Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 30


Seksyon 30

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou David Whitmer, Peter Whitmer, pitit la, ak John Whitmer, nan Fayette, New York, Septanm 1830, apre twa jou konferans nan Fayette, men anvan ansyen yo ki nan Legliz la te separe. Nan kòmansman, materyèl sa a te pibliye kòm twa revelasyon; Pwofèt la te konbine yo pou fè yo fè yonn pou edisyon Doktrin ak Alyans 1835 lan.

1–4, Yo reprimande David Whitmer poutèt li pa t sèvi avèk dilijans; 5–8, Peter Whitmer, pitit la dwe akonpaye Oliver Cowdery nan yon misyon lakay Lamanit yo; 9–11, John Whitmer resevwa apèl pou l preche levanjil la.

1 Gade, m di ou, aDavid, ou te b lòm epi ou pa t gen ckonfyans nan mwen pou ou te ka gen fòs jan ou ta dwe a.

2 Men lide w te sou bagay a a plis, olye pou l te sou mwen, Kreyatè w la, epi sou ministè kote ou te resevwa apèl la; epi ou pa t fè atansyon a Lespri m, moun ki te plase sou tèt ou yo, epi ou te kite moun mwen pa t kòmande yo pèsyade w.

3 Se poutèt sa, mwen kite w pou kont ou pou ou mande m pou tèt pa ou, epi pou ou areflechi sou bagay ou te resevwa yo.

4 Epi ou dwe rete lakay papa w jistan m ba w lòt kòmandman. Epi ou dwe okipe nan aministè nan legliz la, ak devan mond lan, ak nan rejyon alantou yo. Amèn.

5 Gade, m di ou, aPeter, ou dwe fè bvwayaj ou a avèk frè w la, Oliver; paske c a rive kote li nesesè pou mwen pou ou louvri bouch ou pou deklare levanjil mwen an; se poutèt sa, pa pè, epi d atansyon ak pawòl ak konsèy frè w la pral ba ou yo.

6 Epi pran lapenn nan tout afliksyon li yo, leve kè w ban mwen toutan nan priyè ak lafwa, pou delivrans pa li ak pa w; paske m te ba l pouvwa pou l bati alegliz mwen an pami bLamanit yo;

7 Epi m pa t tabli pèsonn kòm konseye asou tèt li nan legliz la, konsènan zafè legliz la, eksepte frè li a, Joseph Smith, pitit la.

8 Se poutèt sa, fè atansyon ak bagay sa yo epi fè dilijans nan respekte kòmandman m yo, epi w ap beni ak lavi etènèl. Amèn.

9 Gade, m di ou, John, sèvitè m nan, depi kounyeya, ou dwe kòmanse apwoklame levanjil mwen an, kòm si se te avèk bvwa yon twonpèt.

10 Epi w ap travay lakay frè w Philip Burroughs, epi nan rejyon alantou a, wi, tout kote ou ta kapab fè tande w, jistan m kòmande ou pou ou kite kote sa a.

11 Epi se nan Siyon tout travay ou ap ye avèk tout nanm ou, depi kounyeya; wi, ou dwe toujou louvri bouch ou nan kòz mwen an, san ou pa a kisa blòm kapab fè, paske m cavèk ou. Amèn.