Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 35


Seksyon 35

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la ak Sidney Rigdon te resevwa, nan oubyen pre Fayette, New York, 7 Desanm 1830. Lè sa a, Pwofèt la te angaje prèske chak jou pou l fè yon tradiksyon Bib la. Tradiksyon an te kòmanse depi nan kòmansman Jen 1830, epi Oliver Cowdery ak John Whitmer te sèvi kòm grefye. Paske yo te resevwa apèl nan lòt devwa kounyeya, Sidney Rigdon te resevwa apèl sou direksyon diven pou l sèvi kòm grefye Pwofèt la nan travay sa a (gade nan vèsè 20). Kòm prefas nan rejis revelasyon sa a, yo deklare nan istwa Joseph Smith: “An Desanm, Sidney Rigdon te vin soti [nan Ohio] pou l mande Senyè a, epi Edward Partridge te vini avèk li. … Yon ti tan apre de ansyen sa a yo te rive, men sa Senyè a te di.”

1–2, Kòman lèzòm kapab devni pitit Bondye; 3–7, Sidney Rigdon resevwa apèl pou l batize moun epi pou l konfere Sentespri a; 8–12, Siy ak mirak akonpli avèk lafwa; 13–16, Sèvitè Senyè a yo pral mache sou nasyon yo avèk pouvwa Lespri a; 17–19, Joseph Smith gen kle mistè yo; 20–21, Moun chwazi yo pral reziste nan jou aparisyon Senyè a; 22–27, Izrayèl pral sove.

1 Koute vwa aSenyè Bondye w la, bAlfa a ak Omega a, kòmansman an ak finisman an, cwout li a se yon sèl wonn etènèl, dmenm bagay jodi a, tankou yè, epi pou toutan.

2 M se Jezikri, Pitit Gason Bondye a, ki te akrisifye pou peche mond lan, pou tout moun ki bkwè nan non mwen, yo kapab devni cpitit Bondye, vin fè yon dsèl nan mwen menm jan m se yon esèl nan Papa a, jan Papa a se yon sèl nan mwen an, pou nou kapab fè yon sèl.

3 Gade, an verite, an verite, m di sèvitè m nan, Sidney, m te gade ou menm ak travay ou yo. M te tande priyè ou yo, epi m te prepare ou pou yon pi gwo travay.

4 Ou beni, paske ou pral fè gwo bagay. Gade, m te voye ou, menm tankou aJan, pou ou prepare chemen an devan m, epi devan bEli sila ki te dwe vini an, epi ou pa t konn sa.

5 Ou te batize moun nan dlo pou repantans, men moun sa a yo pat aresevwa Sentespri a;

6 Men kounyeya, m ap ba ou yon kòmandman, pou ou abatize moun nan dlo, epi y ap resevwa bSentespri a pa enpozisyon cmen, menm jan avèk apot nan tan lontan yo.

7 Epi se pral konsa pral gen yon gwo travay nan peyi a, menm pami aJanti yo, paske m ap fè foli yo ak abominasyon yo manifeste devan je tout moun.

8 Paske m se Bondye, epi ponyèt mwen pa vin twò akout; epi m pral montre bmirak, csiy, ak mèvèy pou tout moun ki dkwè nan non mwen.

9 Epi nenpòt moun ki mande sa nan non mwen, avèk alafwa, yo pral bchase cdemon; yo pral dgeri malad yo, pral fè avèg yo wè ankò, epi fè moun soud yo tande, epi fè bèbè yo pale, epi fè moun ki paralize yo mache.

10 Epi lè a ap vini rapid rapid pou m kapab montre pitit lèzòm yo gwo bagay;

11 Men asan lafwa, m p ap montre yo okenn bagay eksepte bdezolasyon sou cBabilòn, menm Babilòn sa a ki te fè tout nasyon yo bwè diven kòlè dfònikasyon li a.

12 Epi pa gen aokenn moun k ap fè byen eksepte moun ki pare pou yo resevwa plenitid levanjil mwen an, m te voye pou jenerasyon sa a.

13 Se poutèt sa, m rele bagay ki afèb nan mond lan, moun ki pa benstwi yo, epi moun yo meprize yo, pou bat mond lan avèk pouvwa Lespri m;

14 Epi ponyèt yo pral ponyèt pa m, m pral apwoteksyon yo ak boukliye yo; epi m pral mare senti yo, epi yo pral goumen tankou gason pou mwen; epi bènmi yo pral anba pye yo; epi m pral kite epe a ctonbe anfavè yo, epi m pral prezève yo avèk ddife endiyasyon mwen.

15 Epi apòv yo ak moun ki bdou yo pral resevwa predikasyon levanjil la, epi yo pral ret ctann lè aparisyon m nan, paske li dprèske rive—

16 Epi yo pral aprann parabòl apye figye a, paske kounyeya menm lete a deja pre.

17 Epi m te voye aplenitid levanjil mwen an nan men sèvitè m nan, bJoseph Smith; epi m te beni l nan feblès;

18 Epi m te ba li akle mistè bagay ki te bsele yo, menm bagay ki te la depi nan cfondasyon mond lan, ak bagay ki pral rive depi kounyeya jouk nan lè aparisyon m nan, si l rete nan mwen, epi si l pa rete nan mwen m ap plante yon lòt nan plas li.

19 Se poutèt sa, voye je sou li pou l pa pèdi lafwa, epi sa ap soti nan men aKonsolatè a, bSentespri a, ki konnen tout bagay.

20 Epi m ba ou yon kòmandman—pou ou aekri pou li; epi w ap resevwa ekriti yo, menm jan yo ye nan pwatrin mwen an, pou sove moun m bchwazi yo;

21 Paske yo pral tande avwa m, epi yo pral wè m, epi yo p ap nan dòmi, epi y ap bsipòte jou caparisyon m nan; epi y ap dpirifye menm jan avèk mwen.

22 Epi kounyeya, m di ou, rete avèk li, epi l ap vwayaje avèk aou; pa abandone l, epi sètènman an verite bagay sa a yo ap akonpli.

23 Epi atoutotan ou pa ekri, gade, l ap gen dwa pou pwofetize; epi ou dwe preche levanjil mwen an, epi pran referans bpwofèt sen yo pou pwouve pawòl li yo, jan li pral resevwa yo a.

24 aRespekte tout kòmandman ak alyans ki lye ou yo; epi m ap fè syèl yo bsouke pou byen ou, epi cSatan pral tranble epi Siyon pral drejwi sou kolin yo epi Siyon pral pwospere;

25 Epi aIzrayèl pral bsove nan tan pa mwen; epi m pral dirije yo avèk ckle m te bay yo, pou yo pa janm nan konfizyon ankò.

26 Leve kè ou epi kontan, aredanmsyon ou ap pwoche.

27 Pa pè, ti twoupo, awayòm nan pou ou jistan m vini. Gade m ap bvini rapid rapid. Se sa menm. Amèn.