Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 62


Seksyon 62

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, sou rivaj Rivyè Missouri a nan Chariton, Missouri, 13 Out 1831. Nan jou sa a, Pwofèt la ak gwoup li a ki te sou wout Independence pou ale Kirtland, te rankontre plizyè ansyen ki te sou wout yo pou y ale nan peyi Siyon an, epi, apre bèl salitasyon, li te resevwa revelasyon sa a.

1–3, Temwayaj yo anrejistre nan syèl la; 4–9, Ansyen yo dwe vwayaje pou yo preche daprè jijman yo epi daprè jan Lespri a dirije yo.

1 Senyè Bondye nou an di, gade epi koute, o, noumenm ansyen yo ki nan legliz mwen an, Jezikri menm, aavoka nou an, ki konnen feblès lòm epi ki konnen kòman pou l pote bsekou bay sila yo ki anba ctantasyon.

2 Epi an verite, je mwen sou moun yo ki pa t ko monte nan peyi Siyon an; se poutèt sa misyon nou pa t ko fin akonpli.

3 Men, nou beni, paske atemwayaj nou te rann nan banrejistre pou zanj yo wè yo; epi yo rejwi poutèt nou epi cpeche nou yo padone.

4 Epi kounyeya, kontinye vwayaj nou. Reyini nou sou tè aSiyon an; epi fè yon reyinyon epi rejwi ansanm, epi prezante Bondye Ki Pi Wo a yon ofrann.

5 Epi apre sa nou kapab retounen rann temwayaj, wi sa vle di ansanm, oubyen de pa de, jan nou vle, sa pa fè m anyen; sèlman nou dwe fidèl, epi adeklare bon nouvèl devan abitan yo ki sou tè a, oubyen pami asanble mechan yo.

6 Gade, mwenmenm Senyè a, m te mete nou ansanm pou pwomès la kapab akonpli, pou moun ki fidèl pami nou yo kapab prezève epi pou yo rejwi ansanm nan tè Missouri a. Mwen menm Senyè a, m pwomèt moun ki fidèl yo epi m apa kapab manti.

7 Mwenmenm Senyè a, m dispoze, si nenpòt moun pami nou vle monte sou cheval oubyen sou milèt, oubyen sou charyo, l ap resevwa benediksyon sa a, si l resevwa li nan men Senyè a, avèk yon kè arekonesan nan tout bagay.

8 Bagay sa yo rete nan men nou pou nou fè yo daprè jijman ak direksyon Lespri a.

9 Gade, awayòm nan se pou nou. Epi gade, m bavèk fidèl yo tout tan. Se konsa sa ye. Amèn.