Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 41


Seksyon 41

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Legliz la, nan Kirtland, Ohio, 4 Fevriye 1831. Revelasyon sa a bay Pwofèt la ak ansyen yo nan Legliz la direksyon pou yo priye pou yo ka resevwa “lwa” Bondye a (gade seksyon 42). Joseph Smith te fèk rive nan Kirtland soti New York, epi Leman Copley, yon manm Legliz la tou pre Thompson, Ohio, “te mande Frè Joseph ak Sidney [Ridgon] … pou yo te vin abite avèk li epi li t ap ba yo kay ak pwovizyzon.” Revelasyon sa a klarifye ki kote Joseph ak Sidney te dwe viv epi li aple Edward Partridge pou l vin premye evèk Legliz la tou.

1–3, Ansyen yo pral gouvène Legliz la avèk lespri revelasyon; 4–6, Vrè disip yo pral resevwa epi yo pral respekte lalwa Senyè a; 7–12, Yo nonmen Edward Partridge kòm yon evèk pou Legliz la.

1 Senyè Bondye w la di, koute epi tande, O, noumenm pèp mwen an, noumenm m pran plezi pou m abeni avèk pi gwo nan tout benediksyon yo, noumenm ki koute m yo; epi noumenm ki pa koute m yo m ap bmodi yo, moun ki cdeklare yo konnen non m yo, avèk malediksyon ki pi lou pase tout lòt yo.

2 Koute, O, noumenm ansyen yo ki nan Legliz mwen an m te bay apèl yo, gade m ba nou yon kòmandman pou nou rasanble ou ansanm pou nou mete nou adakò sou pawòl mwen an;

3 Epi, avèk priyè lafwa nou, n ap resevwa alalwa mwen an, pou nou kapab konnen kòman pou nou dirije Legliz mwen an epi pou nou fè tout bagay byen devan mwen.

4 Epi m ap adirijan nou lè m bvini; epi gade m ap vini rapid rapid, epi fè respekte lalwa mwen an.

5 Yon moun ki aresevwa lalwa mwen an epi ki bobsève l, moun sa a se disip mwen; epi yon moun ki di li resevwa l epi ki pa obsève l, moun sa a pa disip mwen, epi y ap cchase l soti pami nou;

6 Paske li pa bon pou bagay ki pou pitit wayòm nan ale nan men moun ki pa diy yo, oubyen achen yo, oubyen pou nou jete bpèl yo devan kochon.

7 Epi ankò, li bon pou sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, fè bati yon akay pou l rete epi pou l btradui.

8 Epi ankò, li bon pou sèvitè m nan, Sidney Rigdon viv jan l vle toutotan li respekte kòmandman m yo.

9 Epi ankò, m bay sèvitè m nan aEdward Partridge apèl; epi m bay yon kòmandman pou vwa legliz la nonmen l, pou yo òdone l kòm bevèk pou legliz la, pou l kite komès li a epi pou l cpase tout tan l nan travay legliz la;

10 Pou l okipe tout bagay yo daprè lalwa mwen yo nan lè m ap bay lalwa yo.

11 Epi, se poutèt kè l pi devan m, paske li tankou aNatanayèl nan tan lontan an, ki te san bfot la.

12 Nou resevwa pawòl sa yo, epi yo pi devan mwen; se poutèt sa, fè atansyon nan fason n ap respekte yo, paske n ap gen pou reponn sou nanm nou nan jou jijman an. Se konsa sa ye. Amèn.