Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 136


Seksyon 136

Pawòl ak volonte Senyè a te bay Prezidan Brigham Young nan Winter Quarters, Kan Izrayèl la, Omaha Nation, sou rivaj lwès Rivyè Missouri a, toupre Council Bluffs, Iowa.

1–16, Fason kan Izrayèl la dwe òganize pou vwayaj nan lwès la; 17–27, Sen yo kòmande pou yo viv daprè plizyè prensip nan levanjil la; 28–33, Sen yo ta dwe chante, danse, priye, epi aprann lasajès; 34–42, Pwofèt yo pase anba asasina pou yo kapab onore epi pou mechan yo kapab kondane.

1 Pawòl ak volonte Senyè a konsènan kan Izrayèl la nan vwayaj yo pou ale nan lwès:

2 Se pou tout pèp aLegliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ak moun k ap vwayaje avèk yo òganize tèt yo fè konpayi, avèk yon alyans ak yon pwomès pou yo respekte tout kòmandman ak prensip Senyè Bondye nou an.

3 Se pou konpayi yo òganize avèk kapitèn ak gwoup asan santèn, kapitèn gwoup alatèt gwoup senkant, ak kapitèn gwoup dis, avèk yon prezidan ak de konseye l yo alatèt yo, sou direksyon bDouz Apot yo.

4 Epi men aalyans nou pral genyen—pou nou bmache nan tout còdonans Senyè a.

5 Se pou chak konpayi ekipe tèt yo avèk tout ekipman yo, charyo, pwovizyon, rad, ak lòt bagay ki nesesè, yo kapab pote pou vwayaj la.

6 Lè konpayi yo òganize, se pou y ale avèk pisans yo, pou prepare pou moun ki pral rete yo.

7 Se pou chak konpayi, avèk kapitèn yo ak prezidan yo, deside konbyen moun ki kapab ale prentan apre a; apre sa pou yo chwazi yon kantite moun ki gen kapasite ak talan ase, pou pran ekip yo, semans yo, ak materyèl pou agrikilti yo, pou ale kòm pyonye pou prepare jaden prentan an.

8 Se pou chak konpayi pote yon pwopòsyon egal, daprè kantite byen yo genyen, pou yo pran apòv yo, bvèv yo, còfelen yo, ak fanmi moun ki t ale nan lame yo, pou kriye vèv yo ak òfelen yo pa monte nan zòrèy Senyè a kont pèp sa a.

9 Se pou chak konpayi prepare kay, ak chan pou plante grenn, pou moun ki pral rete dèyè yo nan sezon sa a: epi se volonte Senyè a konsènan pèp li a.

10 Se pou chak moun itilize tout enfliyans li ak byen li l pou plase pèp sa a nan kote Senyè a pral plase apye Siyon an.

11 Epi si nou fè sa avèk yon kè pi, avèk anpil fidelite, n ap abeni; n ap beni nan twoupo mouton nou, ak twoupo bèf nou, ak nan jaden nou, ak nan kay nou, ak nan fanmi nou.

12 Se pou sèvitè m yo, Ezra T. Benson ak Erastus Snow òganize yon konpayi.

13 Epi se pou sèvitè m yo, Orson Pratt ak Wilford Woodruff òganize yon konpayi.

14 Epi tou, se pou sèvitè m yo, Amasa Lyman ak George A. Smith òganize yon konpayi.

15 Epi pou yo lonmen prezidan, ak kapitèn alatèt gwoup san, ak senkant, ak dis.

16 Epi se pou sèvitè m yo ki te lonmen yo ale ansenye sen yo volonte, pou yo kapab prepare pou ale nan yon peyi lapè.

17 Ale nan wout nou epi fè jan m di nou an, epi pa pè ènmi nou yo; paske yo p ap gen pouvwa pou rete travay mwen an.

18 Siyon pral arachte nan pwòp tan pa m.

19 Epi si nenpòt moun chèche leve tèt pa l, epi l pa chèche akonsèy pa m, li p ap gen pouvwa, foli l ap vin piblik.

20 Chèche; epi akenbe tout kontra nou fè youn avèk lòt; epi pa bkonvwate sa ki pou frè nou.

21 aKenbe kò nou lwen mal pou nou pa lonmen non Senyè a anven, paske m se Senyè Bondye nou an, bBondye zansèt nou yo menm, Bondye Abraram ak Izarak ak Jakòb la.

