Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 52


Seksyon 52

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou ansyen yo ki nan Legliz la, nan Kirtland, Ohio, 6 Jen 1831. Yon konferans te fèt nan Kirtland, ki te kòmanse 3 epi ki te fini 6 Jen. Nan konferans sa a premye òdinasyon ofisyèl nan ofis gran prèt la te fèt, yo te dekouvri manifestasyon kèk fo lespri ki t ap desevwa moun yo epi yo te chase yo.

1–2, Konferans apre a te gen pou l fèt nan Missouri; 3–8, Kèk ansyen te chwazi pou yo kapab vwayaje ansanm; 9–11, Ansyen yo dwe ansenye sa apot yo ak pwofèt yo te ekri; 12–21, Moun Lespri a klere, yo pote fwi louwanj ak lasajès; 22–44, Anpil ansyen te chwazi pou y ale preche levanjil la pandan y ap vwayaje ale nan Missouri pou konferans la.

1 Gade, men sa Senyè a te di ansyen li te aaple epi li te chwazi yo, avèk vwa Lespri l—

2 Li di: Mwen menm Senyè a, m ap fè nou konnen sa m vle nou fè depi kounyeya jouk lè konferans apre a, ki pral fèt nan Missouri, sou a m pral bkonsakre pou pèp mwen an, ki se yon crès Jakòb, ak sa ki eritye yo daprè dalyans la.

3 Se poutèt sa, an verite m di nou, se pou sèvitè m yo Joseph Smith, pitit la, ak Sidney Rigdon fè yon vwayaj sito preparasyon kapab fèt pou yo kite kay yo, epi pou yo vwayaje ale nan peyi Missouri a.

4 Epi toutotan yo fidèl nan mwen, m ap fè yo konnen kisa yo dwe fè;

5 Epi toutotan yo fidèl, m ap fè yo konnen a eritaj yo a tou.

6 Epi si yo pa fidèl, m ap retranche yo, jan m vle, jan sa fè m plezi.

7 Epi ankò, an verite m di nou, se pou sèvitè m nan, Lyman Wight ak sèvitè m nan, John Corrill fè yon vwayaj rapid rapid;

8 Epi tou se pou sèvitè nan John Murdock, ak sèvitè m nan, Hyrum Smith, fè yon vwayaj ale menm kote a, men se nan chemen Detroit pou yo posse.

9 Epi se pou yo vwayaje nan kote sa a, pou yo preche pawòl la pandan yo sou wout la, pou yo pa di aokenn lòt pawòl eksepte sa bpwofèt yo ak apot yo te ekri yo, epi sa cKonsolatè a anseye yo pa mwayen priyè ki fèt avèk lafwa.

10 Se pou y ale ade moun ansanm, epi konsa se pou yo preche sou wout la nan chak asanble, batize moun nan bdlo, epi fè enpozisyon cmen bò kote dlo a.

11 Paske, Senyè a di, m ap wete sou alajistis ki nan travay mwen an, paske jou yo rive pou m voye jijman nan viktwa.

12 Epi se pou sèvitè m nan, Lyman Wight fè atansyon, paske Satan vle avannen l tankou pay.

13 Epi gade, yon moun ki afidèl, m ap fè l dirijan sou anpil bagay.

14 Epi ankò, m ap ba nou yon modèl nan tout bagay, pou nou pa egare; paske Satan tout kote sou tè epi l ale pou l twonpe nasyon yo.

15 Se poutèt sa, yon moun k ap priye, ki gen lespri akontri, moun sa a m baksepte l si l obeyi còdonans mwen yo.

16 Yon moun k ap pale, ki gen lespri kontri, ki gen langaj dou epi ki edifye moun, moun sa a se moun Bondye si l obeyi òdonans mwen yo.

17 Epi ankò, moun ki tranble anba pouvwa m, m ap fè l a, epi l ap pote fwi louwanj ak blasajès, daprè revelasyon ak verite m te ba nou yo.

18 Epi ankò, moun ki gen viktwa sou li epi ki pa apote fwi, menm daprè modèl sa a, li pa moun pa m.

19 Se poutèt sa, avèk modèl sa a n ap adisène lespri yo nan tout sitiyasyon tout kote.

20 Epi jou yo rive; daprè lafwa lèzòm sa ap afèt pou yo.

21 Gade, m bay kòmandman sa a pou tout ansyen m chwazi yo.

22 Epi ankò, an verite m di ou, se pou sèvitè m nan aThomas B. Marsh ak sèvitè m nan Ezra Thayre fè yon vwayaj tou, pou yo preche pawòl la pandan yo sou wout pou y ale nan menm peyi a.

