Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 25


Seksyon 25

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Harmony, Pennsylvania, Jiyè 1830 (gade nan antèt seksyon 24 la). Revelasyon sa a manifeste volonte Senyè a konsènan Emma Smith, madanm Pwofèt la.

1–6, Emma Smith, yon dam chwazi, te resevwa apèl pou l ede epi pou l rekonfòte mari l; 7–11, Li te resevwa apèl tou pou l ekri, pou l esplike ekriti yo, epi pou l seleksyone kantik yo; 12–14, Chan moun ki jis yo se yon priyè devan Senyè a; 15–16, Prensip obeyisans yo ki nan revelasyon sa a konsènen tout moun.

1 Koute vwa Senyè Bondye ou la, pandan m ap pale avèk ou, Emma Smith, pitit fi m nan; paske gade, m di ou konsa, tout moun ki aresevwa levanjil mwen an se pitit gason ak pitit fi nan bwayòm mwen an.

2 M ap ba ou yon revelasyon konsènan volonte m; epi si ou fidèl epi ou amache nan chemen bvèti devan m, m ap prezève vi ou, epi w ap resevwa yon ceritaj nan Siyon.

3 Gade, apeche ou yo padone, epi ou se yon dam chwazi, ou menm mwen te bay bapèl sa a.

4 Pa plenyen poutèt bagay ou pa wè yo, paske yo kache lwen ou ak mond lan, sa a ki se lasajès ki nan mwen menm pou yon lè ki pral rive.

5 Epi ofis apèl ou a pral yon arekonfò pou sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, mari ou la, nan afliksyon li yo, avèk pawòl konsolasyon yo, nan yon lespri ranpli ak imilite.

6 Epi ou dwe ale avèk li lè l ap vwayaje, epi pou ou kapab sèvi l kòm sekretè, lè pa gen pèsonn pou sèvi l kòm grefye, pou m kapab voye sèvitè m nan, Oliver Cowdery, nenpòt kote m ta vle.

7 Epi li dwe aòdone ou anba men l pou ou kapab esplike ekriti yo, epi pou ou kapab egzòte legliz la, daprè jan Lespri m va dikte ou.

8 Paske li pral enpoze amen l sou ou epi ou pral resevwa Sentespri a, epi w ap konsakre tan ou pou ou ekri, epi pou ou aprann anpil.

9 Epi ou pa bezwen pè, paske mari ou pral sipòte ou nan legliz la; paske, aapèl li se pou li pran swen manm yo, pou m brevele yo tout bagay, nenpòt bagay mwen vle, daprè lafwa yo.

10 Epi an verite, m di ou ou dwe mete abagay ki nan bmond sa a sou kote, epi cchèche bagay ki pou yon mond ki pi bon.

11 Epi w ap gen pou ou fè tou yon seleksyon akantik sakre yo, daprè enspirasyon ou va resevwa sa, ki fè m plèzi, pou ou ajoute nan legliz mwen an.

12 Paske nanm mwen pran plèzi nan achan ki soti nan b moun yo; wi, chan moun ki jis yo se yon priyè devan m, epi m ap reponn li avèk yon benediksyon sou tèt yo.

13 Se poutèt sa, leve kè ou epi rejwi, epi respekte alyans ou te fè yo.

14 Pèsevere nan yon lespri ki ranpli avèk aimilite, epi fè atansyon avèk blògèy. Kite manm ou pran plèzi nan mari ou, ak laglwa ki pral vin sou li a.

15 Respekte kòmandman m yo toutan, epi w ap resevwa yon akouwòn blajistis. Epi si ou pa fè sa, kote m ye a ou cp ap kapab vini.

16 Epi an verite, an verite, m di ou, se avwa m pou tout moun. Amèn.