Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 132


Seksyon 132

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Nauvoo, Illinois, ki te anrejistre 12 Jiyè 1843, an relasyon avèk nouvo alyans etènèl la, ansanm avèk karaktè etènèl alyans maryaj la, ak prensip maryaj poligami an. Malgre revelasyon an te anrejistre an 1843, se evidan, daprè rejis istorik yo, Pwofèt la te konnen kèk nan doktrin ak prensip ki enplike nan revelasyon sa a depi 1831. Gade Deklarasyon Ofisyèl 1.

1–6, Se nan nouvo alyans etènèl la moun gen egzaltasyon; 7–14, Limit ak kondisyon alyans sa a tabli; 15–20, Maryaj selès ak karaktè etènèl fanmi pèmèt lèzòm pou yo vin tounen Bondye; 21–25, Chemen dwat ki etwat la mennen nan lavi etènèl; 26–27, Legliz la resevwa lalwa ki gen relasyon ak blasfèm kont Sentespri a; 28–39, Pwofèt ak Sen ki nan tout epòk yo resevwa pwomès pwogresyon etènèl ak egzaltasyon; 40–47, Joseph Smith resevwa pouvwa pou l lye epi pou l sele sou tè a ak nan syèl la; 48–50, Senyè a sele egzaltasyon pa li sou tèt li; 51–57, Emma Smith resevwa konsèy pou l fidèl epi pou l vrè; 58–66, lwa ki gouvène maryaj poligami yo tabli.

1 An verite, Senyè Bondye a di, sèvitè m nan, Joseph, toutotan ou te mande m pou ou konnen epi pou ou konprann kote mwen menm Senyè a, m te jistifye sèvitè yo, Abraram, Izarak, ak Jakòb, menm jan avèk Moyiz, David ak Salomon, sèvitè m yo, konsènan prensip ak doktrin pou yo gen plizyè amadanm ak manmzèl yo—

2 Gade, m se Senyè Bondye ou la, epi m ap reponn ou konsènan sijè sa a.

3 Se poutèt sa, apare kè w pou w resevwa epi pou w obeyi enstriksyon m pral ba w yo; paske tout moun m bay lalwa sa a, yo dwe obeyi l.

4 Paske gade, m ap revele w yon nouvo aalyans etènèl; epi si w pa rete nan alyans sa a, lè sa a w ap bdane; paske pèsonn pa kapab crejte alyans sa a epi jwenn pèmisyon pou antre nan laglwa mwen an.

5 Paske, tout moun ki resevwa yon abenediksyon nan men m dwe obeyi blalwa ki gen rapò avèk benediksyon sa a, ak kondisyon yo jan sa te tabli anvan fondasyon mond lan.

6 Senyè Bondye a di, epi, konsènan anouvo alyans etènèl la, li te tabli pou bglwa toutantye mwen; epi yon moun ki resevwa yon glwa toutantye mwen dwe oubyen pral obsève lwa a, oubyen l ap dane.

7 Epi an verite, m di ou, men akondisyon yo pou lalwa sa a: tout alyans, kontra, lyezon, obligasyon, bsèman, jire, pèfòmans, koneksyon, asosyasyon, oubyen demand ki pa fèt epi ki pa konsanti epi ki pa csele nan dLespri Sen pwomès la, nan men moun ki chwazi a, ni pou tan sa a ak pou letènite, epi ki sen anpil la, nan erevelasyon ak kòmandman pa lantremiz moun m te chwazi a, li menm m te tabli sou tè a pou kenbe pouvwa sa a (epi m te chwazi sèvitè m nan, Joseph, pou kenbe pouvwa sa a nan dènye jou yo, epi pa janm gen plis pase yon sèl moun sou tè a an menm tan ki gen pouvwa sa a ak fkle prètriz sa yo konfere sou li), yo pa gen efikasite, vèti, oubyen fòs pandan oubyen apre rezirèksyon mò yo; paske tout kontra ki pa fèt nan objektif sa a pral gen yon finisman lè lèzòm mouri.

