Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 128


Seksyon 128

Yon lèt Joseph Smith, Pwofèt la te ekri voye bay Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ki gen plis direksyon konsènan batèm pou mò yo, ki date nan Nauvoo, Illinois, 6 Septanm 1842.

1–5, Grefye lokal ak grefye jeneral yo dwe anrejistre batèm pou mò lè yo fèt; 6–9, Rejis yo lye epi yo anrejistre sou tè a ak nan syèl la; 10–14, Fon batismo gen resanblans avèk tonb nan; 15–17, Eli te retabli pouvwa ki gen relasyon avèk batèm pou mò yo; 18–21, Tout kle, pouvwa, ak otorite dispansasyon pase yo retabli; 22–25, Deklarasyon bon nouvèl gloriye pou vivan yo ak mò yo.

1 Jan m te di nou nan lèt mwen an anvan m te kite kay mwen an, m t ap ekri nou tanzantan pou m ba nou enfòmasyon ki gen rapò avèk anpil sijè, kounyeya, m ap pale sou sijè abatèm pou mò yo, kòm sijè a sanble l okipe panse m, epi l touche santiman m plis pase lòt bagay, depi lè ènmi m yo te kòmanse ap pousuiv mwen an.

2 M ekri nou kèk pawòl revelasyon konsènan zafè grefye a. M gen kèk pwen adisyonèl ki nan relasyon avèk sijè sa a, ki fè m sèten sou sa kounyeya. Nou konnen m te deklare nan premye lèt la, ta dwe gen yon agrefye, ki dwe temwen pèsonèl, epi ki dwe tande avèk zòrèy li, pou l kapab fè yon rejis ki gen verite devan Senyè a.

3 Kounyeya, an relasyon avèk sijè sa a, sa t ap difisil pou yon grefye ta prezan tout tan, epi pou l fè tout travay la. Pou defèt difikilte sa a, kapab gen yon grefye ki plase nan chak pawas ki nan vil la, ki byen kalifye pou l kapab pran nòt egzat; epi se pou l presi epi egzat lè l ap ekri tout dewoulman yo, pou l sètifye nan rejis li a, li te wè avèk pwòp je pa li, pou l bay dat ak non eksetera, ak istwa tout pwosedi a; pou l nonmen twa moun ki prezan yo tou, si gen moun ki prezan epi ki kapab sètifye menm bagay la nenpòt lè sa ta nesesè, pou chak pawòl kapab etabli nan bouch de oubyen twa atemwen.

4 Apre sa, dwe gen yon grefye jeneral, ki dwe resevwa rejis sa yo, ki gen sètifika avèk siyati pa yo, pou sètifye rejis yo te fè a se verite. Apre sa, grefye jeneral la kapab antre dosye a nan liv jeneral legliz la, avèk sètifika tout temwen ki te prezan yo, avèk pawòl pa li pou fè konnen li kwè pawòl ak rejis ki prezante a se verite, daprè konesans li sou karaktè jeneral moun sa yo ak apèl yo nan legliz la. Epi lè sa fin fèt nan liv jeneral legliz la, rejis la pral sen, epi l ap reponn òdonans la tankou li te wè avèk je pa l epi l te tande avèk zòrèy pa l, epi l ap rapòte nan liv jeneral legliz la.

5 Nou kapab panse fason sa a trè patikilye; men, m vle di nou se pou satisfè volonte Bondye, pou konfòme nou avèk òdonans ak preparasyon Senyè a te prepare depi anvan fondasyon mond lan, pou asali mò yo ki te mouri san bkonesans levanjil la.

6 Epi ankò, m vle nou sonje, Jan, revelatè a, te kontanple sijè sa a menm nan relasyon avèk mò yo, lè l te deklare, kòm n ap jwenn rapò nan Revelasyon 20:12Epi m te wè mò yo, piti ak gran ki te kanpe devan Bondye; epi liv yo te louvri, epi yon lòt liv te louvri, ki se liv lavi yo; epi mò yo te jije daprè bagay ki te ekri nan liv yo, daprè zèv yo.

