Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 61


Seksyon 61

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, bò rivaj Rivyè Missouri a, McIlwaine’s Bend, 12 Out 1831. Lè yo t ap retounen ale Kirtland, Pwofèt la ak dis ansyen te vwayaje desann sou Rivyè Missouri a nan kannòt. Nan twazyèm jou vwayaj la, yo te rankontre anpil danje. Nan yon vizyon Ansyen William W. Phelps te fè gwo lajounen, li te wè destriktè a ki t ap sikile avèk pouvwa sou sifas dlo yo.

1–12, Senyè a dekrete anpil destriksyon sou dlo yo; 13–22, Jan te modi dlo yo epi destriktè a sikile sou sifas yo; 23–29, Gen moun ki gen pouvwa pou yo kòmande dlo yo; 30–35, Ansyen yo dwe vwayaje de pa de pou yo preche levanjil la; 36–39, Yo dwe prepare pou vini Pitit Gason Lòm nan.

1 Gade, epi koute vwa moun ki gen tout apouvwa a, ki kòmanse depi nan letènite jouk nan letènite, sa vle di bAlfa ak Omega, kòmansman ak finisman an.

2 Senyè a di nou, gade, an verite, noumenm ansyen yo ki nan legliz mwen an, ki rasanble nan lokalite sa a, ki gen peche nou yo padone kounyeya, paske mwenmenm Senyè a, m apadone peche yo, epi m gen bmizèrikòd pou moun ki ckonfese peche yo avèk yon kè enb;

3 Men, an verite m di nou, li pa nesesè pou tout konpayi ansyen m yo ki la a deplase rapid rapid sou dlo yo, pandan abitan yo ki nan chak bò ap peri nan enkredilite.

4 Men, m kite sa fèt pou nou kapab rann temwayaj; gade, gen anpil danje sou dlo yo, epi gen plis espesyalman apre sa;

5 Paske, mwenmenm Senyè a, nan kòlè mwen, m dekrete anpil destriksyon sou dlo yo; wi, espesyalman sou dlo sa yo.

6 Men, tout kò fizik nan men mwen epi yon moun ki fidèl pami nou li p ap peri nan dlo yo.

7 Se poutèt sa, li nesesè pou sèvitè m nan Sidney Gilbert ak sèvitè m nan aWilliam W. Phelps prese nan komisyon ak misyon yo a.

8 Men, m pa t vle kite nou separe jistan nou pa t achatye pou tout peche nou yo, pou nou fè yon sèl, pou nou kapab pa peri nan bmechanste;

9 Men kounyeya, an verite m di, li nesesè pou nou separe. Se poutèt sa, se pou sèvitè m yo Sidney Gilbert ak William W. Phelps pran ansyen konpayi yo a, epi pou yo fè yon vwayaj rapid pou yo kapab akonpli misyon yo a, epi pa mwayen lafwa, y ap gen viktwa;

10 Epi toutotan yo fidèl, y ap prezève, epi gade, mwenmenm Senyè a, m ap avèk yo.

11 Epi se pou rès moun yo pran sa ki nesesè pou yo abiye.

12 Se pou sèvitè m nan, Sidney Gilbert pran sa ki pa nesesè avèk li, jan nou ta dakò.

13 Epi kounyeya, gade, pou abyen nou m ba nou yon bkòmandman konsènan bagay sa yo; epi mwen menm Senyè a, m ap rezone avèk nou menm jan avèk moun nan tan lontan.

14 Gade, mwen menm Senyè a, m te beni adlo yo nan kòmansman, men, nan dènye jou yo, pa mwayen bouch sèvitè m nan, Jan, m te bmodi dlo yo.

15 Se poutèt sa, gen yon jou k ap vini, pèsonn p ap an sekirite sou dlo yo.

16 Epi nan jou k ap vini yo, moun pral di pèsonn pa kapab monte nan peyi Siyon an sou dlo yo, eksepte moun ki gen bon kè.

17 Epi menm jan mwen menm Senyè a, m te amodi tè a nan kòmansman an, se konsa m beni l nan dènye jou yo, nan tan li, pou itilite sen m yo, pou yo kapab jwenn nan grès li.

