Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 130


Seksyon 130

Enfòmasyon enstriktif Joseph Smith, Pwofèt la te bay nan Ramus, Illinois, 2 Avril 1843.

1–3, Papa a ak Pitit Gason an kapab parèt pèsonèlman devan lèzòm; 4–7, Zanj yo rete nan domèn selès; 8–9, tè selès la pral tankou yon gran Ourim ak Toumim; 10–11, tout moun ki antre nan mond selès la resevwa yon wòch blan; 12–17, Yo pa di Pwofèt yo kilè Dezyèm vini an ap fèt; 18–19, Entèlijans nou jwenn nan lavi sa a pral leve avèk nou nan rezirèksyon an; 20–21, Tout benediksyon vini pa lantremiz obeyisans lalwa; 22–23, Papa a ak Pitit Gason an gen kò chè ak zo.

1 Lè Sovè a aparèt, n ap wè l jan l ye a. N ap wè li se yon bnonm tankou noumenm.

2 Epi menm relasyon sosyal ki egziste pami nou isit la pral egziste pami nou lòtbò a, sèlman l ap double avèk alaglwa etènèl, yon laglwa nou pa jwi kounyeya.

3 Jan 14:23—vini aPapa a ak bPitit Gason an nan vèsè sa a, se yon caparisyon pèsonèl; epi lide ki vle fè konnen Papa a ak Pitit Gason an drete nan kè yon moun nan se yon ansyen nosyon yon legliz epi li fo.

4 Kòm repons pou kesyon—Èske kalkil atan Bondye, ak tan zanj yo, ak tan pwofèt yo, ak tan lòm, depann sou planèt kote yo rete a?

5 M reponn, wi. Men, pa gen okenn azanj ki administre tè sa a eksepte moun ki fè pati ladan l oubyen ki te fè pati ladan l.

6 Zanj yo pa rete sou yon planèt tankou tè sa a;

7 Men, yo rete nan prezans Bondye sou yon glòb ki tankou yon alanmè kristal ak bdife, kote tout bagay prezan, pase ak lavni manifeste pou laglwa yo, epi yo devan Senyè a tout tan.

8 Plas kote Bondye rete a se yon gran aOurim ak Toumim.

9 a sa a, nan eta sanktifye l ak eta imòtèl li a, pral vin tankou kristal epi se pral yon Ourim ak Toumim pou moun ki rete sou li yo, kote tout bagay ki an rapò avèk yon wayòm pi ba, oubyen tout wayòm ki nan yon lòd pi ba, pral manifeste pou moun ki rete sou li yo; epi tè sa a pral pou Kris la.

10 Apre sa, wòch blan ki mansyone nan Revelasyon 2:17 la, pral tounen yon Ourim ak Toumim pou chak moun ki resevwa youn, kote yo pral fè yo konnen bagay ki gen rapò avèk pi wo nivo wayòm;

11 Epi chak moun ki vini nan wayòm selès la resevwa yon wòch ablanch, kote yon nouvo non ekri, yon non pèsonn pa konnen, eksepte moun ki resevwa l la. Nouvo bnon an se mo kle a.

12 M pwofetize nan non Senyè Bondye a, kòmansman adifikilte ki pral lakòz anpil san koule anvan vini Pitit Gason Lòm nan pral fèt nan bKawolin diSid.

13 Se pwobab pou sa leve avèk kesyon esklavaj la. Se sa yon vwa te deklare m, pandan m t ap priye avèk senserite sou sijè a, 25 Desanm 1832.

14 Yon lè, m t ap priye avèk senserite pou m konnen lè avini Pitit Gason Lòm nan, epi m te tande yon vwa repete bagay suivan an:

15 Joseph, pitit gason m nan, si ou viv jistan ou gen katreven senk ane, w ap wè fas Pitit Gason lòm nan; se poutèt sa, se pou sa ase, epi pa annwiye m ankò sou sijè sa a.

16 Konsa, m te rete san m pa kapab konnen si vini sa a fè referans ak milenyòm nan oubyen kèk aparisyon anvan sa, oubyen si m te dwe mouri epi konsa m t ap wè fas li.

17 M kwè vini Pitit Gason Lòm nan p ap fèt anvan lè sa a.

18 Kèlkeswa prensip aentèlijans nou jwenn nan lavi sa a, l ap leve avèk nou nan brezirèksyon an.

19 Epi si yon moun jwenn plis akonesans ak entèlijans nan lavi sa a nan bdilijans ak cobeyisans pase yon lòt moun, l ap gen pi gwo davantaj nan mond k ap vini an.

20 Gen yon lalwa oubyen yon arèg irevokab ki dekrete nan syèl la banvan fondasyon mond sa a, sou lalwa sa a, tout cbenediksyon tabli—

21 Epi lè nou resevwa nenpòt benediksyon nan men Bondye, se nan obeyisans lalwa sa a kote benediksyon an tabli a.

22 aPapa a gen yon b chè ak zo moun ka touche menm jan avèk pa lòm nan; Pitit Gason an tou; men, cSentespri a pa gen yon kò chè ak zo, sepandan li se yon pèsonaj lespri. Si se pa t sa, Sentespri a pa t ap kapab rete andedan nou.

23 Yon moun kapab resevwa Sentespri a, epi aSentespri a kapab desann sou li san rete avèk li.