Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 27


Seksyon 27

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Harmony, Pennsylvania, Out 1830. Pou preparasyon yon sèvis relijye, kote yo t ap pral administre sentsèn pen ak diven, Joseph te soti pou l t al achte diven. Li te rankontre avèk yon mesaje selès epi li te resevwa revelasyon sa a, yon pati ladan l te ekri nan lè sa a epi rès la te ekri nan mwa Septanm apre a. Kounyeya, yo itilize dlo angiz diven nan sèvis sentsèn Legliz la.

1–4, Anblèm ki dwe itilize lè moun ap pran sentsèn nan tabli; 5–14, Kris la ak sèvitè L yo ki nan tout dispansasyon dwe pran sentsèn nan; 15–18, Mete tout kiras Bondye a sou nou.

1 Koute vwa Jezikri, Senyè ou, Bondye ou, ak Redanmtè w la, ki gen pawòl li ki arapid epi ki pisan.

2 Paske, gade, m di ou, se pa sa ou manje oubyen sa ou bwè ki enpòtan lè ou ap pran asentsèn nan, si ou fè l nan yon sèl entansyon pou blaglwa mwen—si ou sonje devan Papa m, kò mwen ki te tonbe pou ou a, ak csan mwen ki te koule pou dpadon peche ou yo.

3 Se poutèt sa, m ap ba nou yon kòmandman, pou nou pa achte diven ni bwason fò nan men ènmi nou yo;

4 Se poutèt sa, nou pa dwe sèvi avèk yo youn eksepte si yo prepare tou frèch pami nou; wi, nan wayòm Papa m nan ki pral bati sou tè a.

5 Gade, sa se lasajès nan mwen; se poutèt sa, pa etone nou, paske lè a ap rive pou m abwè nan fwi diven an avèk nou sou tè a, epi avèk bMowoni, m te voye kote nou pou revele Liv Mòmon an, ki gen plenitid levanjil etènèl mwen an, limenm m te konfye kle rejis cbwa Efrayim nan;

6 Epi tou avèk aElyas, limenm m te konfye kle pou reyalize retablisman tout bagay bouch tout pwofèt sen yo te pale depi lè mond lan te kòmanse, konsènan dènye jou yo;

7 Epi tou Jan, pitit gason Zakari a, Zakari ke li a(Elyas) te vizite a e ke li te fè l pwomès ke l t ap gen yon pitit gason, ke yo t ap rele l bJan, e li t ap ranpli avèk lespri Elyas la;

8 Jan sa m te voye kote nou an, sèvitè m yo, Joseph Smith, pitit la, ak Oliver Cowdery, pou òdone nou nan premye aprètriz nou te resevwa a, pou nou te kapab aple epi pou nou te kapab bòdone tankou cAawon;

9 Epi tou aEli m te konfye kle pouvwa pou bvire kè papa yo bò kote pitit yo, epi pou vire kè pitit yo bò kote papa yo, pou tout tè a pa frape anba yon malediksyon;

10 Epi tou avèk Jozèf, ak Jakòb, ak Izarak, ak Abraram, zansèt nou yo, ki se gras a yo ke apwomès yo rete;

11 Epi tou avèk Michèl, oubyen aAdan, papa tout moun, prens tout moun, nonm tan ansyen an;

12 Epi tou avèk Pyè, Jak, ak Jan ke m te voye kote nou an, yo menm m te fè aòdone nou epi m te fè konfime nou kòm bapot, ak ctemwen espesyal pou non mwen, pou pote kle ministè nou yo, ak menm bagay m te revele nou yo;

13 Nou menm ke m te akonfye bkle wayòm mwen an, ak yon cdispansasyon dlevanjil la pou edènye tan yo; epi pou fplenitid tan m ap rasanble tout bagay fè gyoun, ni sa ki nan syèl la ak ni sa ki sou tè a;

14 Epi tou avèk tout moun ke Papa m te aban mwen nan mond lan.

15 Se poutèt sa, leve kè nou epi rejwi nou, epi mare senti nou epi ame nou ak tout azam mwen yo, pou nou kapab kanpe nan jou malè a, pou nou kapab bkanpe lè nou fin akonpli tout bagay.

16 Se poutèt sa, kanpe avèk senti nou amare ak bverite, mete cpwotèj dlajistis la sou nou, epi mete nan pye nou preparasyon levanjil elapè a, ke m te voye fzanj mwen yo konfye nou an;

17 Mete boukliye lafwa a sou nou pou nou kapab etenn tout aflanm dife mechan an yo;

18 Epi mete kaskèt sali a, ak epe Lespri m nan ke, m pral vide sou nou an, ak pawòl mwen an ke m te revele nou an, epi mete nou dakò ak tout bagay nou mande m yo, epi rete fidèl jiskaske m vini, epi n ap amonte, pou kote m ye a nou kapab la btou. Amèn.