8 Senyè Bondye a di, gade, kay mwen se yon kay lòd, se pa yon kay konfizyon.

9 Senyè a di, èske m ap aksepte yon aofrann ki pa fèt nan non mwen?

10 Oubyen èske m ap aksepte nan men ou sa m pa atabli?

11 Epi Senyè a di ou, epi m p ap tabli okenn bagay ki pa yon lalwa ba w, menm jan Papa m ak mwen te adeside pou w anvan egzistans mond lan?

12 Senyè a di, m se Senyè Bondye w la: epi m ba ou kòmandman sa a—pou okenn moun pa avini kote Papa aksepte nan mwen menm oubyen pawòl mwen, ki se lalwa mwen.

13 Epi Senyè Bondye w la di, tout bagay ki nan mond lan, keseswa lèzòm ki òdone yo, pa mwayen twòn, oubyen otorite, oubyen pouvwa, oubyen bagay ki gen non, nenpòt sa yo ye, si m pa fè yo oubyen si yo pa fèt nan non mwen, y ap chavire atè, epi yo ap ap rete apre lèzòm mouri, ni pandan ni apre rezirèksyon an.

14 Paske, nenpòt bagay ki rete, se mwen ki fè yo; epi nenpòt bagay m pa fè pral souke epi l ap detwi.

15 Se poutèt sa, si yon gason amarye avèk yon fi nan mond lan, epi se pa ni nan mwen, ni nan pawòl mwen li marye avèk li, epi si l fè alyans avèk li toutotan yo nan mond lan, youn avèk lòt, maryaj ak alyans yo a pa valab lè yo mouri ak lè yo pa nan mond lan; se poutèt sa, pa gen okenn lalwa ki lye yo andeyò mond lan.

16 Se poutèt sa, lè yo pa nan mond lan yo pa marye ni tou moun pa amarye yo; men, yo se bzanj ki tabli nan syèl la, zanj sa yo ki se sèvitè k ap administre, k ap administre pou moun ki diy pou yon laglwa etènèl ki peze pi lou anpil.

17 Paske zanj sa yo pa t obeyi lalwa mwen yo; se poutèt sa, yo pa kapab grandi, men, yo rete separe epi san konjwen, san egzaltasyon, pou tout letènite; epi depi lè sa yo pa Bondye, men yo se zanj Bondye pou toujou ajamè.

18 Senyè Bondye a di, epi ankò, an verite m di ou, si yon gason marye avèk yon fi, epi li fè yon alyans avèk li pou tan sa a ak tout letènite, si alyans sa a pa nan mwen oubyen pawòl mwen, ki se lalwa mwen, epi Lespri Sen pwomès la pa sele alyans sa a, pa lantremiz moun m te chwazi a, epi m te lonmen nan pouvwa sa a, lè sa a li p ap ni valab ni efektif lè yo pa nan mond lan, paske se pa mwen ki mete yo ansanm, ni pawòl mwen; lè yo pa nan mond lan, li p ap valab kote sa a, paske zanj yo ak bondye yo tabli kote sa a, yo pa kapab pase sou yo; yo pa kapab, se poutèt sa, yo pa kapab eritye laglwa mwen; paske kay mwen se yon kay lòd.