18 Epi kounyeya, m ba nou yon kòmandman, pou sa m di yon moun, m di tout moun li, pou nou kapab avèti frè nou yo konsènan dlo sa yo, pou yo kapab pa vwayaje sou yo, pou lafwa yo pa febli epi pou yo pa tonbe nan pyèj;

19 Mwen menm Senyè a, m dekrete, epi destriktè a sikile sou sifas dlo yo, epi m pa wete dekrè a.

20 Mwen menm Senyè a, m te fache avèk nou yè, men, jodi a kòlè m nan detounen.

21 Se poutèt sa, se pou moun m te pale yo, ki te dwe vwayaje rapid rapid yo—m di nou ankò, se pou yo vwayaje rapid rapid.

22 Epi pou mwen, se pa enpòtan, apre yon ti tan, si y ale sou dlo oubyen atè, depi yo ranpli misyon yo; apre sa kite yo itilize jijman pa yo daprè konesans m te ba yo.

23 Epi kounyeya, konsènan sèvitè m yo, Sidney Rigdon, Joseph Smith, pitit la, ak Oliver Cowdery, se pou yo pa ale sou dlo yo ankò, eksepte sou kanal la, pandan y ap vwayaje ale lakay yo; m vle di, yo pa dwe monte sou dlo yo pou yo vwayaje eksepte sou kanal la.

24 Gade, mwen menm Senyè a, m te tabli yon fason pou sen m yo vwayaje; epi gade, se wout la—apre yo fin kite kanal la, yo dwe vwayaje atè, toutotan yo gen kòmandman pou yo vwayaje pou yo monte nan peyi Siyon an;

25 Epi yo dwe fè tankou pitit Izrayèl yo, pou yo aplante tant yo pandan yo sou wout la.

26 Epi gade, bay tout frè nou yo kòmandman sa a.

27 Men, moun ki resevwa apouvwa pou l kòmande dlo yo, l ap gen pouvwa pa lantremiz Lespri a pou l konnen tout wout li yo;

28 Se poutèt sa, se pou l fè jan Lespri Bondye vivan an kòmande l, menm si se sou tè oubyen sou dlo, jan m vle fè apre sa.

29 Epi m ba nou wout pou sen yo, oubyen chemen pou sen ki nan kan Senyè a yo vwayaje.

30 Epi ankò, an verite m di nou, sèvitè m yo, Sidney Rigdon, Joseph Smith, pitit la, ak Oliver Cowdery pa dwe louvri bouch yo nan asanble mechan yo jistan yo rive nan Cincinnati;

31 Epi nan kote sa a, yo dwe leve vwa yo devan Bondye kont pèp sa a, wi, devan sila a ki gen kòlè l limen kont mechanste yo, yon pèp ki prèske byen ami pou destriksyon.

32 Epi soti nan kote sa a, se pou yo vwayaje ale nan asanble frè yo, paske travay yo pi nesesè ankò pami frè yo pase pami asanble mechan yo.

33 Epi kounyeya, konsènan rès moun yo, se pou yo vwayaje epi pou yo adeklare pawòl la pami asanble mechan yo, toutotan yo resevwa l;

34 Epi toutotan yo fè sa, y ap apirifye rad yo, epi y ap san tach devan m.

35 Epi se pou yo vwayaje ansanm, oubyen adepade, jan yo vle, sèlman se pou sèvitè m nan Reynolds Cahoon, ak sèvitè m nan Samuel H. Smith ki fè m plezi, yo pa separe jistan yo retounen lakay yo, epi se nan yon objektif mwen jije ki saj.

36 Epi kounyeya, an verite m di nou, epi sa m di youn, m di tout moun, fè kè nou kontan, atimoun piti m yo; paske m nan bmitan nou, epi m pa cabandone nou;

37 Epi toutotan nou gen imilite devan mwen, benediksyon awayòm nan yo se pou nou.

38 Mare senti nou, aveye epi kenbe tèt nou serye, tann vini Pitit Gason Lòm nan, paske l ap vini nan yon lè nou pa panse.

39 aPriye tout tan pou nou pa tonbe nan btantasyon, pou nou kapab sipòte jou vini li a, menm si se nan lavi oubyen nan lanmò. Se konsa sa ye. Amèn.