Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 47


Seksyon 47

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, nan dat 8 Mas 1831. John Whitmer, ki te deja ap sèvi kòm grefye pou Pwofèt la, toudabò te ezite lè yo te mande l pou l te sèvi kòm istoryen ak sekretè, pou l te ranplase Oliver Cowdery. Li te ekri: “M ta prefere pa aksepte men pou volonte Senyè a ka fèt, epi si se sa l vle, m ta renmen pou l ta manifeste l atravè Joseph Vwayan an.” Lè Joseph Smith te resevwa revelasyon sa a, John Whitmer te aksepte epi li te sèvi nan ofis yo te aple l la.

1–4, Yo chwazi John Whitmer pou l redije istwa Legliz la epi pou l ekri pou Pwofèt la.

1 Gade, li nesesè pou mwen pou sèvitè m nan, John ekri epi pou l redije yon arapò regilye, epi pou l ede w, sèvitè m nan, Joseph, pou l transkri tout bagay ou resevwa yo, jistan li resevwa apèl pou lòt okipasyon yo.

2 Ankò, an verite m di ou, li kapab leve vwa li nan reyinyon yo tou, nenpòt kote sa nesesè.

3 Epi ankò, m di ou, l ap resevwa responsablite pou l kenbe rejis ak istwa legliz la tout tan; paske, m lonmen Oliver Cowdery nan yon lòt ofis.

4 Se poutèt sa, akonsolatè a ap enspire l, toutotan li fidèl, pou l ekri bagay sa yo. Se konsa sa ye. Amèn.