Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 19


Seksyon 19

Revelasyon Joseph Smith te resevwa, nan Manchester, New York, pwobableman nan ete 1829. Nan istwa pa li, Pwofèt la prezante l kòm yon “kòmandman Bondye, e non pa yon kòmandman lòm, pou Martin Harris, li te resevwa nan men moun ki se Letènèl la.”

1–3, Kris la gen tout pouvwa; 4–5, Tout moun dwe repanti oubyen soufri; 6–12, Pinisyon etènèl se pinisyon Bondye; 13–20, Kris la te soufri pou tout moun, pou yo pa soufri si yo repanti; 21–28, Preche levanjil repantans la; 29–41, Deklare bon nouvèl yo.

1 Mwen aAlfa ak Omega, bKris Senyè a; wi, m se limenm menm, kòmansman an ak lafen an, Redanmtè mond lan.

2 Mwen menm, m te aakonpli epi m te fin fè volonte moun mwen ye a, Papa a menm, konsènan mwen—m te fè sa pou m kapab bsoumèt tout bagay devan m—

3 M te kenbe tout apouvwa, menm pouvwa pou m bdetwi Satan ak zèv li yo nan cfinisman mond lan, ak nan dènye gran jou jijman an, m pral pase sou abitan mond lan, pou m djije chak moun daprè ezèv li yo ak aksyon li te fè yo.

4 Epi asireman chak moun dwe arepanti oubyen bsoufri, paske, mwen menm Bondye, m pa gen cfinisman.

5 Se poutèt sa, m pa aanile jijman m pral pwononse yo, men, malè pral rive, kriye, brele ak manje dan, wi, pou moun ki bò kote cgoch mwen yo.

6 Men, ekriti yo apa di p ap gen finisman nan touman sa a, men ekriti yo di touman bsan finisman.

7 Ankò, ekriti yo di adanasyon etènèl; konsa li pi klè pase lòt ekriti yo, pou l kapab aji sou kè pitit lèzòm, tou sa pou laglwa non mwen.

8 Se poutèt sa, m pral esplike ou mistè sa a, paske se nesesè pou ou konnen menm jan avèk apot mwen yo.

9 M pale avèk ou menm m te chwazi nan bagay sa a, kòm si se te ou menm sèl, pou ou kapab antre nan arepo m nan.

10 Paske, gade, amistè diven yo gran anpil! Paske, gade, m san finisman, epi pinisyon ki soti nan men m nan se pinisyon san finisman, paske San bfinisman se non mwen. Se poutèt sa—

11 Pinisyon aetènèl se pinisyon Bondye.

12 Pinisyon san finisman se pinisyon Bondye.

13 Se poutèt sa, m kòmande ou pou ou repanti, epi pou ou respekte akòmandman ou te resevwa nan men Joseph Smith, pitit la, sèvitè m nan, nan non mwen an;

14 Epi se avèk pouvwa toupisan m nan ou te resevwa yo;

15 Se poutèt sa m kòmande ou pou ou repanti—repanti, pou m pa frape ou avèk baton bouch mwen, epi avèk endiyasyon m, epi avèk kòlè m, epi pou asoufrans ou yo pa rèd—ou pa konnen kòman y ap rèd, ou pa konnen kòman y ap grav, wi, ou pa konnen kòman y ap rèd pou ou sipòte.

16 Paske gade, mwen menm Bondye, m te asoufri bagay sa yo pou tout moun, pou yo bpa soufri si yo crepanti;

17 Men si yo pa vle repanti yo dwe asoufri tankou m;

18 Soufrans sa a ki te fè, mwen menm, Bondye, ki pi gran pase tout moun, tranble anba doulè, epi ki te fè m senyen nan chak twou swè nan kò m, epi ki te fè m soufri nan ni kò m ni nan lespri m—epi m te swete pou m apa t bwè tas anmè a, epi tou m te pa t fè bak—

19 Men, laglwa pou Papa a, m te bwè l epi m te afini preparasyon m yo pou pitit lèzòm.

20 Se poutèt sa, M kòmande ou ankò pou ou repanti, pou m pa oblije ou gen imilite avèk pouvwa toupisan m nan; epi akonfese peche ou yo, pou ou pa soufri pinisyon m te pale a, pinisyon sa a ou te goute nan pi piti wi, degre, lè m te wete Lespri m nan.