23 Epi ankò, se pou sèvitè m nan Isaac Morley ak sèvitè m nan Ezra Booth fè yon vwayaj tou, pou yo preche pawòl la pandan yo sou wout pou ale nan menm peyi a.

24 Epi ankò, se pou sèvitè m yo aEdward Partridge ak Martin fè yon vwayaj avèk sèvitè m yo Sidney Rigdon ak Joseph Smith, pitit la.

25 Se pou sèvitè m yo David Whitmer ak Harvey Whitlock fè yon vwayaj tou, pou yo preche pandan yo sou wout pou ale nan menm peyi a.

26 Se pou sèvitè m yo aParley P. Pratt ak bOrson Pratt fè yon vwayaj, epi pou yo preche pandan yo sou wout pou ale nan menm peyi a.

27 Epi se pou sèvitè m yo Solomon Hancock ak Simeon Carter fè yon vwayaj nan menm peyi a tou, epi pou yo preche sou wout la.

28 Se pou sèvitè m yo Edson Fuller ak Jacob Scott fè yon vwayaj tou.

29 Se pou sèvitè m yo Levi W. Hancock ak Zebedee Coltrin fè yon vwayaj tou.

30 Se pou sèvitè m yo Reynolds Cahoon ak Samuel H. Smith fè yon vwayaj tou.

31 Se pou sèvitè m yo Wheeler Baldwin ak William Carter fè yon vwayaj tou.

32 Epi se pou sèvitè m yo aNewel Knight ak Selah J. Griffin òdone, epi pou yo fè yon vwayaj tou.

33 Wi an verite m di, se pou tout moun sa yo fè yon vwayaj ale nan menm kote a, yo chak sou wout pa yo, epi pèsonn pa dwe bati sou fondasyon yon alòt, ni vwayaje sou chemen yon lòt.

34 Yon moun ki fidèl, moun sa ap pwoteje epi l ap beni avèk anpil afwi.

35 Epi ankò, m di ou konsa, se pou sèvitè m yo, Joseph Wakefield ak Solomon Humphrey fè yon vwayaj ale nan zòn lès yo;

36 Se pou yo travay avèk fanmi yo, pou yo pa adeklare okenn lòt bagay eksepte pwofèt yo ak apot yo, bagay yo te b ak tande epi yo te asireman ckwè, pou pwofesi yo kapab akonpli.

37 Kòm konsekans poutèt transgresyon, se pou yo apran sa yo te akòde Heman Basset nan men l, epi pou yo mete l sou tèt Simonds Ryder.

38 Epi ankò, toutbon m di ou, se pou Jared Carter aòdone kòm prèt, epi se pou George James òdone kòm bprèt tou.

39 Se pou rès ansyen yo avoye je sou legliz yo, epi pou yo deklare pawòl la nan rejyon alantou yo; epi se pou yo travay avèk pwòp men pa yo pou moun pa pratike bidolatri ak mechanste.

40 Epi sonje apòv yo ak moun ki nan bbezwen yo nan tout bagay, moun ki malad ak moun ki aflije, paske yon moun ki pa fè bagay sa yo, moun sa pa disip mwen.

41 Epi ankò, se pou sèvitè m yo, Joseph Smith, pitit la, ak Sidney Rigdon ak Edward Partridge pran yon arekòmandasyon nan men legliz la pou yo pote avèk yo. Epi se pou sèvitè m nan, Oliver Cowdery jwenn youn tou.

42 Epi konsa, jan m te di a, si nou fidèl, n ap rasanble tèt nou ansanm pou nou rejwi sou tè aMissouri a, ki se b eritaj nou a, ki nan men ènmi nou yo kounyeya.

43 Men, gade, mwen menm Senyè a, m ap prese bati vil la nan tan l, epi m ap kouwone fidèl yo avèk alajwa epi avèk rejwisans.

44 Gade, m se Jezikri, Pitit Gason Bondye a, epi m ap aleve yo nan dènye jou a. Se konsa sa ye. Amèn.