Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 13


Seksyon 13

Yon ekstrè nan istwa Joseph Smith la ki rakonte òdinasyon Pwofèt la ak Oliver Cowdery nan Prètriz Aawon an tou pre Harmony, Pennsylvania, 15 Me 1829. Òdinasyon an te fèt anba men yon zanj ki te prezante tèt li kòm Jan, menm moun sa a ki te rele Janbatis nan Nouvo Testaman an. Zanj lan te esplike li t ap aji sou direksyon Pyè, Jak ak Jan, ansyen apot yo, ki te gen kle pi gran prètriz la, ki te rele Prètriz Mèlkisedèk la. Joseph ak Oliver te resevwa pwomès ke yo t ap konfere prètriz ki pi wo a sou yo lè tan an rive. (Gade nan seksyon 27:7–8, 12.)

Kle ak pouvwa Prètriz Aawon yo tabli.

1 Nou menm sèvitè asosye m yo, nan non Mesi a, m akonfere bPrètriz Aawon an, ki gen kle ministè czanj yo, ak levanjil drepantans lan, ak ebatèm pa imèsyon pou padon peche yo; epi sa p ap janm sòti ankò sou tè a, jistan fpitit gason Levi yo ofri Senyè a ankò yon ofrann nan glajistis.