21 M kòmande ou pou ou pa apreche anyen eksepte repantans, epi bpa montre mond lan bagay sa yo jistan lasajès mwen vle sa.

22 Paske yo pa kapab asipòte vyann kounyeya, men yo dwe resevwa blèt; se poutèt sa, yo pa dwe konnen bagay sa yo pou yo pa peri.

23 Aprann nan men m, epi koute pawòl mwen yo; amache nan bjantiyès Lespri m nan, epi w ap gen clapè nan mwen.

24 M se aJezikri; m te vini nan volonte Papa a, epi m fè volonte l.

25 Epi ankò, m kòmande ou pou ou pa akonvwate bmadanm pwochen ou; ni tou pa chèche pran lavi pwochen ou.

26 Epi ankò, m kòmande ou pou ou pa konvwate pwopriyete pa ou, men pataje l avèk libète pou enprime Liv Mòmon an, ki gen averite a ak pawòl Bondye a—

27 Ki se pawòl mwen pou aJanti yo, pou l kapab ale jwenn bjuif yo pita, Lamanit yo se yon crès Juif yo, pou yo kapab kwè levanjil mwen an, epi pou yo pa rete tann dMesi ki te deja vini an.

28 Epi ankò, m kòmande ou pou ou apriye b epi pou ou priye nan kè ou; wi, devan mond lan epi an sekrè, an piblik epi an prive.

29 Epi ou dwe adeklare bon nouvèl la, wi, pibliye l sou mòn yo, ak sou tout kote ki wo, ak pami chak pèp ou gen pèmisyon pou ou wè.

30 Epi ou dwe fè sa avèk anpil imilite, pou ou akonfye ou nan mwen, epi pou pa goumen avèk moun k ap goumen yo.

31 Epi w pa dwe pale konsènan adoktrin, men ou dwe deklare repantans ak blafwa nan Sovè a, ak cpadon pou peche nan dbatèm, epi nan edife, wi, nan fSentespri a menm.

32 Gade, sa se yon agran epi se dènye kòmandman m ap ba ou konsènan zafè sa a; paske sa ap ase pou konpòtman ou, menm jiska lafen vi ou.

33 Epi w ap frape ak lamizè si ou neglije akonsèy sa yo, wi, menm destriksyon tèt pa ou ak byen ou yo.

34 aBay yon pòsyon nan byen ou yo, wi, menm yon pati nan tè ou yo, epi bay tout eksepte sa pou ou pran swen fanmi ou;

35 Peye adèt ou te bkontrakte avèk enprimè a. Wete tèt ou anba cesklavaj.

36 aKite kay ou ak fwaye ou, eksepte lè ou gen dezi wè fanmi ou;

37 Epi apale avèk tout moun libelibè; wi, preche, egzòte, deklare bverite a, menm avèk yon vwa fò, avèk yon son ki bay rejwisans, lè kriye—Ozana, ozana, se pou non Senyè Bondye a beni!

38 aPriye toutan, epi m ap bvide Lespri m sou ou, epi benediksyon w ap anpil—wi, plis pase si ou ta jwenn trezò tè yo ak tout sistèm koripsyon ki mache ak yo.

39 Gade, èske ou kapab li bagay sa a san ou pa ta rejwi epi san kè ou pa ta ranpli avèk kontantman?

40 Oubyen èske ou kapab kontinye kouri tribòbabò tankou yon gid ki avèg?

41 Oubyen èske ou kapab gen aimilite, konpòte ou dousman, epi kondi tèt ou avèk lasajès devan m? Wi, bvin jwenn mwen, Sovè ou la. Amèn.