Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 64


Seksyon 64

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou ansyen yo ki nan Legliz la, nan Kirtland, Ohio, 11 Septanm 1831. Pwofèt la te prepare pou l demanaje ale nan Hiram, Ohio, pou l renouvle travay li nan tradiksyon Bib la, tradiksyon li te mete sou kote pandan l te nan Missouri. Yon gwoup frè ki te gen kòmandman pou yo vwayaje ale nan Siyon (Missouri) te angaje seryezman nan fè preparasyon pou yo pati an Oktòb. Nan tan okipasyon sa a, yo te resevwa revelasyon an.

1–11, Sen yo gen kòmandman pou youn padone lòt, pou yon pi gwo peche pa rete nan yo; 12–22, Yo dwe mennen moun ki pa repanti yo devan Legliz la; 23–25, Yon moun ki peye ladim, li p ap boule nan vini Senyè a; 26–32, Senyè a te avèti sen yo kont dèt; 33–36, Moun ki rebèl yo pral retranche soti nan Siyon; 37–40, Legliz la pral jije nasyon yo; 41–43, Siyon pral pwospere.

1 Senyè Bondye nou an di nou, gade, O, noumenm ansyen yo ki nan legliz mwen an, koute epi tande, epi resevwa volonte m konsènan noumenm.

2 Paske an verite m di nou, m vle nou agen viktwa sou mond lan; se poutèt sa m ap gen bkonpasyon pou nou.

3 Gen moun pami nou ki fè peche; men, an verite m di, pou fwa sa a, poutèt alaglwa pa m, epi pou sali nanm yo, m bpadone peche nou yo.

4 M ap gen mizèrikòd pou nou, paske m ba nou wayòm nan.

5 Epi m p ap wete akle mistè wayòm nan nan men sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, pa mwayen m te tabli yo, pandan l ap viv la, toutotan li obeyi bòdonans mwen yo.

6 Gen moun ki chèche akizasyon kont li san kòz;

7 Men, li te fè peche; sepandan, m di nou, mwenmenm Senyè a, m apadone peche moun ki bkonfese peche yo devan m epi ki mande padon, ki pa t peche pou clanmò.

8 Disip mwen yo nan tan lontan te chèche aakizasyon youn kont lòt, epi yo pa t padone youn lòt nan kè yo; epi poutèt mal sa a, yo te aflije epi m te bchatye yo anpil.

9 Se poutèt sa, m di nou, nou dwe apadone youn lòt; paske yon moun ki pa bpadone peche frè l, li kondane devan Senyè a; paske pi gwo peche a rete nan li.

10 Mwenmenm Senyè a, m ap apadone moun m vle padone, men, pou nou menm se yon egzijans pou nou bpadone tout moun.

11 Epi nou dwe di nan kè nou—se pou Bondye ajije ant mwen menm avèk nou, epi pou l rekonpanse nou daprè bzèv nou yo.

12 Epi yon moun ki pa repanti nou peche l yo, epi ki pa konfese yo, nou dwe mennen l devan alegliz la, epi trete l jan ekriti yo di nou, daprè kòmandman oubyen daprè revelasyon.

13 Epi nou dwe fè sa pou Bondye kapab glorifye—se pa paske nou pa padone moun, paske nou pa gen konpasyon, men, pou nou kapab jistifye devan je lalwa, pou nou kapab pa ofanse moun ki te ba nou lalwa a—

14 An verite m di, se pou rezon sa a nou dwe fè bagay sa yo.

15 Gade, mwenmenm Senyè a, m te fache kont moun ki te sèvitè m nan, Ezra Booth, ak sèvitè m nan, Isaac Morley, paske yo pa t respekte lalwa a, ni kòmandman an;

16 Yo te chèche move bagay nan kè yo, epi mwen menm Senyè a, m te wete Lespri m. Yo te akondane bagay ki pa t move; men, m padone sèvitè m nan, Isaac Morley.

17 Epi tou sèvitè m nan aEdward Partridge, gade li te fè peche, epi bSatan ap chèche detwi nanm li; men, lè m fè yo konnen bagay sa yo epi yo repanti pou mal la, m ap padone yo.

18 Epi kounyeya, an verite, m di, li nesesè pou sèvitè m nan, Sidney Gilbert, apre kèk semèn, retounen nan travay li, ak nan responsablite li nan peyi Siyon an;

19 Epi pou l fè disip yo konnen sa l te wè ak sa l te tande, pou yo pa peri. Epi se pou rezon sa a m te pale bagay sa yo.

