Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 55


Seksyon 55

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou William W. Phelps, nan Kirtland, Ohio, 14 Jen 1831. William W. Phelps, yon enprimè, te fèk rive nan Kirtland ansanm ak fanmi l, epi Pwofèt la te chèche enfòmasyon kònsènan li nan men Senyè a.

1–3, William W. Phelps te resevwa apèl epi yo chwazi l pou l batize, pou l òdone kòm ansyen, epi pou l preche levanjil la; 4, Li dwe ekri yon liv pou timoun yo ki nan lekòl Legliz la tou; 5–6, Li dwe vwayaje ale nan Missouri, ki se zòn travay li a.

1 Gade, Senyè a di ou, sèvitè m nan, William, wi, menm Senyè tout a a, ou aple epi ou chwazi; epi apre ou fin bbatize nan dlo, si ou fè sa sèlman pou laglwa mwen, w ap gen padon pou peche ou yo epi w ap resevwa Sentespri a anba enpozisyon cmen;

2 Epi apre sa w ap òdone anba men sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, kòm yon ansyen nan legliz sa a, pou ou preche repantans ak apadon pou peche pa mwayen batèm nan non Jezikri, Pitit Gason Bondye vivan an.

3 Epi sou nenpòt moun ou enpoze men ou, si yo kontri devan mwen, w ap gen pouvwa pou ou ba yo Sentespri a.

4 Epi ankò, ou pral òdone pou ou ede sèvitè m nan, Oliver Cowdery pou ou fè travay enprime a, ak seleksyone epi ekri aliv pou lekòl nan legliz sa a, pou timoun piti kapab resevwa enstriksyon devan mwen jan sa fè m plezi.

5 Epi ankò, an verite m di ou, se pou rezon sa ou pral fè yon vwayaj avèk sèvitè m yo, Joseph Smith, pitit la, ak Sidney Rigdon, pou ou kapab aplante nan peyi eritaj ou a pou ou fè travay sa a.

6 Epi ankò, se pou sèvitè m nan, Joseph Coe fè yon vwayaj avèk yo tou. M ap fè konnen rès la apre sa, jan m vle. Amèn.