19 Epi ankò, an verite m di ou, si yon gason marye avèk yon fi nan pawòl mwen, ki se lalwa mwen, epi nan anouvo alyans etènèl la, epi Sentespri bpwomès la csele l pou yo, pa lantremiz moun ki chwazi epi m te tabli nan pouvwa ak dkle prètriz sa a; epi yo di yo—N ap leve nan premye rezirèksyon an; epi si se apre premye rezirèksyon an, nan rezirèksyon apre a; epi y ap eritye etwòn, wayòm, otorite, ak pouvwa, dominasyon, tout wotè ak pwofondè—lè sa a l ap ekri nan fLiv Lavi Ti Mouton an, si l pa komèt okenn asasina, pou koule san inosan, epi si nou rete nan alyans mwen an, epi nou pa komèt okenn asasina pou koule san inosan, tout bagay sèvitè m nan pwomèt yo ap reyalize, nan tan sa a, epi nan tout letènite; epi sa ap totalman valab lè yo pa nan mond lan; epi y ap pase devan zanj yo, ak bondye yo, ki tabli kote sa a, pou ale nan gegzaltasyon yo, ak laglwa yo nan tout bagay, jan sa a te sele sou tèt yo a, laglwa sa a ki pral kontinyasyon desandans yo pou toujou ajamè.

20 Lè sa a, y ap tounen bondye, paske yo pa gen finisman; poutèt sa, y ap depi nan letènite jis nan letènite, paske yo kontinye; lè sa a y ap anlè tout bagay, paske tout bagay pral soumèt devan yo. Lè sa a yo pral tounen abondye, paske yo gen btout pouvwa, epi zanj yo soumèt devan yo.

21 An verite, an verite, m di nou konsa, si nou pa obeyi alalwa mwen nou pa kapab jwenn laglwa sa a.

22 Paske pòt la aetwat, epi bwout ki mennen nan egzaltasyon ak kontinyasyon clavi yo dwat, epi se sèlman kèk moun ki jwenn li, paske nou pa resevwa m nan mond lan ni tou nou pa konnen mwen.

23 Men, si nou resevwa m nan mond lan, lè sa a n ap konnen mwen, epi n ap resevwa egzaltasyon nou pou akote m ye a nou kapab la tou.

24 Se alavi etènèl—pou moun konnen sèl Bondye saj ki vrè a, ak Jezikri li te bvoye a. Mwen se li menm. Se poutèt sa, resevwa lalwa mwen yo.

25 Pòt la agran epi wout ki mennen nan blanmò a laj; epi gen anpil moun ki antre ladan l, paske yo pa cresevwa m, ni tou yo pa obeyi lalwa mwen yo.

26 Senyè Bondye di, an verite, an verite, m di nou, si yon gason marye avèk yon fi daprè pawòl mwen, epi aLespri Sen pwomès la sele yo, daprè jan m te tabli a, epi si limenm oubyen fi a komèt nenpòt kalite peche oubyen transgresyon kont nouvo alyans etènèl la, ak tout kalite blasfèm, epi si yo pa bkomèt okenn asasina pou yo koule san inosan, y ap leve nan premye rezirèksyon an, pou yo antre nan egzaltasyon yo; men, y ap detwi nan kò fizik la, epi y ap clivre anba dtouman Satan jouk nan jou redanmsyon an.

27 Senyè Bondye a di, ablasfèm kont Sentespri a, ki bp ap jwenn padon nan mond sa a ni nan lòt mond lan, se lè nou fè san inosan koule, epi nou patisipe nan lanmò mwen lè nou te fin resevwa alyans etènèl mwen an; epi yon moun ki pa obeyi lalwa sa a, li pa kapab nan okenn fason antre nan laglwa mwen, men, l ap cdane, se sa Senyè a di.

28 M se Senyè Bondye ou la, epi m ap ba ou lwa Prètriz Sen mwen an, jan mwen menm ak Papa mwen te deside anvan mond lan te egziste a.

29 Senyè a di, aAbraram te resevwa tout bagay, nenpòt sa li te resevwa, pa mwayen revelasyon ak kòmandman, pa mwayen pawòl mwen, epi li te antre nan egzaltasyon li epi li chita sou twòn li.

30 Abraram te resevwa apwomès konsènan desandan l yo, ak fwi ren li yo—epi w soti nan bren li, sèvitè m nan, Joseph—ki te dwe kontinye toutotan yo nan mond lan; Epi konsènan Abraram ak desandan l yo, yo dwe kontinye nan lòt mond lan; ni nan mond sa a ak nan lòt mond lan yo dwe kontinye nan kantite ki pa kapab konte tankou czetwal yo; oubyen si ou t ap konte grenn sab bò rivaj lanmè a ou pa t ap kapab konte yo.

