Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 32


Seksyon 32

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Parley P. Pratt ak Ziba Peterson, nan Manchester, New York, nan kòmansman Oktòb 1830. Ansyen yo te gen gwo enterè ak santiman konsènan Lamanit yo, moun Legliz la te aprann konsènan benediksyon ki te predi pou yo a nan Liv Mòmon an. Kòm konsekans, yon priyè te monte devan Senyè a, pou l endike volonte L, pou fè konnen si yo te dwe voye ansyen nan epòk sa a pou ale kote tribi Endyen nan Lwès yo. Revelasyon an te vini apre.

1–3, Parley P. Pratt ak Ziba Peterson resevwa apèl pou yo preche Lamanit yo epi pou yo akonpaye Oliver Cowdery ak Peter Whitmer, pitit la; 4–5, Yo dwe priye pou konpreyansyon ekriti yo.

1 Epi kounyeya, konsènan sèvitè m nan, aParley P. Pratt, gade, m di l, menm jan m vivan an, m vle pou l deklare levanjil mwen an epi pou l baprann nan men m, epi pou l dou epi pou l gen bon kè.

2 Epi sa m reklame nan men l, se pou l aale avèk sèvitè m yo, Oliver Cowdery ak Peter Whitmer, pitit la, nan dezè a pami bLamanit yo.

3 Epi aZiba Peterson dwe ale avèk yo tou; epi mwen menm poutèt pa m, m prale avèk yo epi m ap nan bmitan yo; epi m se cavoka yo devan Papa a, epi okenn bagay p ap gen pouvwa sou yo.

4 Epi yo dwe a atansyon ak sa ki ekri yo, epi yo pa dwe pretann yo gen okenn lòt brevelasyon; epi yo dwe priye toutan pou m kapab cdevwale menm bagay sa a pou dkonpreyansyon yo.

5 Epi yo dwe fè atansyon ak pawòl sa yo san yo pa diskite, epi m ap beni yo. Amèn.