Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 138


Seksyon 138

Yon vizyon Prezidan Joseph F. Smith te resevwa nan Salt Lake City, Utah, 3 Oktòb 1918. Nan Ouvèti mesaj li a pandan 89èm Konferans Jeneral Semi Anyèl Legliz la, 4 Oktòb 1918, Prezidan Smith te deklare li te resevwa plizyè kominikasyon diven pandan mwa pase yo. Youn ladan yo konsènan vizit Sovè a te fè lespri mò yo pandan kò L te nan tonb la, Prezidan Smith te resevwa l jou anvan an. Li te ekri imedyatman apre konferans lan te fini. Nan 31 Oktòb 1918, yo te soumèt li devan konseye yo ki nan Premye Prezidans lan, Konsèy Douz yo, ak Patriyach la, epi yo te aksepte l an jeneral.

1–10, Prezidan Joseph F. Smith medite sou ekriti Pyè yo ak vizit Senyè nou an nan mond dèzespri yo; 11–24, Prezidan Smith wè mò moun ki jis yo rasanble nan yon paradi ak Kris la pami yo; 25–37, Li wè kòman predikasyon levanjil la te òganize nan mond dèzespri yo; 38–52, Li wè Adan, Èv, ak anpil nan pwofèt sen yo nan mond dèzespri a ki te konsidere sitiyasyon lespri yo anvan rezirèksyon yo a kòm yon esklavaj; 53–60, Mò jis yo, jouk kounyeya, ap kontinye travay yo nan mond dèzespri a.

1 Jou twa Oktòb, nan ane mil nèfsan disyuit la, m te chita nan chanm mwen ap amedite sou ekriti yo;

2 Epi m t ap reflechi sou gran asakrifis ekspyatwa Pitit Gason Bondye a te fè pou bredanmsyon mond lan;

3 Ak gran aamou mèveye Papa a ak Pitit Gason an te montre nan vini bRedanmtè a nan mond lan;

4 Pou, lagras ak aekspyasyon li a, epi nan bobeyisans prensip levanjil la, limanite kapab sove.

5 Pandan m te angaje konsa, panse m te vire sou ekriti apot pyè yo, pou sen nan epòk aprimitif ki te rasanble toupatou nan bPon, Galasi, Kapadosi ak lòt pati an Azi, kote levanjil la te preche apre krisifiksyon Senyè a.

6 M te louvri Bib la epi m te li twazyèm ak katriyèm chapit ki nan premye epit Pyè a, epi pandan m t ap li, m te enpresyone anpil, plis pase sa te janm rive m anvan, avèk pasaj sa a yo;

7 “Paske Kris la te soufri yon fwa pou peche yo, limenm ki jis la pou moun ki pa jis yo, pou l kapab mennen nou bay Bondye, paske yo te touye l nan kò fizik la, men li te vivan nan Lespri a;

8 “Avèk lespri a tou li te preche lespri ki nan aprizon yo;

9 “Lespri sa yo ki te dezobeyisan kèk fwa, lè pasyans Bondye te pwolonje yon fwa nan epòk Noye a, pandan bato a t ap prepare, kote sèlman kèk moun, ki vle di yuit nanm te sove nan dlo a.” (1 Pyè 3:18–20.)

10 “Se pou rezon sa a levanjil la te preche devan moun mouri yo, pou yo kapab jije tankou moun ki gen kò fizik, epi pou yo viv tankou Bondye nan lespri a.” (1 Pyè 4:6.)

11 Pandan m t ap medite sou bagay sa yo ki te aekri yo, bje konpreyansyon m te louvri, epi Lespri Senyè a te crepoze sou mwen, epi m wè pakèt d yo, ni piti yo ni gran yo.

12 Epi te gen yon kantite konpayi lespri moun ki ajis enkalkilab, ki te bfidèl nan temwayaj Jezi pandan yo t ap viv nan mòtalite;

13 Epi ki te ofri asakrifis nan resanblans gran sakrifis Pitit Gason Bondye a, epi ki te bsoufri tribilasyon nan non Redanmtè yo a.

14 Tout moun sa yo te kite vi mòtèl la, fèm nan aesperans yon brezirèksyon gloriye, pa clagras Bondye ki se dPapa a, ak eSèl Pitit Gason Literal li a, Jezikri.

15 M te wè yo ranpli avèk alajwa ak kontantman, epi yo t ap rejwi ansanm, paske jou delivrans yo a t ap pwoche.

16 Yo te rasanble ap rete tann Pitit Gason Bondye a ki t ap vini nan mond adèzespri a, pou deklare redanmsyon yo anba bkòd lanmò.

17 Pousyè kò yo ki t ap dòmi an ta pral arestore nan fòm pafè li, bzo pou zo, jwenti pou jwenti ak chè ki sou yo a, clespri ak kò a ki pral reyini pou yo pa janm divize ankò, pou yo kapab resevwa yon dlajwa toutantye.

