Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 2


Seksyon 2

Yon ekstrè ki soti nan istwa Joseph Smith ki gen rapò avèk pawòl zanj Mowoni te di Pwofèt Joseph Smith yo, pandan Pwofèt la te lakay papa l nan Manchester, New York, nan aswè 21 Septanm 1823 a. Mowoni te dènye nan pami yon bann istoryen ki te fè rejis ki devan mond lan jodi a sou fòm Liv Mòmon an. (Konpare Malachi 4:5–6; epi seksyon 27:9; 110:13–16; ak 128:18.)

1, Eli gen pou l revele prètriz la; 2–3, Pwomès papa yo plante nan kè pitit yo.

1 Gade, m ap revele prètriz la ba nou, anba men aEli, pwofèt la, anvan bgwo jou terib Senyè a rive.

2 E ali pral plante bpwomès papa yo te resevwa yo nan kè pitit yo, e kè pitit yo pral vire sou papa yo.

3 Si se pa t sa, tout tè a t ap gaspiye nèt lè li vini.