Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 53


Seksyon 53

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Algernon Sidney Gilbert, nan Kirtland, Ohio, 8 Jen 1831. Sou demand Sidney Gilbert, Pwofèt la te mande Senyè a ki travay ak apèl Frè Gilbert nan Legliz la.

1–3, Apèl ak eleksyon Sidney Gilbert nan Legliz la se pou l òdone kòm yon ansyen; 4–7, Li dwe sèvi kòm yon jeran evèk tou.

1 Gade, m di ou, sèvitè m nan, Sidney Gilbert, m te tande priyè ou yo; epi ou te priye m pou Senyè Bondye ou la kapab fè ou konnen apèl ou ak aeleksyon ou nan legliz mwen menm Senyè Bondye m te leve nan dènye jou yo.

2 Gade, mwen menm Senyè a ki te akrisifye pou peche mond lan, m ba ou yon kòmandman pou w babandone mond lan.

3 Pran òdinasyon m nan sou ou, menm òdinasyon kòm yon ansyen an, pou ou preche lafwa ak repantans ak apadon pou peche, daprè pawòl mwen, ak resepsyon Sentespri a anba enpozisyon bmen;

4 Epi tou pou ou kapab yon ajeran pou legliz sa a nan kote evèk la tabli, daprè kòmandman m pral bay apre sa.

5 Epi ankò, toutbon m di ou, ou dwe fè yon vwayaj avèk sèvitè m yo Joseph Smith, pitit la, ak Sidney Rigdon.

6 Gade, sa yo se premye òdonans ou pral resevwa; epi m pral fè ou konnen rès yo nan yon tan ki pral vini, daprè travay ou nan jaden m nan.

7 Epi ankò, m ta vle ou aprann, se sèlman yon moun ki apèsevere jiska lafen ki sove. Se konsa sa ye. Amèn.