Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 24


Seksyon 24

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la ak Oliver Cowdery te resevwa, nan Harmony, Pennsylvania, Jiyè 1830. Malgre mwens pase kat mwa te pase depi Legliz la te òganize, pèsekisyon te vin rèd, epi dirijan yo te oblije, akoz sekirite yo, chèche viv prèske nan kache. Yo te resevwa twa revelasyon sa yo nan moman sa a sa pou fòtifye yo, ankouraje yo, epi pou enstwi yo.

1–9, Joseph Smith resevwa apèl pou l tradui, preche, epi pou l eksplike ekriti yo; 10–12, Oliver Cowdery resevwa apèl pou l preche levanjil la; 13–19, Yo resevwa lalwa ki revele konsènan mirak, malediksyon, konsènan lè yon moun souke pousyè pye l, ale san bous oubyen san sak.

1 Gade, ou te resevwa apèl epi ou te chwazi pou ou ekri Liv Mòmon an, epi nan ministè mwen an; epi m te leve ou soti nan afliksyon ou yo, epi m te konseye ou, pou ou te delivre anba tout ènmi ou yo, epi ou te delivre anba pouvwa Satan yo ak anba fènwa!

2 Men, ou pa gen eskiz pou atransgresyon ou yo; men, ale epi pa fè peche ankò.

3 aMayifye ofis ou a; epi apre ou fin plante jaden ou yo epi apre ou fin klotire yo, ale vit nan legliz ki nan bColesville la, nan Fayette la, ak nan Manchester a, epi y ap csipòte ou; epi m ap beni yo espirityèlman ak tanporèlman;

4 Men, si yo pa resevwa ou, m ap voye yon malediksyon sou yo angiz yon benediksyon.

5 Epi ou dwe kontinye rele Bondye nan non mwen, epi pou ou ekri bagay aKonsolatè a pral ba ou yo, epi eksplike legliz la tout ekriti yo.

6 Epi w ap resevwa sa ou dwe adi ak sa ou dwe ekri nan moman an menm, epi y ap tande l, oubyen m ap voye yon malediksyon sou yo angiz yon benediksyon.

7 Paske ou dwe konsakre tout asèvis ou nan Siyon; epi nan bagay sa w ap gen fòs.

8 Gen apasyans nan bafliksyon, paske ou pral gen anpil; men, cpèsevere ladan yo, paske, gade m avèk ou, menm jiska dlafen vi ou.

9 Epi w p ap gen fòs nan travay tanporèl, paske se pa apèl pa ou. Travay nan aapèl ou a epi w ap gen mwayen pou ou magnifye apèl ou, epi pou ou esplike tout ekriti, epi pou ou kontinye fè enpozisyon men pou ou konfime manm legliz yo.

10 Epi frè w la, Oliver pral kontinye pote non mwen devan mond lan, ak devan legliz la tou. Epi li pa dwe panse li kapab di ase nan kòz mwen an; epi gade, m avèk li jiska lafen.

11 Nan mwen, l ap gen laglwa, men pa nan tèt pa l, ke se nan feblès oubyen nan fòs, ke se nan esklavaj oubyen nan libète;

12 Epi tout tan ak nan tout kote, li dwe louvri bouch li epi adeklare levanjil mwen an, kòm si se avèk vwa yon btwonpèt, lajounen tankou nan nuit. Epi m ap ba li yon fòs moun pa t janm konnen pami lèzòm.

13 Pa mande amirak, eksepte si m bkòmande ou sa, eksepte pou cchase ddyab, pou egeri moun malad, epi kont sèpan fpwazonnen, epi kont pwazon mòtèl;

14 Epi ou pa dwe fè abagay sa yo, eksepte si moun ki bezwen bagay sa yo mande ou yo, pou ekriti yo kapab akonpli; paske ou dwe aji daprè sa ki ekri a.

15 Epi nenpòt kote ou aantre, si yo pa resevwa ou nan non mwen, ou dwe kite yon malediksyon angiz yon benediksyon, lè ou souke bpousyè pye ou kont yo kòm yon temwayaj, epi lè ou netwaye pye ou yo bò chemen an.

16 Epi se pral konsa, nenpòt moun ki mete men sou ou avèk vyolans, ou dwe kòmande pou frape yo nan non mwen; epi, gade, m ap frape yo daprè pawòl ou, nan pwòp tan pa m.

17 Epi nenpòt moun ki mennen ou devan lalwa, lalwa a ap modi l.

18 Epi ou pa dwe pote ni abous ni sak, ni baton, ni de rad avèk ou, paske legliz la ap ba ou nan lè a menm tout sa ou bezwen kòm manje ak rad, epi kòm soulye ak lajan ak sak.

19 Paske ou resevwa apèl pou ou anetwaye jaden m nan avèk yon gwo konbit netwayaj, wi, menm pou yon dènye fwa; wi, epi tout moun ou te bòdone yo, yo dwe aji daprè modèl sa a. Amèn.