Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 31


Seksyon 31

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Thomas B. Marsh, Septanm 1830. Okazyon an se te imedyatman apre yon konferans Legliz la (gade nan antèt seksyon 30 la). Thomas B. Marsh te batize nan kòmansman mwa a epi yo te òdone l kòm yon ansyen nan Legliz la anvan yo te resevwa revelasyon sa a.

1–6, Thomas B. Marsh resevwa apèl pou l preche levanjil la epi pou l asire byennèt fanmi l; 7–13, Li resevwa konsèy pou l pasyan, pou l priye tout tan, epi pou l suiv Konsolatè a.

1 aThomas, pitit gason m nan, ou beni poutèt lafwa ou nan travay mwen an.

2 Gade, ou te gen anpil afliksyon poutèt fanmi ou; men, m ap beni ou ak fanmi ou, wi, timoun piti ou yo; epi jou a ap vini pou yo konnen verite a epi pou yo fè yon sèl avèk ou nan legliz mwen an.

3 Leve kè ou epi rejwi ou, paske lè misyon ou nan rive; epi lang ou pral delye, epi ou pral deklare abon nouvèl gwo lajwa devan jenerasyon sa a.

4 Ou dwe adeklare bagay ki te revele bay sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la. Ou dwe kòmanse preche depi kounyeya, wi, pou ou rekòlte nan jaden ki deja bmi pou boule a.

5 Se poutèt sa, amanche kouto digo ou avèk tout nanm ou, epi peche ou yo pral bpadone, epi ou pral chaje avèk yon cpakèt sou do ou, paske dtravayè a merite salè li. Se poutèt sa, fanmi ou pral viv.

6 Gade, an verite m di ou, soti pami yo sèlman pou yon ti tan, epi deklare pawòl mwen an, epi m ap prepare yon plas pou yo.

7 Wi, m ap alouvri kè pèp la, epi y ap resevwa ou. Epi m ap tabli yon legliz avèk men ou;

8 Epi ou dwe aranfòse yo epi prepare yo pou lè yo pral rasanble a.

9 Gen apasyans nan bafliksyon, pa goumen kont moun k ap goumen. Gouvène ckay ou avèk dousè, epi rete tennfas.

10 Gade, m di ou, ou dwe yon doktè pou legliz la, men, pa pou mond lan, paske yo p ap resevwa ou.

11 Ale fè wout ou nenpòt kote m vle voye ou, epi aKonsolatè a pral fè ou konnen kisa pou ou fè ak ki kote pou ou ale.

12 aPriye tout tan, pou ou pa tonbe nan btantasyon epi pou ou pa pèdi rekonpans ou.

13 Gen alafwa jiska lafen, epi gade, m bavèk ou. Pawòl sa yo pa pawòl lòm, ni lèzòm, men, se pawòl mwen, Jezikri menm, Redanmtè w la, avèk cvolonte Papa a. Amèn.