Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 15


Seksyon 15

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou John Whitmer, nan Fayette, New York, Jen 1829 (gade nan antèt seksyon 14 la). Nan mesaj la, Senyè a pale konsènan bagay sèlman John Whitmer ak Limenm te konnen. Pi ta, John Whitmer te vin tounen youn nan Ywit Temwen Liv Mòmon yo.

1–2, Ponyèt Senyè a sou tèt tout tè a; 3–6, Preche levanjil la epi sove nanm moun se bagay ki genyen plis valè.

1 Koute, John, sèvitè m nan, epi tande pawòl Jezikri yo, Senyè ou la ak Redanmtè ou la.

2 Paske m pale ou avèk presizyon epi avèk apisans paske ponyèt mwen sou tout tè a.

3 Epi m pral di ou bagay okenn moun pa konnen eksepte mwen menm ak ou menm sèlman—

4 Paske, anpil fwa, ou te vle m fè ou konnen ki bagay ki t ap genyen plis valè pou ou.

5 Gade, ou beni poutèt bagay sa a, epi poutèt ou te pale pawòl m te ba ou yo, daprè kòmandman m yo.

6 Epi kounyeya, gade, m di ou konsa, bagay ki pral genyen plis valè pou ou, se pou ou adeklare pèp sa a repantans, pou ou kapab mennen nanm moun yo ban mwen, pou ou kapab brepoze avèk yo nan cwayòm dPapa m nan. Amèn.