Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 129


Seksyon 129

Enstriksyon Joseph Smith, Pwofèt la te bay nan Nauvoo, Illinois, 9 Fevriye 1843, pou fè konnen twa gran kle pou distenge nati kòrèk ministè zanj ak lespri.

1–3, Gen kò resisite ak kò lespri nan syèl la; 4–9, Gen kle pou mesaje ki soti lòtbò vwal la kapab idantifye.

1 Gen de kalite èt nan asyèl la, ki se: bZanj, ki se pèsonaj cresisite, ki gen kò chè ak zo—

2 Paregzanp, Jezi te di: touche m pou nou kapab wè, paske yon lespri pa gen achè ak zo, jan nou wè m genyen an.

3 Dezyèmman: alespri moun ki bjis ki vin pafè, moun ki pa resisite yo, men, ki eritye menm laglwa a.

4 Lè yon mesaje vini epi l di li gen yon mesaj ki soti kote Bondye, ofri l men ou, epi mande l pou l ba ou lamen.

5 Si l se yon zanj l ap fè sa, epi w ap santi men l.

6 Si l se lespri yon nonm ki jis ki te vin pafè l ap vini nan laglwa li; paske se sèl fason li kapab parèt—

7 Mande l pou l ba ou lamen, men, li p ap deplase, paske sa kont lòd syèl la pou yon nonm ki jis twonpe moun; men, l ap toujou delivre mesaj li a.

8 Si se adyab la sou fòm yon zanj limyè, lè w mande l pou l ba ou lamen, l ap ba w lamen, epi w p ap santi anyen: se konsa ou kapab detekte l.

9 Sa yo se twa gran kle pou nou kapab konnen si nenpòt administrasyon soti kote Bondye.