31 Pwomès sa a pou ou tou, paske ou soti nan aAbraram, epi Abraram te resevwa pwomès la; epi lalwa sa a se kontinyasyon zèv Papa m yo, kote li glorifye tèt li.

32 Se poutèt sa, ale epi fè azèv Abraram yo; antre nan lalwa mwen an epi w ap sove.

33 Men si ou pa antre nan lalwa mwen an ou pa kapab resevwa pwomès Papa m te bay Abraram nan.

34 Bondye te akòmande Abraram epi bSara te bay Abraram cAga kòm madanm. Epi poukisa Sara te fè sa? Paske se te lalwa a; epi anpil moun te soti nan Aga. Se poutèt sa, bagay sa a ak lòt bagay te akonpli pwomès yo.

35 Èske Abraram te sou kondanasyon? Gade m di ou non; paske mwenmenm Senyè a, m te akòmande sa.

36 Abraram te gen akòmandman pou l ofri pitit gason li a, bIzarak; sepandan, ekriti a te di: Ou pa dwe ctouye moun. Malgre sa, Abraram pat refize, epi te konte pou li kòm dlajistis.

37 Abraram te resevwa amanmzèl, epi yo te fè pitit pou li; epi sa te konte pou li kòm lajistis, paske m te ba li yo, epi li te obeyi lalwa mwen; menm jan Izarak ak bJakòb tou ki pa t fè okenn bagay m pa t kòmande yo; epi paske yo pa t fè okenn bagay m pa t kòmande yo, yo antre nan cegzaltasyon yo, daprè pwomès yo, epi yo chita sou twòn, epi yo pa zanj, men yo se bondye.

38 aDavid tou te resevwa banpil madanm ak manmzèl, ak Salomon ak Moyiz, sèvitè m yo, menm jan avèk anpil lòt nan sèvitè m yo, depi nan kòmansman kreyasyon an jouk kounyeya; epi yo pa t fè peche nan okenn bagay eksepte sa yo pa t resevwa nan men mwen.

39 Senyè a di, se mwen ki te abay David madanm ak manmzèl li yo, pa lantremiz Natan, sèvitè m nan, ak lòt pami pwofèt mwen yo ki te gen bkle pouvwa sa a; epi li pa t peche nan okenn nan bagay sa yo kont mwen, eksepte nan ka cIri ak madanm li an; epi se poutèt sa, li tonbe nan egzaltasyon li a, epi li resevwa pòsyon pa li; epi li p ap eritye yo andeyò mond lan, paske m te dbay yon lòt moun yo.

40 M se Senyè Bondye w la, epi m ba ou, sèvitè m nan, Joseph, responsablite pou ou aretabli tout bagay. Mande sa ou vle, epi w ap resevwa l daprè pawòl mwen.

41 Epi kòm ou te mande konsènan adiltè, an verite, an verite, m di ou, si yon gason resevwa yon madanm nan nouvo alyans etènèl la, epi si madanm nan avèk yon lòt gason, epi se pa mwen ki te bay madanm nan li pa mwayen onksyon sen an, madanm nan komèt adiltè epi l ap detwi.

42 Si madanm nan pa nan nouvo alyans etènèl la, epi li avèk yon lòt gason, li akomèt adiltè.

43 Epi si mari l avèk yon lòt fi, epi li te sou sèman, li vyole asèman an epi li komèt adiltè.

44 Epi si madanm nan pa kòmèt adiltè, men, li inosan epi l pa vyole sèman an, epi l konnen sa, epi l revele ou sa, sèvitè m nan, Joseph, lè sa a w ap gen pouvwa, pa pouvwa Prètriz Sen mwen an, pou ou pran l epi pou ou bay yon lòt moun ki pat komèt adiltè l, men ki te afidèl; paske lòt moun sa a pral vin yon dirijan sou tèt anpil lòt.

