Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 14


Seksyon 14

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou David Whitmer, nan Fayette, New York, Jen 1829. Fanmi Whitmer a te vin enterese anpil nan tradiksyon Liv Mòmon an. Pwofèt la te tabli yon rezidans lakay Peter Whitmer, papa a, kote l te rete jistan travay tradiksyon an te fini epi dwa ekriven pou liv apre a te asire. Twa nan pitit gason Whitmer yo, yo chak te resevwa yon temwayaj konsènan verite travay la, yo te vin enterese anpil sou zafè devwa endividyèl yo. Revelasyon sa a ak de sa ki vini apre yo (seksyon 15 ak 16) te bay pou reponn yon kesyon pa mwayen Ourim ak Toumim nan. David Whitmer te vin tounen youn nan twa temwen Liv Mòmon an.

1–6, Travayè nan jaden yo ap jwenn sali; 7–8, Lavi etènèl se pi gwo nan kado Bondye yo; 9–11, Kris la te kreye syèl yo ak tè a.

1 aYon travay gran epi mèveye pral fèt pami pitit lèzòm yo.

2 Gade, m se Bondye; koute pawòl mwen, ki rapid epi ki pisan, ki pi file pase yon epe de bò, ki kapab divize jwenti yo ak mwèl yo fè de bout; se poutèt sa, koute pawòl mwen an.

3 Gade, jaden an deja mi pou rekòlte; se poutèt sa, nenpòt moun ki vle rekòlte, se pou l manche kouto digo l avèk tout fòs li, epi pou l rekòlte pandan tout jounen an, pou l kapab sere pou nanm li sali etènèl nan wayòm Bondye a.

4 Wi, nenpòt moun ki vle manche kouto digo l pou l rekòlte, moun sa a resevwa apèl nan men Bondye.

5 Se poutèt sa, si ou mande m w ap resevwa; si ou frape m ap louvri pou ou.

6 Chèche potekole epi tabli Siyon m nan. Respekte kòmandman m yo nan tout bagay yo.

7 Epi si ou arespekte kòmandman m yo epi si ou bpèsevere jiska lafen, w ap gen clavi etènèl, ki se pi gwo nan tout kado Bondye yo.

8 Epi se pral konsa, si ou mande Papa a nan non mwen, avèk lafwa, epi ou kwè, w ap resevwa aSentespri a, ki bay kapasite, pou ou kapab kanpe kòm yon btemwen pou bagay ou pral ctande ak wè yo, epi tou pou ou kapab deklare repantans bay jenerasyon sa a.

9 Gade, m se aJezikri, bPitit Gason Bondye cvivan an, ki te dkreye syèl yo ak e a, yon flimyè ki pa kapab kache nan gtenèb;

10 Se poutèt sa, m dwe pote aplenitid levanjil mwen an soti nan men bJanti yo pou ale jwenn kay Izrayèl la.

11 Epi gade, ou se David, epi ou te genyen apèl pou w ede; epi si w fè bagay sa a, epi si ou gen lafwa, w ap beni espirityèlman ak tanporèlman, epi rekonpans ou pral gran. Amèn.