Williams, ak Jesse Baker pou prètriz yo a kapab prezide sou tèt kowòm aansyen yo, kowòm sa a ki tabli pou ministè ki sou plas; sepandan, yo kapab vwayaje, malgre yo te òdone kòm minis ki sou plas nan legliz mwen an.

138 Epi ankò, m ba nou Joseph Young, Josiah Butterfield, Daniel Miles, Henry Herriman, Zera Pulsipher, Levi Hancock, James Foster pou prezide sou tèt kowòm aswasanndis yo;

139 Kowòm sa a ki te tabli kòm ansyen k ap vwayaje yo pou rann temwayaj konsènan non mwen nan tout mond lan, nenpòt kote gran konsèy vwayajè a, apot mwen yo, voye yo pou prepare yon chemen devan fas mwen.

140 Senyè Bondye nou an di, diferans ki genyen ant kowòm sa a avèk kowòm ansyen yo, youn dwe vwayaje tout tan, epi lòt la dwe prezide sou legliz la tanzantan; youn gen responsablite pou prezide tanzantan, epi lòt la pa gen responsablite pou prezide.

141 Epi ankò, m di nou, m ba nou Vinson Knight, Samuel H. Smith, ak Shadrach Roundy, si l vle resevwa l, pou dirije sou tèt aepiskopa a; ou resevwa yon konesans konsènan episkopa nan liv bDoktrin ak Alyans yo.

142 Epi ankò, m di ou konsa, Samuel Rolfe ak konseye l yo kòm prèt, epi prezidan enstriktè yo, ak konseye l yo, epi tou prezidan dyak yo ak konseye l yo, ak prezidan pye a ak konseye l yo.

143 M ba ou ofis ki te site yo, ak kle yo, kòm èd epi pou gouvènman, pou travay ministè li a ak apèfeksyon sen mwen yo.

144 Epi m ba ou yon kòmandman, pou ou ranpli tout ofis sa yo epi pou w aapwouve non sa yo m te mansyone yo, oubyen dezapwouve yo pandan konferans jeneral mwen an;

145 Senyè Bondye nou an di konsa, epi pou ou prepare chanm pou tout ofis sa yo nan kay mwen an lè ou bati l nan non mwen. Se konsa sa ye. Amèn.