18 Pandan gran miltitid sa a t ap rete tann epi yo t ap pale, yo t ap rejwi nan lè delivrans yo a anba chenn lanmò, Pitit Gason Bondye a te parèt, li te adeklare libète pou prizonye ki te fidèl yo;

19 Epi se la li te apreche yo blevanjil etènèl la, doktrin rezirèksyon an ak redanmsyon limanite anba cchit Adan an, epi anba peche endividyèl sou kondisyon drepantans.

20 Men, li pa t ale kote amechan yo, epi pami ate yo ak moun ki pa repanti yo, ki te bdenigre tèt yo nan kò fizik la, vwa li pa t leve;

21 Ni tou rebèl yo ki te rejte temwayaj ak avètisman ansyen pwofèt yo pa t wè prezans li, ni tou yo pa t gade figi l.

22 Kote moun sa yo te ye a, atenèb te reye, men, kote moun ki jis yo te gen blapè;

23 Epi sen yo te rejwi nan aredanmsyon yo a, yo te pliye bjenou yo epi yo te rekonèt Pitit Gason Bondye a kòm redanmtè yo ak liberatè yo anba lanmò ak cchenn lanfè.

24 Aparans yo te briye, epi alimyè ki te soti nan prezans Senyè a te repoze sou yo, epi yo te bchante chan pou non sen li a.

25 M te etone, paske m te konprann Sovè a te pase anviwon twazan nan ministè a pami Juif yo, ak moun ki fè pati nan kay Izrayèl yo, li t ap fè efò pou ansenye yo levanjil etènèl la epi pou l rele yo nan repantans;

26 Epi malgre travay pisan li yo, ak mirak yo, ak pwoklamasyon verite a avèk gwo apouvwa epi avèk otorite, te gen sèlman kèk moun ki te koute vwa l, epi ki te rejwi nan prezans li, epi ki te resevwa sali nan men l.

27 Men, ministè li pami moun ki te mouri yo te limite, akoz ti tan abrèf ki te pase ant krisifiksyon ak rezirèksyon li a;

28 Epi m te poze tèt mwen kesyon sou pawòl Pyè yo—kote l te di konsa Pitit Gason Bondye a te preche lespri ki te nan prizon yo ki te dezobeyisan, lè pasyans Bondye te pwolonje pandan epòk Noye a—epi kòman sa te posib pou l preche lespri yo, epi pou akonpli devwa ki nesesè pami yo nan yon ti tan si kout.

29 Epi pandan m t ap poze tèt mwen kesyon, je m te louvri, epi konpreyansyon m te achanje, epi m te wè Senyè a pa t ale an pèsòn pami mechan yo ak dezobeyisan yo ki te rejte verite a, pou l preche yo;

30 Men gade, pami moun ki jis yo li te òganize fòs li epi l te chwazi mesaje, ki te abiye avèk apouvwa epi avèk otorite, epi l te otorize yo pou y ale epi pou yo pote limyè levanjil la pou moun ki te nan btenèb yo, menm pou ctout lespri lèzòm; epi se konsa levanjil le te preche devan mò yo.

31 Epi mesaje ki te chwazi yo t ale deklare jou alagras Senyè a, epi yo te pwoklame blibète pou prizonye ki te mare yo, sa vle di tout moun ki te vle repanti nan peche yo pou yo resevwa levanjil la.

32 Se konsa levanjil la te preche devan moun ki te amouri nan peche yo, san bkonesans verite a, oubyen nan transgresyon, ki te rejte pwofèt yo.

33 Yo te ansenye moun sa yo alafwa nan Bondye, repantans pou peche, batèm bpa pwokirasyon pou cpadon peche yo, ddon Sentespri a anba enpozisyon men,

34 Ak tout lòt prensip levanjil la ki te nesesè pou yo konnen pou yo kapab kalifye tèt yo pou yo kapab ajije tankou moun ki gen kò fizik epi pou viv tankou Bondye nan lespri a.

35 Epi se konsa nouvèl la te gaye pami mò yo, ni piti yo ni gran yo, enjis yo ak sa ki fidèl yo tou, pou fè konnen redanmsyon te vin reyalize pa mwayen asakrifis Pitit Gason Bondye a sou bkwa a.

36 Konsa, nouvèl la te pibliye pou fè konnen, Redanmtè nou an te pase tan l pandan sejou li nan mond dèzespri a ap enstwi epi ap prepare lespri fidèl apwofèt li yo ki te temwaye konsènan li nan kò fizik la;

37 Pou yo kapab pote mesaj redanmsyon an bay tout mò yo, mò li pa t kapab vizite pèsonèlman yo, poutèt arebelyon ak transgresyon yo, pou yo kapab tande pawòl li yo pa mwayen ministè sèvitè li yo.

