Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 44


Seksyon 44

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la ak Sidney Rigdon te resevwa, nan Kirtland, Ohio, nan finisman Fevriye 1831. Yon fason konfòm avèk rekòmandasyon ki tabli a, Legliz la fikse pou yon konferans fèt bonè nan mwa Jen apre a.

1–3, Ansyen yo dwe rasanble nan konferans; 4–6, Yo dwe òganize daprè lalwa peyi a epi yo dwe pran swen pòv yo.

1 Gade, men sa Senyè a te di noumenm sèvitè m yo, li nesesè pou mwen pou nou konvoke ansyen yo ki nan Legliz mwen ansanm, soti nan lès ak nan lwès, epi soti nan nò ak nan sid, avèk yon lèt oubyen nan yon lòt fason.

2 Epi se pral konsa, toutotan yo fidèl, epi yo egzèse lafwa nan mwen, m ap vide aLespri m sou yo nan jou yo rasanble ansanm nan.

3 Epi se pral konsa yo prale nan rejyon alantou yo, pou yo apreche pèp la repantans.

4 Epi tèlman gen anpil k ap akonvèti, nou pral gen pouvwa pou nou òganize tèt nou bdapre lalwa lèzòm;

5 Pou aènmi nou yo pa gen pouvwa sou nou; pou nou kapab proteje nan tout bagay; pou nou kapab gen pouvwa pou nou respekte lalwa m yo; pou tout kòd kote ènmi yo chèche mare pèp mwen an kapab kase.

6 Gade, m di nou, nou dwe avizite pòv yo ak moun ki nan nesesite yo pou nou pote yo sekou, pou yo kapab soutni yo jistan tout bagay kapab fèt daprè lalwa m nan nou te resevwa a. Amèn.