Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 56


Seksyon 56

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 15 Jen 1831. Revelasyon sa a reprimande Ezra Thayre paske li pa t obeyi yon premye revelasyon (“kòmandman” ki mansyone nan vèsè 8 la), ke Joseph Smith te resevwa pou li, ki te bay Thayre enstriksyon sou devwa li nan fèm Frederick G. Williams nan, kote l t ap viv. Revelasyon an anile apèl Thayre te resevwa pou l ta vwayaje al Missouri avèk Thomas B. Marsh la (gade nan seksyon 52:22).

1–2, Sen yo dwe pran kwa yo epi suiv Senyè a pou yo kapab jwenn sali; 3–13, Senyè a kòmande epi l revoke, epi moun ki dezobeyisan yo retranche; 14–17, Malè pou moun rich ki pa vle ede moun pòv yo, epi malè pou moun pòv ki pa gen kè brize yo; 18–20, Moun pòv ki gen kè pwòp yo beni, paske yo pral eritye tè a.

1 Senyè Bondye ou la di: Koute, O, pèp ki adeklare non mwen; paske gade, kòlè m limen kont moun ki rebèl yo, epi y ap konnen ponyèt mwen ak endiyasyon m, nan jou bvizit ak kòlè sou nasyon yo.

2 Epi yon moun ki pa pran akwa l pou l bsuiv mwen, epi pou l respekte kòmandman m yo, li p ap sove.

3 Gade, mwen menm Senyè a, m kòmande; epi yon moun ki pa vle aobeyi, l ap bretranche nan tan pa mwen, apre m fin kòmande epi kòmandman nan vyole.

4 Senyè a di: Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, m kòmande epi m arevoke, jan lide m di m; epi tout sa pral tonbe sou tèt moun ki brebèl yo.

5 Se poutèt sa, m revoke kòmandman m te bay sèvitè m yo, aThomas B. Marsh ak Ezra Thayre, epi m bay sèvitè m nan, Thomas, yon nouvo kòmandman pou l vwayaje rapid rapid ale nan peyi Missouri a, epi sèvitè m nan Selah J. Griffin dwe ale avèk li.

6 Paske gade, m revoke kòmandman m te bay sèvitè m yo, Selah J. Griffin ak Newel Knight, kòm konsekans poutèt kou rèd pèp mwen an ki nan Thompson nan ak rebelyon yo.

7 Se poutèt sa, se pou sèvitè m nan, Newel Knight rete avèk yo; epi tout moun ki gen kè kontri devan mwen ki vle ale, yo mèt ale, pou l dirije yo nan peyi m te tabli a.

8 Epi ankò, anverite m di nou, sèvitè m nan, Ezra Thayre dwe repanti nan alògèy li, ak egoyis li, epi pou l obeyi premye kòmandman m te ba li konsènan kote li abite a.

9 Epi si l fè sa, kòm p ap gen okenn divizyon ki pral fèt sou tè a, l ap toujou lonmen pou l ale nan peyi Missouri a;

10 Senyè Bondye tout Lame a yo di, si se pa sa l ap resevwa lajan l te peye a, l ap kite kote a epi l ap aretranche nan Legliz mwen an.

11 Epi menm si syèl la ak tè a pase, pawòl sa yo p ap apase, men, y ap akonpli.

12 Epi si sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, dwe peye lajan an, gade, mwenmenm Senyè a, m ap peye l li ankò nan peyi Missouri a pou moun li resevwa lajan nan men yo a kapab rekonpanse ankò daprè sa yo fè;

13 Paske y ap resevwa daprè sa yo fè, y ap menm resevwa tè pou eritaj yo.

14 Gade, Senyè a di pèp li a—nou gen anpil bagay pou nou fè ak anpil repantans pou nou fè; paske gade, peche nou yo te rive kote m, epi yo pa t padone, paske n t ap chèche bay tèt nou akonsèy.

15 Epi kè nou pa satisfè. Epi nou pa obeyi verite a, men, nou pran aplèzi nan enjistis.

16 Malè pou nou, moun arich yo ki pa bbay moun cpòv yo nan byen yo, paske drichès nou yo pral wouye nanm nou; epi gade se ou nan jou vizit la, ak jijman an, ak endiyasyon, an nou pral plenyen: eRekòt la pase, l ete a fini, epi nanm mwen pa sove!

17 Malè pou nou menm moun aki pòv, ki pa gen kè brize, ki pa gen lespri kontri, epi vant nou pa satisfè, epi men nou pa sispann tonbe sou byen lòt moun, je nou chaje avèk bavaris, epi nou pa vle travay avèk pwòp men pa nou!

18 Men, moun ki apòv ki gen kè pwòp yo, ki gen kè bbrize yo, ki gen lespri kontri yo beni, paske y ap wè cwayòm Bondye a vini avèk pouvwa epi avèk gwo laglwa pou delivrans yo; paske grès d a pral pou yo.

19 Paske gade, Senyè a pral vini, epi arekonpans li avèk li, epi li pral rekonpanse chak moun, epi moun pòv yo pral rejwi;

20 Epi jenerasyon moun pòv yo pral aeritye tè a depi yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon, pou tout tan. Epi kounyeya m fin pale avèk nou. Se konsa sa ye. Amèn.