Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 60


Seksyon 60

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Independence, Konte Jackson, Missouri, 8 Out 1831. Nan okazyon sa a, ansyen yo ki te vwayaje al nan Konte Jackson pou yo te patisipe nan konsekrasyon tè a ak anplasman tanp lan te vle konnen kisa pou yo te fè.

1–9, Ansyen yo dwe preche levanjil la nan asanble mechan yo; 10–14, Yo pa dwe gaspiye tan yo, ni antere talan yo; 15–17, Yo dwe lave pye yo kòm yon temwayaj kont moun ki rejte levanjil la.

1 Senyè a di ansyen yo ki nan legliz li a, ki dwe retounen rapid rapid kote yo te soti a, gade, sa fè m plezi nou te vini isit la;

2 Men, m pa kontan avèk kèk moun, paske yo pa vle louvri abouch yo, men, yo bkache talan m te ba yo, poutèt yo c moun. Malè pou moun konsa, paske kòlè mwen limen kont yo.

3 Epi se pral konsa, si yo pa pi fidèl devan mwen, m ap apran menm sa yo genyen an.

4 Paske, mwenmenm Senyè a, m dirije anlè nan syèl la epi pami alame yo ki sou tè a; epi nan jou lè m ap prepare bbijou m yo tout moun pral konnen kisa pouvwa Bondye vle di.

5 Men, anverite, m ap pale nou konsènan vwayaj nou nan peyi kote nou te soti a. Fè yon kannòt oubyen achte youn, jan lide nou di nou, sa pa fè okenn diferans pou mwen, epi fè yon vwayaj rapid rapid ale nan kote ki rele St. Louis a.

6 Epi sa pou sèvitè m yo, Sidney Rigdon, Joseph Smith, pitit la, ak Oliver Cowdery al fè vwayaj yo a Cincinnati;

7 Epi nan kote sa a, se pou yo leve vwa yo pou yo deklare pawòl mwen yo avèk yon vwa fò, san kòlè epi san doute, pou yo leve men yo ki sen bay moun sa yo. Paske m kapab fè nou asen epi peche nou yo bpadone.

8 Epi se pou rès la kite Missouri, de pa de, pou yo preche pawòl la, san yo pa prese, pami asanble mechan yo, jistan yo retounen nan legliz kote yo te soti yo.

9 Pou yo fè tout sa pou byen legliz yo; paske se nan entansyon sa a m te voye yo.

10 Epi se pou sèvitè m nan, aEdward Partridge pataje nan lajan m te ba li a, pou l bay ansyen yo ki te gen kòmandman pou yo retounen yo yon pòsyon;

11 Epi yon moun ki kapab, se pou l voye l tounen pa mwayen ajan an; yon moun ki pa kapab, li pa bezwen voye l tounen.

12 Epi kounyeya, m ap pale konsènan rès moun ki pral vini nan tè sa a.

13 Gade, m te voye yo pou yo preche levanjil mwen an pami asanble mechan yo; se poutèt sa, m ba yo yon kòmandman, konsa: Nou pa dwe agaspiye tan nou, ni tou nou pa dwe antere btalan nou pou moun pa konnen l.

14 Epi lè nou fin monte nan tè Siyon an, epi nou fin pwoklame pawòl mwen an, nou dwe retounen rapid rapid pou nou pwoklame pawòl mwen an pami asanble mechan yo, pa twò prese, ni an akòlè ni avèk diskisyon.

15 Epi souke apousyè soti nan pye nou kont moun ki pa resevwa nou, pa nan prezans yo, pou nou pa pwovoke yo, men, an prive; epi lave pye nou kont yo nan jou jijman an.

16 Gade, sa a ase pou nou, epi se volonte moun ki te voye nou an.

17 Epi pa mwayen bouch sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, m ap pale konsènan Sidney Rigdon ak Oliver Cowdery. Pou rès la, se ap apre sa. Se sa menm. Amèn.