45 Paske m te konfere akle ak pouvwa prètriz yo sou ou, kote m te bretabli tout bagay, epi m ap fè ou konnen tout bagay lè tan an rive.

46 Epi an verite, an verite, mwen menm, Senyè a, di ou, nenpòt bagay ou asele sou tè a ap sele nan syèl la; epi nenpòt bagay ou lye sou tè a nan non mwen epi avèk pawòl mwen, ap lye etènèlman nan syèl la; epi nenpòt peche w bpadone sou tè a ap padone etènèlman nan syèl la; epi nenpòt peche ou pa padone sou tè a p ap padone nan syèl la.

47 Senyè a di, epi ankò, an verite m di, nenpòt moun ou beni m ap beni l, epi nenpòt moun ou modi m ap amodi l; paske mwenmenm Senyè a, m se Bondye w la.

48 Senyè a di, epi ankò, an verite m di ou, sèvitè m nan Joseph, nenpòt sa ou bay sou tè a, epi nenpòt moun ou bay yon moun sou tè a, pa pawòl mwen epi daprè lalwa mwen, m ap vizite l avèk benediksyon epi se pa ak malediksyon, epi avèk pouvwa mwen, epi li p ap gen kondanasyon sou tè a ak nan syèl la.

49 Paske m se Senyè Bondye w la, epi m ap avèk ou menm jiska alafen mond lan, epi nan tout letènite; paske, an verite, m bsele sou tèt ou cegzaltasyon ou, epi m prepare yon twòn pou ou nan wayòm Papa mwen an, avèk Abraram, dpapa ou.

50 Gade, m wè asakrifis ou yo, epi m ap padone tout peche ou yo; m wè sakrifis ou yo nan obeyisans sa m te di ou. Se poutèt sa, ale, epi m fè yon chemen pou ou chape, menm jan m te baksepte ofrann Abraram ak pitit gason li a, Izarak.

51 Senyè a di, an verite, m di ou: M bay sèvant mwen an, Emma Smith, madanm m te ba ou a, kòmandman, pou l metrize tèt li epi pou l pa pran bagay m te kòmande ou pou ou ofri l la; paske m te fè sa pou m kapab teste nou tout, menm jan m te fè Abraram nan, pou m kapab reklame yon ofrann nan men ou, nan alyans ak sakrifis.

52 Senyè Bondye a di, epi se pou sèvant mwen an, aEmma Smith, resevwa tout moun m te bay sèvitè m nan, Joseph, ki gen vèti epi ki pi devan mwen; epi sa ki pa t pi epi ki te di yo pi yo, y ap detwi.

53 Paske m se Senyè Bondye ou la, epi ou dwe obeyi vwa mwen; epi m akòde sèvitè m nan, Joseph, pou l vin dirijan sou tèt anpil bagay; paske li te afidèl sou tèt kèk bagay, epi depi kounyeya, m ap ranfòse l.

54 Senyè a di, epi m kòmande sèvant mwen an, Emma Smith, pou l obeyi epi pou l atache avèk sèvitè m nan, Joseph, epi non pa avèk pèsonn lòt. Men, si l pa obeyi kòmandman sa a, l ap detwi; paske m se Senyè Bondye w la, epi m ap detwi l si l pa obeyi lalwa mwen an.

55 Men, si l pa obeyi kòmandman sa a, lè sa a sèvitè m nan, Joseph Smith pral fè tout bagay pou li jan l te di a menm; epi m ap beni l, m ap miltipliye l, epi m ap ba li asan fwa plis nan mond sa a, yon kantite papa, ak manman, frè ak sè, kay ak tè, madanm ak pitit, epi anpil kouwòn blavi etènèl nan mond etènèl yo.