7 Nou pral dekouvri nan sitiyasyon sa a, liv yo te louvri; epi yon lòt liv te louvri, ki te aliv lavi a; men, mò yo te jije daprè bagay ki te ekri nan liv yo, daprè zèv yo; An konsekans, liv y ap pale yo yo dwe liv ki gen rejis zèv mò yo, epi sa fè referans ak brejis yo ki te ekri sou tè a. Epi liv ki te liv lavi a se rejis yo kenbe nan syèl la; prensip la dakò presizeman avèk doktrin Bondye kòmande nou nan revelasyon ki nan lèt m te ekri nou anvan m te kite plas mwen an—pou nan tout rejis nou yo, sa kapab anrejistre nan syèl la.

8 Kounyeya, karakteristik òdonans sa a chita nan apouvwa prètriz la, nan revelasyon Jezikri, kote yo akòde nou pou tout bagay nou blye sou tè kapab lye nan syèl la, epi nenpòt bagay nou delye sou tè a ap delye nan syèl la. Oubyen, otreman di, pou nou gade tradiksyon an yon lòt fason, nenpòt sa nou anrejistre sou tè ap anrejistre nan syèl la; epi nenpòt bagay nou pa anrejistre sou tè p ap anrejistre nan syèl la; Paske se nan liv yo mò nou yo pral jije, daprè pwòp zèv pa yo, menm si yo te patisipe nan còdonans yo pèsonèlman oubyen pa mwayen yon ajan pa yo, daprè òdonans Bondye te pare pou dsali yo depi anvan fondasyon mond lan, daprè rejis yo te kenbe konsènan mò pa yo.

9 Pou kèk moun, sanble doktrin n ap pale a twò dirèk—yon pouvwa ki anrejistre oubyen ki lye sou tè epi ki lye nan syèl la. Sepandan, nan tout epòk nan mond lan, nenpòt lè Senyè a bay nenpòt moun yon adispansasyon prètriz la pa mwayen revelasyon reyèl oubyen pa lantremiz yon gwoup moun, yo toujou resevwa pouvwa sa a. Konsa, nenpòt bagay moun sa yo te fè avèk botorite, nan non Senyè a, epi si yo te fè l an verite avèk lafwa, epi si yo kenbe yon rejis fidèl ki apwopriye sou sa, li vin tounen yon lalwa sou tè a ak nan syèl la, epi li pa t kapab anile, daprè dekrè gran cJewova. Se yon pawòl fidèl. Kiyès ki kapab tande l?

10 Epi ankò, pou sa ki anvan an, Matye 16:18, 19: Epi m di ou konsa, ou se Pyè, epi se sou wòch sa a m ap bati legliz mwen an; epi pòt lanfè a p ap gen viktwa sou li. Epi m ap ba ou kle wayòm syèl la: epi nenpòt bagay ou sele sou tè a pral sele nan syèl la; epi nenpòt bagay ou lye sou tè a pral lye nan syèl la.

11 Kounyeya gran sekrè laj ki nan tout matyè sa a, ak enpòtans total tout sijè sa ki devan nou an, chita nan jwenn pouvwa Prètriz Sen. Yon moun ki resevwa akle sa yo pa gen okenn difikilte pou l jwenn konesans sou reyalite ki nan relasyon avèk bsali pitit lèzòm, ni pou mò yo ak vivan yo.

12 Nan sa, gen alaglwa ak bonè, ak cimòtalite ak lavi etènèl—òdonans batèm pa dimèsyon an nan dlo a, pou moun plonje ladan l, pou akonpli resanblans lanmò, pou yon prensip kapab an akò avèk yon lòt; pou moun plonje nan dlo a epi pou soti nan dlo a sa reprezante rezirèksyon mò yo, pou yo soti nan tonb yo; konsa, òdonans sa a te òganize pou fòme yon relasyon avèk òdonans batèm pou mò yo, ki nan resanblans lanmò.