22 Se amwenmenm ki te dirije pitit Izrayèl yo soti an Ejip la; epi ponyèt mwen lonje nan dènye jou yo, pou m bsove pèp Izrayèl mwen an.

23 Sispann fè achirepit youn lòt; sispann pale bmal youn kont lòt.

24 Sispann asoule tèt nou; epi se pou pawòl nou bedifye youn lòt.

25 Si nou prete nan men vwazen nou, nou dwe remèt sa nou te aprete a; epi si nou pa kapab peye, ale kote vwazen nou, pou l pa kondane nou.

26 Si nou jwenn sa vwazen nou apèdi, nou dwe chèche avèk dilijans jistan nou ba li l.

27 Nou dwe prezève sa nou genyen avèk adilijans, pou nou kapab yon bresponsab ki saj; paske se don gratis Senyè Bondye nou an, epi nou responsab pou li.

28 Si nou kontan, louwe Senyè a avèk achante, avèk mizik, avèk danse, epi avèk yon bpriyè louwanj ak cremèsiman.

29 Si nou atris, rele non Senyè Bondye nou an avèk siplikasyon, pou nanm nou kapab gen blajwa.

30 Pa pè ènmi nou yo, paske yo nan men mwen epi m ap fè jan m vle avèk yo.

31 Pèp mwen an dwe apase tès nan tout bagay, pou yo kapab prepare pou resevwa blaglwa m genyen pou yo, laglwa Siyon an menm; epi yon moun ki pa vle sipòte cchatiman, li pa diy pou wayòm mwen an.

32 Se pou moun ki iyoran gen aimilite epi pou l rele non Senyè Bondye li a, pou l kapab aprann blasajès, pou je l kapab louvri pou l wè, epi pou zòrèy li louvri pou l kapab tande;

33 Paske m voye aLespri m nan mond lan pou klere moun ki gen imilite ak kè kontri, epi pou kondane ate yo.

34 Frè nou yo rejte nou ak temwayaj nou an, nasyon ki te pouse nou amete deyò a menm;

35 Epi kounyeya jou kalamite yo a rive, jou tristès yo menm, tankou yon fi ki nan akouchman; epi tristès yo pral anpil si yo pa repanti rapid rapid, wi, trè rapid rapid.

36 Paske yo te touye pwofèt yo, ak moun m te voye kote yo a; epi yo koule san inosan, k ap kriye soti nan tè a kont yo.

37 Se poutèt sa, pa etone wè bagay sa yo, paske nou poko api; nou pako kapab sipòte laglwa m; men, n ap wè l si nou fidèl nan kenbe pawòl m bba nou yo, depi nan epòk Adan jouk nan Abraram, depi nan Abraram jouk nan Moyiz, depi nan Moyiz jouk nan Jezi ak apot li yo, epi depi nan Jezi ak apot li yo jouk nan Joseph Smith, m aple pa mwayen czanj mwen yo, sèvitè m k ap administre a, epi pa vwa pa m ki soti nan syèl la, pou reyalize travay mwen;

38 Li te poze fondasyon sa a, epi l te fidèl; epi m pran l vin kote m.

39 Anpil moun te etone poutèt lanmò l; men, sete nesesè pou l asele btemwayaj li avèk csan l, pou l kapab onore epi pou mechan yo kondane.

40 Èske m pa delivre nou anba men aènmi nou yo, senpleman paske m kite yon temwayaj pou non mwen?

41 Kounyeya, se poutèt sa, koute O, noumenm pèp alegliz mwen an; epi nou menm ansyen yo koute ansanm; nou resevwa bwayòm mwen an.

42 Fè dilijans nan respekte tout kòmandman m yo, pou jijman pa vini sou nou, epi pou lafwa nou pa fayi, epi pou ènmi nou yo pa triyonfe sou nou. Konsa, pa gen anyen plis pou kounyeya. Amèn epi Amèn.