20 Epi ankò, m di ou, sèvitè m nan Isaac Morley pa dwe atante plis pase sa li kapab sipòte, epi pou l konseye nan yon move fason, m te bay kòmandman pou vann fèm li a.

21 M pa vle sèvitè m nan, Frederick G. Williams vann fèm li a, paske mwenmenm Senyè a, m vle gen yon gwo ranfò nan peyi Kirtland nan pou yon peryòd senk lane, pandan tan sa a m p ap chavire mechan yo, pou m kapab sove kèk ladan yo.

22 Epi apre jou sa a, mwenmenm Senyè a, m p ap sonje aerè okenn moun ki monte nan peyi Siyon avèk yon kè ouvè; paske mwenmenm Senyè a, m reklame b pitit lèzòm yo.

23 Gade, sa m rele ajodi a, se peryòd ki separe nou avèk bvini Pitit Gason Lòm nan, epi an verite se yon jou pou csakrifis, epi yon jou pou ladim pèp mwen an; paske yon moun ki dpeye ladim li p ap eboule lè l vini.

24 Paske apre jodi a pral gen adife—sa se daprè pawòl Senyè a—paske an verite m di konsa, demen tout blògey yo ak moun ki fè mechanste yo pral tankou pay; epi m pral boule yo, paske m se Senyè tout Lame yo; epi m p ap epanye okenn moun ki rete nan cBabilòn.

25 Se poutèt sa, si nou kwè m n ap travay pandan l jodi a.

26 Epi li pa nesesè pou sèvitè m yo, aNewel K. Whitney ak Sidney Gilbert ta vann bmagazen yo ak posesyon yo isit la; paske se pa saj jistan rès manm legliz yo ki rete nan kote sa a monte nan peyi Siyon an.

27 Gade, sa byen di nan lalwa mwen yo, oubyen li entèdi pou nou fè adèt nan men ènmi nou yo;

28 Men gade, pa gen anyen ki di nenpòt lè Senyè a pa dwe pran lè lide l di l, epi peye jan l vle.

29 Se poutèt sa, kòm nou se ajan, nou nan sèvis Senyè a; epi nenpòt bagay nou fè daprè volonte Senyè a se travay Senyè a.

30 Epi li voye nou pou nou pran swen sen li yo nan dènye jou sa yo, pou yo kapab jwenn yon aeritaj nan peyi Siyon an.

31 Epi gade, mwenmenm Senyè a m deklare nou, epi apawòl mwen yo asire, yo p ap bmanke, y ap resevwa l.

32 Men, tout bagay dwe fèt nan tan pa yo.

33 Se poutèt sa, pa asispann fè byen, paske n ap poze fondasyon yon gwo travay, epi se nan bti bagay, sa ki gran soti.

34 Gade, Senyè a avle yon b ak yon panse ki gen bon volonte; epi moun ki gen bon volonte epi ki cobeyisan pral manje bon bagay ki nan tè Siyon an nan dènye jou sa yo.

35 Epi arebèl yo pral bretranche nan tè Siyon an, m pral voye yo ale epi yo p ap eritye tè a.

36 Paske, an verite m di, moun ki rebèl yo pa fè pati san aEfrayim, se poutèt sa yo pral derasinen.

37 Gade, mwenmenm Senyè a, m te fè legliz mwen an nan dènye jou yo tankou yon jij ki chita sou yon kolin, oubyen sou yon kote ki wo pou l jije nasyon yo.

38 Paske se pral konsa, abitan Siyon yo pral ajije tout bagay ki gen rapò avèk Siyon.

39 Epi yo pral sonde mantè yo ak ipokrit yo, epi moun pral konnen sa ki pa aapot ak pwofèt yo.

40 Epi menm aevèk si la a ki se yon bjij, ak konseye l yo, si yo pa fidèl nan cresponsablite yo, y ap kondane, epi dlòt moun pral chita nan plas yo.

41 Paske, gade, m di nou, aSiyon pral pwospere, epi blaglwa Senyè a pral sou li;

42 Epi l ap yon aanblèm pou pèp yo, epi moun pral soti nan chak nasyon anba syèl la pou vini ladan l.

43 Epi jou a pral vini pou nasyon yo ki sou a a tranble poutèt li, epi yo pral gen lakrent poutèt moun tèrib li yo. Senyè a te di sa. Amèn.