13 An konsekans, fon abatismo a te òganize kòm yon breprezantasyon tonb la, epi yo te gen kòmandman pou bati l nan yon plas kote vivan yo pa rasanble, pou montre mò yo ak vivan yo, epi pou tout bagay kapab gen resanblans yo, pou yo kapab an akò youn avèk lòt—pou sa ki terès kapab konfòme avèk sa ki selès, jan Pòl te deklare a, 1 Korentyen 15:46, 47, ak 48:

14 Kòman fè sa ki espirityèl la pa t anpremye, men, se sa ki tanporèl la; epi apre sa, se sa ki espirityèl la. Premye moun nan te soti nan tè a, terès; dezyèm moun nan se Senyè a ki soti nan syèl la. menm jan terès la ye a, se konsa moun ki terès yo ye; epi menm jan selès yo ye a, se konsa moun selès yo ye. Epi jan rejis ki sou tè yo an relasyon avèk mò nou yo, se konsa rejis ki nan syèl yo ye tou. Sepandan, sa se pouvwa pou asele ak pou lye a, epi nan yon sans mo sa a, se bkle wayòm nan ki vle di kle ckonesans.

15 Epi kounyeya, frè m ak sè m byenneme yo, kite m ba nou asirans pou nou konnen, sa yo se prensip ki gen relasyon avèk mò yo ak vivan yo, nou pa kapab mete sou kote, kanta sali nou. Paske asali yo nesesè epi li esansyèl pou sali pa nou, jan Pòl te di konsènan zansèt yo—yo pa kapab vin bpafè san nou—ni tou nou pa kapab vin pafè san mò nou yo.

16 Epi kounyeya, an relasyon avèk batèm pou mò yo, m ap ba nou yon lòt sitasyon Pòl, 1 Korentyen 15:29: Otreman, kisa moun ki batize pou mò yo t ap fè, si mò yo pa t ap resisite ditou? Poukisa yo ta bezwen batize pou mò yo?

17 Epi ankò, an koneksyon avèk sitasyon sa a, m ap ba nou yon sitasyon youn nan pwofèt yo, ki te fikse je l sou aretablisman prètriz la, laglwa ki te pou revele nan dènye jou yo, epi nan yon manyè espesyal, sijè ki pi enpòtan sa a se pou levanjil etènèl la, ki vle di batèm pou mò yo; paske Malachi di nan vèsè 5 ak 6 dènye chapit la: Gade m ap voye bEli, pwofèt la, kote ou anvan gran jou terib Senyè a rive: epi li pral retounen kè zansèt yo sou pitit yo, epi kè pitit yo pral retounen sou zansèt yo, san sa m ap vini frape tè a avèk yon malediksyon.

18 M ta kapab fè yon tradiksyon ki pi aklè pou sa, men, li klè ase pou reyalize objektif mwen jan l ye a. Li ase pou nou konnen, nan ka sa a, tè a ap frape anba yon malediksyon si pa gen yon kalite bkoneksyon ki fèt pou lye zansèt yo ak pitit yo, sou yon sijè oubyen yon lòt—epi gade, ki sijè sa a ye? Se cbatèm pou mò yo. Paske nou pa kapab vin pafè san yo menm; ni tou yo pa kapab vin pafè san noumenm. Ni yomenm ak noumenm pa kapab vin pafè san moun yo ki mouri nan levanjil la tou; paske se nesesè nan chemen ddispansasyon toutantye tout tan y ap montre a, dispansasyon sa a ki kòmanse montre chemen li a, pou yon inyon antye epi ki konplè epi ki pafè soude dispansasyon yo ansanm, ak kle yo, ak pouvwa yo, ak laglwa yo, epi pou l revele depi nan epòk Adan jouk nan tan prezan sa a. Epi non sèlman sa, bagay sa yo ki pa t janm revele depi nan efondasyon mond lan, ki te rete kache lwen moun ki saj yo ak moun ki pridan yo, pral revele bay ftimoun ak ti bebe nan tete nan dispansasyon totalite tout tan sa a.

19 Kounyeya, kisa nou tande nan levanjil nou resevwa a? Yon vwa kontantman! Yon vwa mizèrikòd ki soti nan syèl la; epi yon vwa averite ki soti nan tè a; bon nouvèl pou mò yo; yon vwa kontantman pou vivan yo ak mò yo; bon bnouvèl ki pote gran lajwa. cPye yo bèl anpil sou mòn yo, moun sa yo ki pote bon nouvèl bon bagay, epi ki di Siyon: Gade, Bondye w la ap reye! Tankou dlawouze Kamèl, se konsa konesans Bondye pral desann sou yo!

