Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 49


Seksyon 49

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Sidney Rigdon, Parley P. Pratt, ak Leman Copley, nan Kirtland, Ohio, 7 Me 1831. Leman Copley te anbrase levanjil la, men, li te toujou kenbe kèk nan ansèyman Shakers yo (United Society of Believers in Christ’s Second Appearing [Sosyete Kwayan Inifye nan Dezyèm Aparisyon Kris la]), gwoup kote li te manm anvan an. Kèk nan kwayans Shakers yo fè konnen dezyèm Vini Kris la te deja fèt epi l te parèt sou fòm yon fanm, Ann Lee. Batèm nan dlo pa t konsidere kòm esansyèl. Yo te rejte maryaj epi yo te kwè nan yon lavi selibatè total. Kèk nan Shakers yo te entèdi pou manje vyann tou. Nan prefas revelasyon sa a, istwa Joseph Smith rapòte: “Pou m te kapab genyen [yon] konpreyansyon ki pi pafè sou sijè a, m te mande Senyè a epi m te resevwa bagay sa a.” Revelasyon an kontredi kèk nan kwayans prensipal gwoup Shakers la. Frè ki te site pi wo yo te pran yon kopi revelasyon an pote nan kominote Shakers yo (pre Cleveland, Ohio) epi yo te li l annantye ba yo, men yo te rejte l.

1–7, Moun p ap konnen jou ak lè aparisyon Kris la jistan L vini; 8–14, Lèzòm dwe repanti, kwè nan levanjil la, epi obeyi òdonans yo pou yo gen sali; 15–16, Se Bondye ki òdone maryaj; 17–21, Bondye apwouve pou moun manje vyann; 22–28, Siyon pral pwospere epi Lamanit yo pral fleri tankou yon flè woz anvan Dezyèm Aparisyon an.

1 Koute pawòl mwen, sèvitè m yo, Sidney, ak Parley, ak Leman; paske gade, an verite, m di nou, m ba nou yon kòmandman pou nou ale apreche levanjil mwen an nou te resevwa a bay Shakers yo jan nou te resevwa l la.

2 Gade, m di nou, yo vle konnen yon pati nan verite a, men, yo pa vle konnen tout, paske yo pa ajis devan mwen epi yo dwe repanti.

3 Se poutèt sa, m voye nou, sèvitè m yo, Sidney ak Parley, pou preche yo levanjil la.

4 Epi sèvitè m nan Leman dwe òdone pou travay sa a, pou l kapab rezone avèk yo, non pa daprè sa li te resevwa nan men yo, men, daprè sa nou pral aansenye l, sèvitè m yo; epi si l fè sa m ap beni l, san sa li p ap pwospere.

5 Se sa Senyè a di; paske m se Bondye, epi m te avoye Sèl Pitit Gason Literal mwen an nan mond lan pou bredanmsyon mond lan, epi m te dekrete pou fè konnen yon moun ki resevwa l l ap sove, epi yon moun ki pa resevwa l l ap cdane

6 Epi yo te aji menm avèk aPitit Gason Lòm nan jan yo te vle; epi li te pran pouvwa a bò kote bdwat claglwa li a, epi kounyeya l ap renye jistan l desann sou tè a pou l mete tout ènmi li yo danba pye l, nan yon tan ki pa lwen—

7 Mwen, Senyè Bondye a te di sa; men, pèsonn pa konnen lè a ak ajou a, ni zanj yo ki nan syèl la, ni tou yo p ap konnen jistan l vini.

8 Se poutèt sa, m vle pou tout moun repanti, paske tout moun aanba peche, eksepte sa m te rezève pou mwen yo, moun nou pa konnen men ki bsen yo.

9 Se poutèt sa, m di nou, m voye aalyans etènèl mwen an ba nou, menm sa ki te la depi nan kòmansman an.

10 Epi sa m te pwomèt la, mwen akonpli l, epi anasyon yo ki sou tè a pral bbese devan l; epi si yo pa fè l pou tèt pa yo, yo pral rabese, paske sa ki leve tèt li kounyeya pral desann cba pa fòs.

11 Se poutèt sa, m ba nou yon kòmandman pou nou aale pami pèp sa a, epi pou nou di yo, menm jan avèk ansyen apot mwen an, ki te rele, Pyè a:

12 Kwè nan non Senyè a Jezi, ki te sou tè a, epi ki dwe vini an, kòmansman an ak finisman an;

13 aRepanti epi batize nan non Jezikri, daprè kòmandman sen an, pou padon peche;

14 Epi nenpòt moun ki fè sa, l ap resevwa adon Sentespri a, pa mwayen enpozisyon bmen ansyen yo ki nan legliz la.

15 Epi ankò, an verite m di nou, nenpòt moun ki adefann moun marye, se pa Bondye ki òdone l, paske se Bondye ki òdone bmaryaj pou lòm.

16 Se poutèt sa, li legal pou lòm gen yon amadanm, epi yo de a dwe tounen yon bsèl kò, epi tout sa dwe fèt pou c a kapab reyalize objektif kreyasyon li;

17 Epi pou l kapab ranpli valè moun, daprè jan l te akreye banvan mond lan te fèt.

18 Epi nenpòt moun ki adefann bvyann, pou moun sa pa manje l, se pa Bondye ki òdone l;

19 Paske, gade, abèt ki nan chan ak zwazo yo ki anlè a, ak sa ki soti nan tè a, te prepare pou itilite lòm pou manje l ak rad li, pou l kapab genyen an abondans.

20 Men, yon moun pa dwe aposede plis pase yon lòt moun, se poutèt sa bmond lan kouche nan peche.

21 Epi malè yon moun ki fè akoule san oubyen ki gaspiye vyann san nesesite.

22 Epi ankò, an verite m di nou konsa, Pitit Gason Lòm nan p ap avini sou fòm yon fi, ni sou fòm yon gason k ap vwayaje sou tè a.

23 Se poutèt sa, pa kite moun atwonpe nou, men, kontinye rete tennfas, brete tann pou syèl la souke, epi pou tè a tranble epi pou l balanse pasi-pala tankou yon moun ki sou, epi pou cvale yo tounen mòn, epi pou dmòn yo vin plati, epi pou kote ki graj yo vin lis—epi tout sa lè zanj la sonnen etwonpèt li a.

24 Men, anvan gran jou Senyè a vini, aJakòb pral pwospere nan dezè a, epi Lamanit yo pral bfleri tankou yo flè woz.

25 Siyon pral apwospere sou bkolin yo epi l pral rejwi sou mòn yo, epi l pral rasanble ansanm nan kote m te tabli a.

26 Gade, m di nou, ale jan m te kòmande nou an; repanti pou tout peche nou yo; amande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou nou.

27 Gade, m prale devan nou epi se mwen k ap aavangad nou; epi m ap nan bmitan nou epi yo p ap nan ckonfizyon.

28 Gade, m se Jezikri, epi m ap avini rapid rapid. Se konsa sa ye. Amèn.