38 Pami gran toupuisan ki te rasanble nan pakèt asanble moun jis sa yo, te gen Papa aAdan, Nonm ansyen tan an ki se papa tout moun,

39 Ak Manman gloriye nou an, aÈv, avèk anpil nan pitit fi fidèl li yo ki te viv nan tout epòk yo epi ki te adore vrè Bondye vivan an.

40 aAbèl, premye moun ki te mouri bmatirize a te la tou, ak frè li a, cSèt, youn nan toupisan yo, ki te nan dimaj egzat papa li, Adan.

41 aNoye, ki te bay avètisman pou delij la; bSèm, gran cgran prèt; dAbraram, papa lafwa a; eIzarak, fJakòb, ak gMoyiz, gwo nèg ki te bay Izrayèl lalwa a;

42 Epi aEzayi ki te deklare pwofesi pou fè konnen Redanmtè a te resevwa onksyon pou soude kè brize yo, pou pwoklame libète pou bkaptif yo, epi pou louvri cprizon pou moun ki te mare yo, te la tou.

43 An plis, aEzekyèl, Bondye te montre gwo vale plen zo bsèk yo nan vizyon an, ki te gen pou yo abiye avèk chè yo, epi ki te gen pou leve ankò nan crezirèksyon mò yo, kòm nanm vivan yo;

44 aDanyèl ki te wè epi ki te predi etablisman bwayòm Bondye a nan dènye jou yo, wayòm ki te gen pou l pa janm detwi ankò a ni tou Bondye pa t ap janm bay lòt moun nan;

45 aElyas ki te avèk Moyiz sou mòn btransfigirasyon an;

46 Ak aMalachi, pwofèt ki te temwaye aparisyon bEli a—Eli sa Mowoni te pale Pwofèt Joseph Smith la, ki te deklare li gen pou vini anvan kòmansman gran cjou terib Senyè a—te la tou.

47 Pwofèt Eli te gen pou l plante nan a pitit yo, pwomès ki te fèt pou zansèt yo,

48 Li t ap pale konsènan gwo atravay yo ki te gen pou fèt nan btanp Senyè a nan cdispansasyon toutantye tout tan yo, pou redanmsyon mò yo, ak dsele pitit yo avèk paran yo, pou tout tè a pa frape anba malediksyon epi pou l pa detwi nèt lè l ap vini.

49 Tout moun sa yo ak anpil lòt, menm apwofèt ki te rete pami Nefit yo epi ki te temwanye konsènan vini Pitit Gason Bondye a, te melanje avèk pakèt asanble a epi yo t ap rete tann delivrans,

50 Paske mò yo te konsidere gran aespas tan lespri yo te rete san kò a kòm yon besklavaj.

51 Se moun sa yo Senyè a te ansenye, epi l te ba yo apouvwa pou yo leve, apre rezirèksyon li pami mò yo, pou yo antre nan wayòm Papa li a, nan kote sa a, pou kouwone yo avèk bimòtalite epi avèk clavi etènèl,

52 Epi pou yo kontinye travay yo depi lè sa a, jan Senyè a te pwomèt la, epi pou yo patisipe nan tout abenediksyon ki te rezève pou moun ki renmen l yo.

53 Pwofèt Joseph Smith, ak papa m, Hyrum Smith, Brigham Young, John Taylor, Wilford Woodruff, ak lòt lespri espesyal ki te arezève pou vini nan tout tan yo, pou fè pati nan poze bfondasyon gwo travay dènye jou sa a,

54 Ansanm avèk konstriksyon tanp yo ak akonplisman òdonans nan tanp yo, pou redanmsyon a yo, te nan mond dèzespri a tou.

55 M te remake tou, yo te pami gwo mesye anòb ki te bchwazi depi nan kòmansman yo, pou vin tounen dirijan nan Legliz Bondye a.

56 Menm anvan yo te fèt, ansanm avèk anpil lòt, yo te resevwa premye leson yo nan mond kote lespri yo te ye a, epi yo te apare pou yo leve nan btan ki apwopriye pou Senyè a, pou yo travay nan cjaden li a pou sali nanm lèzòm.

57 M te wè aansyen yo ki fidèl nan dispansasyon sa a, lè yo te kite vi mòtèl la, yo te kontinye travay yo nan preche levanjil repantans ak redanmsyon an, pa mwayen sakrifis Sèl Pitit Gason Literal Bondye a, pami moun ki nan btenèb ak anba esklavaj peche yo, nan gran mond dèzespri mò yo.

58 Mò ki repanti yo pral arachte pa obeyisans bòdonans ki nan kay Bondye a.

59 Epi apre yo fin peye chatiman pou transgresyon yo, epi yo alave pwòp, yo pral resevwa rekonpans yo daprè bzèv yo, paske yo se eritye sali a.

60 Se konsa Bondye te revele m redanmsyon mò yo, epi m rann temwayaj, epi m konnen temwayaj sa a se averite, pa mwayen Benediksyon Senyè a ak Sovè nou an, Jezikri, se konsa sa ye. Amèn.