20 Epi ankò, kisa nou tande? Bon nouvèl ki soti nan aKimora! bMowoni, yon zanj ki soti nan syèl la, k ap deklare akonplisman pwofese yo—cliv ki dwe revele a. Vwa Senyè a nan dezè dFayette, Konte Seneca a, k ap edeklare twa temwen yo ki dwe temwanye konsènan liv la! Vwa fMichèl sou rivaj Susquehanna, k ap devwale dyab la pandan l parèt kòm yon zanj glimyè! Vwa hPyè, Jak, ak Jan nan dezè a ant Harmony, Konte Susquehanna, ak Colesville, Konte Broome, sou rivyè Susquehanna a, k ap deklare tèt yo kòm moun ki posede ikle wayòm nan, ak kle dispansasyon toutantye tout tan yo!

21 Epi ankò, vwa Bondye nan chanm agran papa Whitmer, nan Fayette, Konte Seneca, epi nan plizyè fwa, nan plizyè kote pa mwayen tout traka ak tribilasyon Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo! Ak vwa Michèl, akanj la; vwa bGabriyèl, ak vwa cRafayèl, ak vwa anpil dzanj, depi nan Michèl oubyen eAdan jouk nan tan prezan sa a, yo tout k ap deklare fdispansasyon pa yo, dwa yo, kle yo, onè yo, majeste yo ak laglwa yo, ak pouvwa prètriz yo a; k ap anonse sa ki gen pou fèt pou konsole nou, k ap konfime gesperans nou k ap liy apre liy, hpresèp apre presèp; yon ti kras isit epi yon ti kras lòtbò!

22 Frè m yo, èske nou pa dwe kontinye avèk yon gwo koz konsa? Ale an avan, non pa an aryè. Kouraj, frè m yo; epi an avan, an avan pou viktwa! Fè kè nou rejwi, epi kontan anpil. Se pou tè a rele, achante. Se pou mò chante kantik louwanj etènèl bay Wa bEmanyèl la, ki te òdone, anvan mond lan te egziste, bagay ki pou te fè l posib pou nou kapab crachte yo soti nan dprizon yo; paske prizonye yo dwe libere.

23 Se pou amòn yo rele avèk lajwa, epi tout vale yo rele fò; epi tout lanmè yo ak tè sèch yo rakonte mèvèy Wa Etènèl nou an! Epi nou menm rivyè yo, ak kouran dlo yo, ak ti kouran dlo yo, koule avèk kontantman. Se pou tout bwa yo ak tout pyebwa yo ki nan jaden yo louwe Senyè a; epi nou menm bwòch solid yo kriye avèk lajwa! Epi se pou solèy la, lalin nan, ak zetwal cmaten yo chante ansanm, epi se pou tout pitit Bondye yo rele avèk lajwa! Epi se pou kreyasyon etènèl yo deklare non li pou toujou ajamè! Epi m di ankò, vwa nou tande nan syèl la te gloriye anpil, l ap pwoklame nan zòrèy nou, laglwa, ak sali, ak onè, ak dimòtalite, ak elavi etènèl; wayòm, prensipote, ak pouvwa!

24 Gade, gran ajou Senyè a ap pwoche; epi kiyès ki kapab breziste devan jou vini li a, epi kiyès ki kapab kanpe lè l parèt? Paske li tankou yon dife cpirifikatè, epi li tankou savon lesivèz la; epi li pral chita tankou drafine ak yon pirifikatè ajan, epi li pral pirifye pitit gason eLevi yo, epi li pral prije yo tankou lò ak ajan, pou yo kapab ofri Senyè a yon fofrann nan lajistis. Se poutèt sa, an nou noumenm, kòm yon legliz ak yon pèp, epi kòm Sen dènye jou yo, ofri Senyè a yon ofrann nan lajistis; Epi an nou prezante nan tanp li a, lè l fini, yon liv ki gen grejis mò yo, ki diy pou tout akseptasyon.

25 Frè m yo, m gen anpil bagay pou m di nou sou sijè sa a; men, m ap sispann pou kounyeya, epi m ap kontinye sijè a yon lòt lè. Kòm pou toujou, m se sèvitè nou an ak zanmi ki p ap janm devye a,

Joseph Smith.