56 Epi ankò, an verite m di, se pou sèvant mwen an apadone sèvitè m nan, Joseph peche li yo; epi lè sa a, peche Emma te fè kont mwen yo ap padone; epi mwenmenm Senyè Bondye ou la, m ap beni Emma epi m ap miltipliye l, epi m ap fè kè l rejwi.

57 Epi ankò, m di, se pou sèvitè m nan, Joseph, pa wete pwopriyete l yo nan men pa l, pou yon ènmi pa vin detwi l; paske Satan ap achèche pou l detwi; paske m se Senyè Bondye w la, epi Joseph se sèvitè m; epi gade, m avèk li menm jan m te avèk Abraram nan, papa ou, menm jouk nan begzaltasyon li ak laglwa li.

58 Kounyeya, konsènan lalwa aprètriz la, gen anpil ki gen rapò avèk sa.

59 An verite, si Papa a aple yon moun, menm jan avèk aAawon, pa vwa pa mwen, epi pa vwa moun ki te voye m nan, epi m dote l avèk bkle pouvwa prètriz sa a, si l fè nenpòt bagay nan non mwen, epi daprè lalwa mwen ak pawòl mwen, li p ap fè peche, epi m ap jistifye l.

60 Senyè Bondye ou la di, se poutèt sa, se pou pèsonn pa jije sèvitè m nan, Joseph; paske m ap jistifye l; paske li pral fè sakrifis m reklame nan men l pou transgresyon l yo.

61 Epi ankò, konsènan lalwa prètriz la—si nenpòt gason pran yon avyèj kòm madanm li, epi li vle marye avèk yon blòt, epi premye a bay konsantman l, epi si l marye avèk dezyèm nan, epi yo vyèj, epi yo sèmante pou yo pa gen okenn lòt gason, lè sa a li jistifye; li pa kapab komèt adiltè paske li resevwa yo; paske li pa kapab komèt adiltè avèk yon moun ki pou li epi ki pa pou pèsonn lòt moun.

62 Epi si lalwa sa a ba li dis vyèj, li pa kapab komèt adiltè, paske yo pou li, epi li resevwa yo; se poutèt sa, li jistifye.

63 Men, si youn oubyen nenpòt nan dis vyèj yo vin avèk yon lòt gason apre l fin marye avèk li, vyèj sa a komèt adiltè, epi l ap detwi; paske gason an te resevwa yo pou amiltipliye epi pou devlope tè a, daprè kòmandman mwen, epi pou akonpli pwomès Papa m te bay anvan fondasyon mond lan, epi pou egzaltasyon yo nan mond etènèl yo, pou yo kapab pote nanm lèzòm; paske se nan sa btravay Papa m nan ap kontinye, pou l kapab glorifye.

64 Senyè Bondye w la di, epi ankò, an verite, an verite, m di ou, si nenpòt gason ki gen kle yo pou pouvwa sa, e li gen yon madanm, epi li ansenye madanm nan lalwa prètriz mwen an, konsènan bagay sa yo, lè sa a li dwe kwè epi li dwe administre pou li, oubyen l ap detwi; paske m ap detwi madanm sa a; paske m ap mayifye non mwen sou tout moun ki resevwa epi ki obeyi lalwa mwen.

65 Se poutèt sa, se yon bagay k ap legal pou mwen si madanm nan pa resevwa lalwa sa a, pou mari a resevwa tout bagay mwen menm Senyè Bondye li a, m pral ba li, paske madanm nan pa t kwè epi li pa t administre pou mari a daprè pawòl mwen; apre sa, madanm nan vin tounen transgresè a; epi li egzante anba lalwa Sara a, ki te administre pou Abraram daprè lalwa a lè m te kòmande Abraram pou l pran Aga kòm madanm.

66 Epi kounyeya, konsènan lalwa sa a, an verite, an verite, m di ou, m pral revele ou plis bagay apre sa; se poutèt sa, sa ase pou kounyeya. Gade, m se Alfa ak Omega. Amèn.