Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 3


Seksyon 3

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Harmony, Pennsylvania, an Jiyè 1828, konsènan 116 paj dokiman ki te pèdi, dokiman ki te tradui nan premye pati Liv Mòmon an, ki te rele Liv Leyi a. Kont pwòp volonte pa l, kontre limenm Pwofèt la te kite paj sa yo soti nan men l pou ale nan men Martin Harris, ki te sèvi kòm grefye nan tradiksyon Liv Mòmon an pou yon peryòd brèf. Li te resevwa revelasyon an pa mwayen Ourim ak Toumim nan. (Gade seksyon 10 la.)

1–4, Chemen Senyè a se yon wonn etènèl; 5–15, Joseph Smith dwe repanti oubyen l ap pèdi don pou l tradui a; 16–20, Liv Mòmon an vini pou l sove desandan Leyi yo.

1 aTravay, ak entansyon ak objektif Bondye pa kapab kontrarye, ni yo pa kapab pase pou anyen.

2 Paske aBondye pa mache nan chemen kwochi, li pa vire ni adwat ni agoch, li pa chanje nan sa l te di, se poutèt sa chemen li yo dwat, epi bwout li se yon wonn etènèl.

3 Sonje, sonje se pa atravay Bondye ki kontrarye, men se travay lèzòm;

4 Paske, malgre yon moun kapab gen anpil revelasyon, ak pouvwa pou l fè anpil gwo travay, malgre sa, si l a lwanj pou fòs pa l, e li pa pran bkonsèy Bondye yo pou anyen, e si l suiv dikte ki soti nan volonte pa l ak dezi cchanèl li, li dwe sipòte dvanjans yon Bondye ki jis sou tèt li.

5 Gade, m te konfye li bagay sa yo, men kòmandman m te ba ou yo te estrik anpil; epi sonje tou pwomès ou te resevwa yo, si ou pa t transgrese yo.

6 Epi gade, konbyen fwa ou te atransgrese kòmandman ak lalwa Bondye yo, epi ou te kite lèzòm bpèsyade li.

7 Paske, gade, ou pa t dwe a lèzòm plis pase Bondye. Malgre lèzòm pa pran konsèy Bondye pou anyen, epi yo bmeprize pawòl li yo.

8 Men, Ou te dwe rete fidèl; e li t ap lonje bra li pou l sipòte w kont aflèche dife badvèsè a; e li t ap avèk ou chak fwa ou gen cpwoblèm.

9 Gade, ou rele Joseph, e Bondye te chwazi w pou ou fè travay Senyè a, men akoz transgresyon, si ou pa fè atansyon w ap tonbe.

10 Men sonje, Bondye gen mizèrikòd; se poutèt sa, repanti pou sa ou te fè ki kontrè ak kòmandman m te ba ou a, e Bondye te toujou chwazi w, epi ou resevwa apèl ankò pou ou fè travay la;

11 Si ou pa fè sa, m ap lage w epi w ap vin tankou lòt moun, epi ou p ap gen don ankò.

12 Epi lè w te lage bagay Bondye te ba ou a, vizyon ak pouvwa pou ou atradui a, ou te lage bagay ki te sakre a nan men yon bnonm mechan,

13 Ki pa pran konsèy Bondye yo pou anyen, ki te vyole pwomès ki pi sakre yo, ki te fèt devan Bondye, epi ki te konte sou pwòp jijman pa l, epi ki te a lwanj pou pwòp lasajès pa l.

14 Epi se poutèt rezon sa a ou te pèdi privilèj ou yo pou yon sezon—

15 Paske ou te kite moun pilonnen konsèy adirektè w la depi nan kòmansman.

16 Men, travay mwen pral mache, paske menm jan konesans aSovè a te vini nan mond lan, pa btemwayaj Juif yo, konsa ckonesans Sovè a pral vin jwenn pèp mwen an—

17 Ak aNefit yo, ak Jakobit yo, ak Jozefit yo, ak Zoramit yo, pa temwayaj papa yo—

18 Epi aLamanit yo pral gen konesans btemwayaj sa a, ak Lemyelit yo, ak Ismayelit yo, ki te cdejenere nan enkredilite poutèt inikite papa yo, a yo menm Senyè a te kite ddetwi frè yo, Nefit yo, poutèt inikite yo ak abominasyon yo.

19 Epi se nan abi sa yo, ki gen ladan yo brejis sa yo te prezève—pou cpwomès Senyè a te fè pèp li a te kapab akonpli;

20 Epi pou aLamanit yo kapab vin gen konesans sou papa yo, pou yo kapab konnen pwomès Senyè a, pou yo kapab bkwè nan levanjil la, epi pou yo kapab ckonte sou merit Jezikri, pou yo kapab dglorifye pa lafwa nan non l, epi pou yo kapab sove pa repantans yo. Amèn.